Canalblog
Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
9 février 2024

6e Dimanch Òdinè B - Konfyans ak imilite, se gwo zàm...

6e Dimanch Òdinè B - Konfyans ak imilite, se gwo zàm...
Meditasyon pou sizyèm Dimanch Òdinè B « Si w vle, Ou ka geri m ! » (Mak 1,40-45) Demand sila, se yon moun an detrès ki te fè l bò kote Jezi. Yon moun ki te majinalize paske yon maladi ki pat gen gerizon te afèkte li. Maladi sa se te lalèp. Daprè ansyen...
Publicité
2 février 2024

5e Dimanch tan Òdinè Ane B - Gerizon Bèlmè Simon-Pyè

5e Dimanch tan Òdinè Ane B - Gerizon Bèlmè Simon-Pyè
Kite bezwen lòt yo deranje nou ! (Mak 1,29-39) Zanmi m yo, nou sonje Dimanch pase kijan sen Mak te fè yon bilan pou nou sou kòman sa te pase nan premye jou ministè piblik Jezi : Jezi t ap di anpil gwo koze epi li tap fè anpil mirak ; moun yo te sezi anpil...
26 janvier 2024

4è Dimanch OT - Fè atansyon ak pawòl flatè

4è Dimanch OT - Fè atansyon ak pawòl flatè
4è Dimanch OT | Mak 1, 21-28 Pasaj Levanjil jodi a fè m sonje listwa Boustabak la, sa nou rele, nan langaj fransè, « Kòbo a ak Rena a. » Nou sonje se Jean de la Fontaine, yon Fabilis fransè nan epòk klasik la ki te ekri l. La Fontaine te konn pran plezi...
19 janvier 2024

3è Dimanch Tan Senp B - Yon Bèl Vokasyon

3è Dimanch Tan Senp B - Yon Bèl Vokasyon
3è Dimanch Tan Senp, ane B Yon Bèl Vokasyon – Mak 1 :14-20 Depi tout tan ak tout kote, te toujou gen prensip nan tout fanmi ; sa vle di : te toujou gen sa timoun yo gen dwa fè, ak sa yo pa gen dwa menm janm oze fè. Mwen menm tou, te plen bagay paran m...
12 janvier 2024

Dezyèm Dimanch Òdinè B - Kisa Nap Chèche?

Dezyèm Dimanch Òdinè B - Kisa Nap Chèche?
Kisa n nap chèche ? (Jan 1, 35-42) Nan kè moun, nan tout epòk ak nan tout peyi, gen yon swaf ki enstale li. Anpil fwa, nou al chèche pase swaf sa nan sous ki pa kapab satisfè nou vrèman, paske nou pa byen konnen kisa nou swaf tout bon. Anpil nan disip...
Publicité
29 décembre 2023

Dimanch La Sent Fanmiy

Dimanch La Sent Fanmiy
Lik 2, 22.39-40 Frèm ak sèm yo, pwobableman tout radyo, tout televizyon deja sispann pase mizik Nwèl. Epoutan nan Legliz la, nou kontinye ap savoure kè kontan gwo evénman sa a. Nou kontinye ap chante « Glorya viv Bondye nan syèl la, kè poze sou tè a pou...
21 décembre 2023

4yèm Dimanch Lavan B - Bondye ap chèche yon kay

4yèm Dimanch Lavan B - Bondye ap chèche yon kay
4yèm Dimanch Lavan B - Bondye ap chèche yon kay – Lik 1, 26-38 Depi nan kòmansman tan an, moun, lidè tribi, ofisyèl, wa, anperè, prezidan, enstitisyon, te toujou konn rankontre pou yon rezon ou yon lòt; men pa gen youn nan rankont sa yo, kèlkeswa kote...
15 décembre 2023

3e Dimanch Lavan B - Gaudete – Kè Kontan

3e Dimanch Lavan B - Gaudete – Kè Kontan
Jan 1,6–8.19–28 Frèm ak sèm yo, nan okazyon twazyèm Dimanch Lavan B a, tout moso Labib yo mete ansanm pou envite nou pran yon sèl atitid : fè kè nou kontan. Dayè, se non 3e Dimanch la sa menm : Gaudete, Lajwa, Kè kontan. Wi, Legliz la, ki pa yon refij...
8 décembre 2023

2e Dimanch Tan Lavan B : Populus Sion - Prepare Chemen Granmèt La

2e Dimanch Tan Lavan B : Populus Sion - Prepare Chemen Granmèt La
Nan Dezè Lavi Nou, Prepare Chemen Granmèt La Mak 1,1-8 F/S, nap kontinye prepare nou pou nou selebre, nan gran fèt Nwèl la kap rive nan 14-15 jou ankò, Sila ki kreye tout bagay la, men ki, yon lè, te deside antre nan sa li te kreye. Men vizit sa, se pa...
1 décembre 2023

Premye Dimanch Tan Lavan B - Veye

Premye Dimanch Tan Lavan B - Veye
Premye Dimanch Tan Lavan B / Mak 13.33–37 Ak Sila Ki Gen Pou Vini An, Nap Veye Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi na delivre ! (Sòm 80). Se kalite SOS sa, se kri detrès sa a pèp Bondye a, yon pèp ki...
Publicité
1 2 3 4 5 6 7 8 9 10 20 > >>
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 864
Publicité