Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
27 mars 2024

Jedi Sen – Imilite, pou yon mond nouvo

Jedi Sen – Imilite, pou yon mond nouvo

Jedi Sen – Imilite, pou yon mond nouvo | Jan 13,1-15

Chak Jedi sen, nou selebre yon mèvèy ki alafwa istorik e litijik. Istorik paske nap fè sonje jou kote Jezi, antan Li te reyini ak patizan l yo pou selebre Pak Jwif yo, te inogire Kontra ak Pak tounèf la, Pak nou an, Pak kretyen yo. Kote tou li te bay tèt li an sakrifis pou delivrans nou.

Se nan moman sa a tou Granmèt Jezi te enstitiye èspesyalman 2 sakreman nan Legliz la : Lekaristi a ak Lòd Sakre yo. An pasan, se enpòtan pou  raple nou se fèt tout pè yo. Kidonk, pa neglije adrese yon mo ankourajman ak klèje pawas nou, ak Pè ki nan sèk fanmi nou, sèk fanmi nou, ak nenpòt pè nou konnen.

Granmèt Jezi te enstitiye Sakreman, patikilyèman Lekaristi a, paske se Sakreman sa ki fè Legliz la, tankou Konsil Vatikan 2 a ak Sen Jan-Pòl 2 te montre sa. Jezi te konnen tou fòk gen Minis pou selebre Sakreman sa a. Se pou sa, menm kote a, li tou mete Sakreman Lòd la : « Fè sa pou nou sonje mwen ! » Prefas Lamès Krismal la montre nou sa klèman : « Ou chwazi kèk frè, ou fè yo patisipe nen sèl grenn sasèdòs Pitit ou a ; pou, nan Non li, yo ofri Sakrifis delivrans la, e nouri pèp li a ak pawòl la, e fè yo viv gras a sakreman l yo. »

Se nan menm moman sa a tou Granmèt Jezi te ban nou Kòmandman nouvo a, ki se Kòmandman renmen an : « Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou (Jan 13,34). Renmen tankou Jezi, se chase nan lespri nou panse ki fè nou konprann renmen se yon echanj, se yon merit.

Nan envite li envite nou renmen tankou Li, Jezi montre nou kòman renmen an se yon kado, yon kado total ; pa sèlman sa nou gen, men sitou sa nou ye. Pi lwen Li di : « pa gen pi gran jès renmen pase bay lavi nou pou zanmi nou. » Kidonk, si yon moun paka bliye tèt li akoz lòt yo, si yon moun paka fè jefò pou li renmen nan dimansyon sa a, li gendwa tout bagay, sof yon kretyen.

Laverite, sèke moun paka renmen nan dimansyon Jezi. Men o mwen, nou ka eseye. E yonn nan fason nou ka kòmanse, se nan sèvi lòt yo. Jezi te bay egzanp la an giz de lansèyman an ; Apot yo, patikilyèman Sen Jan te konprann sa trè byen. Se poutèt sa, olye li rankonte resi enstitisyon Sakreman Lekaristi a ak Sakreman Lòd la, li prefere pale de yon jès Jezi te fè menm nuit sa a, ki se lave pye patizan l yo. Sa se yon bèl jès imilite.

Men gen plis ke imilite. Pa bliye mo imilite ak moun gen menm rasin : humus, ki vle di tè. Jezi rabese jouk atè kòm senbòl Pasyon li, kote li te pral resevwa anpil imilyasyon ; men, se pa yon imililyasyon pou imilyasyon, se yon imilyasyon ki te transfòme an bèlte, e ki te pote delivrans pou nou.

Pa lantremiz jès sa a, Jezi montre nou kòman li vrè ak tèt li. Li menm ki anlè tout bagay, li bese l pi ba pase tout bagay. Li ranvèse chema nou te toujou konnen an e li envite nou fè menm jan.

Nou menm tou, toutotan nou pran pozisyon nou ak posibilite nou kòm yon avantaj pou domine lòt yo, pou nou pwofite, mond nou an, kominote nou yo ap plonje pi plis ; e se lè nou itilize otorite, pozisyon nou, posibilite nou kòm yon mwayen pou nou sèvi lòt yo pi byen nap rive bati yon mond diferan, yon mond ki bati sou renmen ak sèvis. Se lè sa a nap rive transfòme mond la an yon kominote frè ak sè kap batay pou byen yonn lòt.

Bòn fèt Pak pou nou tout !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 864
Publicité