Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
9 février 2024

6e Dimanch Òdinè B - Konfyans ak imilite, se gwo zàm...

Meditasyon pou sizyèm Dimanch Òdinè B

« Si w vle, Ou ka geri m ! » (Mak 1,40-45)

JesusLepreux-1920x1080

 

Demand sila, se yon moun an detrès ki te fè l bò kote Jezi. Yon moun ki te majinalize paske yon maladi ki pat gen gerizon te afèkte li. Maladi sa se te lalèp. Daprè ansyen mantalite Pèp Izrayèl la, lalèp se te siy kolè Bondye. Se sa k fè yo pat ditou pran l alalejè. Liv Levitik la, pou kont pa li, konsakre de (2) chapit, (chapit 13-14) pou pale sèlman de maladi sa. Nan chapit sa yo, yo pa pale de kisa pou w fè pou w geri, men pito ki siy k ap pèmèt yo rekonèt maladi a, epi chatiman ki rezève pou nenpòt moun ki pran maladi sa a. Puiske moun ki fè maladi a te ka bay lòt moun li, alò chatiman ki rezève pou li, se te banisman ; yo mete w deyò nan sosyete a, lakay ou ak nan Tanp la. Kifè, se pa nan nenpòt ki mizè malere sa pat twouve ; e sèl yon moun ki te fè eksperyans Kolera ou Kovid – lè l te fenk parèt la – ki ka konprann yon ti kras sitiyasyon pòv malere sa.

E poutan moun sa, se te petèt yon papa, yon pitit, yon mari, yon zanmi, manm nan yon fanmiy, yon vwazen. Pi gwo soufrans li, se paske li wè tout moun sa yo li te konn pataje lanmou avèk yo e ki te konn antoure l ak lanmou, paka pwoche l. Si yon moun ta oze pote manje ba li, se nan yon gòl byen long pou l ta kwoke l, pi long pase sa moun k ap fè pen nan boulanje konn itilize pou antre nan fou a. Si malad la ta oze l pase kote k gen moun, oubyen si moun pat konnen epi y ap pase kote l ye a, fòk li sonnen yon ti klòch ki toujou nan men l, epi pou l ap di : lalèp ! lalèp ! Yon fason pou moun yo gentan kraze rak, epi chape poul yo. Pou yon moun konsa, pa gen okenn lespwa lavi ankò. Se te yon mò-vivan; l ap mache, men li deja mouri, paske moun pa vrèman konnen grangou li, swaf li… Fòk Jezi te pase bò la, pou moun sa te rejwenn trètman ki mache ak diyite li kòm moun e kòm pitit Bondye.

Se sa ki fè, lè li wè Jezi, li mache sou Li epi li soupriye L : « Si w vle, ou ka geri m ! » Kè Jezi ap dechire devan eta mesye a. Li renmen l, Li pa pè l, malgre maladi a. Li mete akote prensip ki te di : moun pa gen dwa kole ak moun ki soufri lalèp. Li poze men sou tèt li, Li anbrase l, epi L di l : « Wi, mwen vle, se pou ou geri ! » Lamenm mesye a geri. Jezi pase l lòd sevè pou l pa di pèsonn sa, men mesye a potko menm kite Jezi, li te kòmanse ap fè lwanj pou Bondye ! Frè m ak sè m yo, se pa de leson pòsyon levanjil la pa pote pou nou. Nou pap ka pran tout, men an nou wè kèk nan yo.

1.- Pètèt anpil nan nou ka kije moun ki te bani mesye a paske nou reyalize trètman an pa bon. Men… pa prese jije. Pa prese jije paske ni moun ki te pran desizyon sila a, ni moun ki aplike l la, ni moun yo aplike l sou li a, se nou tout. Se mwen, se ou, se li, se nou avèk mwen, se nou, se yo. Wi, se nou tout alawonndabè ki pa sispann fè diferans epi mete divizyon nan mitan pitit Bondye yo. Anpil fwa, nou santi entèl paka kanmarad nou ; nou pa menm santi nou ka pale ak li paske li pa zanmi nou, li pa nan fanmi nou, li pa mache nan menm Legliz ak nou, li pa moun menm peyi ak nou, li pa nan menm koral ak nou, li pa rete sou katye a, oubyen paske l pa gen non, li son ti pòv, li se yon andikape, li sè yon bòkò ou yon moun ki pa ale legliz, paske l pa konn li, paske l pa alamòd… Lè konsa, nou se moun ki ekri e aplike lalwa ki mande pou bani lòt la.

2.- Men tou, nou chak nou dwe wè pwòp tèt pa nou nan mesye a. Sen Mak pa site non li. Se yon fason pou l envite nou mete non nou nan plas mesye a ; paske, wi, nou chak, nou gen yon mòd lalèp kap wonje nou piti piti, swa nan kò nou, swa nan lespri nou, swa nan nanm nou. Sen Pòl ban nou yon bann ; gade nan lèt li ekri moun Korent yo ak moun Wòm yo ; li pale de : Moun ki pran plezi lachè, moun ki nan adiltè, pwofitè, masisi – ni fanm ni gason – moun k ap met men sou moun, moun ki renmen lajan depase mezi, ki bliye sa yo ye  e ki pare pou fè zewo tounen nèf depi se pou lajan, ipokrizi, bwasonyè, vòlè, fè manti sou moun, pwofitè, moun k ap pran move plezi, kenbe moun nan kè, kòlè, jalouzi, fasil pou fache, lanvi, divizyon, moun k ap fè ti paskout, voras… gen kèk nou ka ajoute, tankou : korispyon sitou nan Legliz ak nan Leta, lògèy, jalouzi, egoyism, egosantrism, lè w kite pouvwa menen w nan jiska fè krim, asasinen pitit Bondye, trayizon, kidnapin, machann peyi, engra, lè yo paka konte sou ou nan anyen, lè w pa pran moun pou moun, mechanste, lougawou, tann batri pou moun, gaspiye byen piblik, bafwe laverite ak tout rès nou konnen yo… Konmsi, pa gen o mwen yonn nan lèp sa yon nou ta renmen delivre sot anba yo ? Jezi kapab. Sa L te ye yè a, se sa Li ye jodi a. Lapriyè L ; mande delivrans.

3.- Men, kòman w lapriyè ? Lè w ap lapriyè, ou toujou sonje se moun ou ye oubyen ou vle pran plas Bondye ? kijan w mande : Silvouplè oubyen banm ? pandan n ap pale de sa, gen pou piti de (2) chante anpil Katolik renmen… Gen yonn ki di : Kote sa w paka fè pou mwen an ? Lòt la di : Sa w ap ban mwen an, ban mwen l la… M ap mande èske l pata bon pou nou verifye yo antan n ap gade si yo sanble ak lapriyè mesye a nan levanjil la, epi lapriyè Jezi te aprann nou an : Papa nou ki nan syèl la… patikilyèman, atik ki di « se pou volonte W fèt » la.

4.- Konfyans ak imilite, se gwo zàm ki pèmèt nou benefisye byen vit konpasyon ak asistans Bondye. Pou tout moun, se te fini pou mesye a. Men, erezman, kote lèzòm di pwen final, Bondye di pwen alaliy. Mesye a te konn sa, se pousa li pat pè pwoche Jezi epi, ak yon kè pòv, mande Jezi pou fè l favè. E ou menm, eske w gen imilite ? Eske w  gen konfyans ?

5.- Jezi ak mesye a envite nou gen yon doub konpòtman : lè nou fè yon bagay pou yon moun, lè nou fè devwa nou kòm kretyen ou kòm rèskonsab, se pa chita bay bilan ki enpòtan. Fè wè pa yon bon atitid, se kite byen an pale pou tèt li. Sa men goch bay, men dwat pa bezwen konnen. Epoutan, men ki resevwa bò kot Bondye a, li pa dwe engra, se pou l fè lwanj pou Bondye tout kote li pase. Se yon envitasyon pou nou aprann fè lwanj pou Bondye nan lapriyè nou yo (menm si lapriyè pa fè anyen pi plis pou Li) ; pa sèlman chita mande. Lapriyè se yon randevou renmen, kote nou dwe kite kè nou touche Kè Bondye ki toujou la ap tann nou.

 Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, nou chak k ap viv sou tè a, nou deja patisipe nan yon listwa kote nou gen wòl swa bouwo, swa viktim. Sa ki sèten, nou chak nou gen yon mòd lèp, swa nan kò nou, swa nan lespri nou osinon nan nanm nou. Lèp sila ki fè nou wè pwòp tèt nou epi anpil lòt moun wè nou tankou yon bagay ki pa itil, yon bagay yo prèt pou jete… Men, Doktè san parèy la la. Pa bliye tou, li se yon Bòs chapant ; sa vle di, nenpòt jan nou ye, li ka repare nou paske okenn moun pa janm fin pèdi nèt pou Bondye ; okenn moun pa janm twò lwen pou Li. Chante a di : Li pa janm twò ta, pou w jwenn reparasyon pou w sanble avèk Mwen. Mwen toujou toupre w, Mwen pa janm fatige lonje men mwen ba ou : Pwoche nan Sous bonè a…

Wi, se pousa Mèt lavi a ap rele w, pou mete w kanpe ankò. Si w tande vwa Li, pa fèmen kè ou !

 

*****

 

Bondye Papa nou

Lè nou vin devan w

Ak kè nou tout pòv

Kisa n ka ofri w

Ou menm, Sous ki pa janm teri a?

Kisa n ka ofri w, sinon swaf nou ?

 

Gade nou tou piti devan w

Ou menm ki sous tout sa ki pwòp

Gade nou ak tout lalèp nou yo ;

E ban nou lapè nan kè nou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 864
Publicité