Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
6 avril 2024

2e Dimanch Pak – Kazimodo – Mizerikòd Granmèt la

2e Dimanch Pak – Kazimodo – Mizerikòd Granmèt la

Tounen Apot kè kontan ak kè poze Pak la | Jan 20,19-31

Frèm ak sèm yo, nou rive nan 2e Dimanch Pak la. Depi nan lane 2000, Sen Jan-Pòl 2, lè l tap kanonize sent Faustine, te rele Dimanch sa « Dimanch Mizerikòd, Dimanch Kè sansib Granmèt la ». Se nan yon vizyon sent Faustine te resevwa mesaj sa nan men Jezi ki te di l : « Se nan zantray Mwen fèt Mizerikòd la soti, Mwen vle pou l fete byen fete chak premye Dimanch apre Pak.»

Dezyèm Dimanch Pak la  tou gen yon lòt non litijik : Dimanch Kazimodo: Kazi (Quasi) ki vle di « prèske menm bagay la », ak modo ki vle di mòd/fason. An reyalite, Legliz la obsève 2e Dimanch Pak la prèske menm jan ak Jou Pak la menm. Dayè, se pousa, menm Levanjil la envite nou medite sou yon bagay ki te rive nan aswè jou rezirèksyon an: paske yo te pè jwif yo, disip yo te fèmen tèt yo nan yon chanm ; men Jezi vini, li kanpe nan mitan yo. E premye pawòl ki te soti nan bouch li, se pa t yon pawòl blam oswa rankin oswa repwoch paske Apot yo te abandone l jou Vandredi Sen an, men pito yon pawòl lapè, yon pawòl kè poze. E tankou yon refren, pawòl sa repete plis ke yon fwa nan Levanjil jodi a: "Lapè avèk nou!"

Lapè: premye kado Rezirèksyon an, ki chase laperèz ak dout: Lapè sa a, se pa sa mond la bay la. Lapè Jezi ban nou an se yon eritaj ki presye anpil. Li te ban nou l depi nan aswè Jedi Sen an, e li renouvle l nan chak Lamès: "lapè mwen ba nou, lapè mwen ke mwen kite pou nou!"

Jezi parèt, e prezans li pote lajwa, ki pa yon lajwa toudenkou, ou yon bagay nou santi lè tout bagay ap mache byen, lè nou an sante, lè nou nan laj jenès nou, plen vitalite, lè nou reyisi jan mond lan konprann li a, lè relasyon zanmitay ak fanmi nou yo ap byen mache, elatriye. Nou dwe kontan pou tout bagay sa yo ; epoutan lajwa yo pote a, se pou yon ti tan. Okontrè, lajwa Rezirèksyon an, se yon kado ki vini “aprè”... aprè yon moman kè sere, aprè yon moman kriz. Lajwa sa a rive nan yon sitiyasyon dezespere, apre dekourajman, apre soufrans, apre dout, enkyetid, desepsyon ak laperèz, tankou disip yo te fè eksperyans la.

Laperèz. Natirèlman, nou tout e nou chak gen sa ki fè nou pè. Laperèz pou moun ; nou gen laperèz lè nou nan moman soufrans, lè nou pa gen ou manke lajan, lè nou pèdi travay nou, lè nou pa wè klè nan sak pou wè ak avni nou, lè nou desi, lè nou kòmanse antre nan laj, lè nou toupre mouri, lè nou maklad grav. Lis laperèz nou yo long, menm twò long, e laperèz sa yo anpeche nou gen kè kontan ; yo anpeche nou fè eksperyans lapè ak lajwa Granmèt la. Granmèt la ki resisite a di nou jodi a: "Nou pa bezwen pè, fè mwen konfyans. Mwen konfwonte e detwi pi move laperèz la, ki se laperèz lanmò!

Malerezman, nan aswè sa a - tounen nan Levanjil la – gen yon moun ki pa t la pou selebre lapè ak kè kontan prezans Granmèt la pwovoke a. Li te rate moman sa. Se te Toma. Men, yon semèn apre, Jezi fè wè l ankò; e fwa sa a, Toma te la... Apèn nou site non sa a, nou gentan sonje deklarasyon li a : "toutan mwen pa wè ... mwen pap kwè!"

Toma, nonm ki te doute a... Epoutan, nou pap ensiste sou dout Toma a, ni sou anvi li pou l te wè dekwa pou l te kwè. Mwen pap raple nou nonplis kòman, nan yon moman ou yon lòt, nou tout konn tankou Toma e kòman pafwa nou bezwen wè pou nou kwè... Dayè, nou menm konn bay tèt nou ti non sa a, sitou lè li difisil pou nou kwè yon bagay : mwen se Sen Toma, "toutan mwen pa wè ... mwen pap kwè!"  Mwen prefere envite nou prete atansyon sou atitid lòt disip yo ki, daprè konpòtman yo, di nou kiyès nou ye ak sa nou dwe fè kòm kretyen!

Apre yo fin wè Granmèt ki leve soti vivan nan lanmò e ki kanpe nan mitan yo, disip yo te kontan: yo te resevwa Lesprisen an, Jezi yo te voye yo kontinye misyon Papa a te konfye l la. Yo te fè eksperyans prezans Granmèt la e yo te temwaye lafwa yo bay Toma ki te pa te la: “Nou te wè Granmèt la!” Rezilta a, sèke Toma, li menm tou fè eksperyans li avèk Jezi. Lè li wè L, li rele L : « Granmèt mwen, Bondye Mwen ! » (Menm pawòl nou di nan konsekrasyon, lè Pè a montre Kò ak San Jezikri).

Pandan nou nan Sen Toma a, an nou eseye gade l sou lòt ang. Anpil moun panse Toma te gen tèt di. Men lè nou gade listwa l ak Jezi, konfyans li, nou ta ka di, se pat fin sa nèt. Toma se yonn nan moun ki te premye konnen kilès Jezi te ye, ki te prè pou bay lavi l pou Jezi, menm avan Simon-Pyè. Nou sonje lè Laza, frè Mari ak Mat la, te mouri a. Jezi mande disip yo pou ale Betani ; men disip yo tap fè retisans. Se Toma ki te di : « Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n ka mouri ansanm avèk li »  (Jan 11,16). Kidonk, li te tèlman anvi wè Mèt la, li pat konn sa pou l te di, se konmi l te vle di : « Pa di m anyen, se je m ak men m ki pou di m… » Se tankou nan lavi chak jou nou. Imajine nou te anvi wè yon moun, ki vizite nou sanzatann, men se yon moun ki fè nou konn sa ; pawòl Toma a, se souvan pawòl ki soti nan bouch nou : « Ou kwè se vre, fò m ta wè entèl pou m ta kwè ! » Men sa pa vle di nou pa kwè ditou moun nan pa vini. Se sa menm ki te rive Toma !

Jezi reponn Toma : « Ala chans pou moun ki kwè san yo pa wè ! » E an reyalite, nan repons Jezi te bay Toma, se ak nou menm Li tap pale. Li te vle raple nou kòman, nou menm tou jenerasyon jodi a, nou toujou bezwen mirak ak prèv pou nou kwè. Tankou Toma, Jezi mande nou pou nou sispann gen kè di, men pou nou kwè, epi gen menm atitid ak lòt Apot yo, pou nou tounen temwen menm jan avèk yo.

Li mande nou swiv egzanp disip yo, pandan lap envite pou nou kite mèvèy rezireksyon an transfòme nou, menm jan nou fè eksperyans sa jou Batèm nou an, e pou nou tounen temwen ak apot lapè ak kè kontan li a. wi, misyon nou, se al gaye lajwa Pak la epi reveye lafwa nan vwazen nou yo, nan kòlèg nou yo ak nan moun nou renmen yo. Se pou nou oze di yo: "Mwen te rankontre Granmèt la! Bondye vivan nan lavi mwen, li vivan nan lavi ou, li vivan nan lavi nou!"

Nou bezwen al rankontre yo pou n al di yo kijan Kè sansib Bondye a vle touche mizè yo. Se sa menm nou jwenn nan Fèt nap selebre jodi a : Mizerikòd : mizè (nou) ak Kè (Bondye). Li vle repare lavi nou ki fin defigire tèlman nou fè peche ak eksperyans ki sal diyite nou. Li vle padone pase nou, anbeli prezan nou, epi ban nou yon avni garanti. Nou ki fin resevwa kalite trezò sa, nou dwe tounen, nou menm tou, moun ki gen mizerikòd pou tout lòt yo, kèlkeswa kote nou rankontre yo.

Se pou nou oze envite yo pou yo vin pase swaf yo nan Sous Mizèrikòd la pa lantremiz Sakreman Larekonsilyasyon an ak nan Sous Lavi a pa lantremiz Lekaristi a. An nou fè jefò konsakre yon moman nan tan nou pou bay lòt moun yon ti kras nan sa Bondye ban nou an abondans: lanmou li, amitye li, pou yo menm tou yo ka jwi kè kontan ak kè poze li a.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 060
Publicité