Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
2 février 2024

5e Dimanch tan Òdinè Ane B - Gerizon Bèlmè Simon-Pyè

Kite bezwen lòt yo deranje nou !

(Mak 1,29-39)

 

Jésus-guérit

Zanmi m yo, nou sonje Dimanch pase kijan sen Mak te fè yon bilan pou nou sou kòman sa te pase nan premye jou ministè piblik Jezi : Jezi t ap di anpil gwo koze epi li tap fè anpil mirak ; moun yo te sezi anpil paske yo te wè kijan L t ap aji ak otorite, ki vle di, li tap edifye yo, li pat chita ap repete pawòl moun. Men, nou tout konnen sa : kò pa fè. Kidonk, Jezi, antanke moun, te bezwen repoze ; e Jezi li menm te rann li kont de sa. Men pa bliye tou, se te yon jou Saba. E nan Lalwa jwif yo, ou paka mache al lwen  jou sa a. Otreman di, gen yon kantite pa ou dwe fè jou Saba a. Jezi pat vle vyole lwa sa a, Li pat vle mache ale lwen pou l pat depase kantite pa li te supoze fè jou Saba a. Konsa, Li pran  patizan L yo, epi Li al lakay Simon. Men elas pou Jezi. Se te kouri lapli, tonbe larivyè. Lè L rive, Li jwenn bèlmè Simon ki te kouche rèd ak yon fyèv. Sa ki bèl nan epizòd sa, se atitid Jezi.

Frè m ak sè  yo, lè nou fatige anpil, lè nou santi souf nou ap koupe tèlman nou gen travay epi yon moun nesesite prezans nou, sitou si nou pat gen randevou ak moun sa, kijan nou aji ? Avèk dousè oubyen avèk kòlè ? M pa vle fè pwosè entansyon, men kòm moun, li parèt pi fasil pou nou reponn ak kòlè oubyen anba dan ; dèfwa, nou mete moun nan pou yon lòt lè. Men Jezi Li menm, Li aji yon fason diferan : Lè yo vin di L madanm nan malad, Li pa fè kòlè, Li pa mete bèlmè Simon an pou pita. Li aji tousuit paske se yon moun ki te nan bezwen. Tankou Pap Franswa di : « Yon moun ki nan bezwen, se pa yon nimewo pou n ap fè tann, men yon pitit Bondye ki nan nesesite e ki bezwen asistans tousuit. »

Men gen plis toujou nan pòsyon Levanjil sa a : madanm sa ki kouche ak fyèv la, se senbòl limanite peche a, fòs fè mal la, mete kouche plat atè. Wi, depi apre dezobeyisans premye paran nou yo, n ap pote konsekans la ; e soufrans la, li pa rezève pou yon gwoup moun, yon gwoup peyi, yon jenerasyon, yon epòk. Se tout moun k ap soufri, chak moun nan fason pa yo. Se sa moun ki ekri Liv Jòb la te vle fè nou konprann.

Nou sonje kijan Jòb tap soufri. Jòb te tèlman santi l pa kapab ankò, li te menm oze l rele Bondye devan tribinal pou ba l eksplikasyon kòman fè l ap soufri, paske l pat fè anyen ki mal. Men Bondye pa reponn Jòb nan fason Jòb tap tann sa a. Repons Bondye bay, se renmen li ki eksprime nan voye Li voye sèl grenn Pitit Li a ban nou. E Jezi, lè L vini, Li pa bay nou yon repons tou, Li te pito desann nan rasin pwoblèm nan pou l rezoud li yon fwa pou tout. Se tankou Pòl Klodèl (Paul Claudel) te di : « Jezi pat vini pou fini ak soufrans la, e menm pou eksplike li, men li te vini pou l ranpli li ak prezans li. » Sen Pòl di sa yon jan: Si nou soufri avèk Li, avèk Li nap gen pou nou triyonfe (2Tim 2 :12). Kifè, pou kretyen an, soufrans la pa yon fatalite. Lè nou akeyi li avèk Jezi, li patisipe nan delivrans nou.

Jezi pran men madanm nan, li ede l leve. Nan jès sa a, Jezi montre nou nesesite sakreman yo nan Legliz la, èspesyalman Sakreman Lakonfesyon an ak Lekaristi a - ki se siy Bondye ki touche nou pou remete nou kanpe, lè peche a mete nou kouche plat atè.

Nan jès sa a tou, se yon bèl egzanp Jezi ban nou, manman ak papa, pou nou kapab verifye kòman n ap akonpanye pitit nou, lè yo nan sitiyasyon kote yo bezwen èd nou, kòman nou aji ak yo ? Se yon egzanp pou zanmi ak kamarad : lè patnè nou an detrès, li bezwen yon konsèy ki pou remete l kanpe, èske nou toujou prè pou ede yo ? Se yon siyal klè li voye pi plis toujou e èspesyalman pou Pè ak Mè, pou nou fè yon kout je sou kòman n ap akonpanye pèp li a. Lè yon moun nan difikilte epi li vin kote nou, ki kalite akèy nou ba yo ? Eske nou gen tan pou yo, oubyen èske se pa aktivite pèsonèl nou, e ki pap menm itil nou anyen dèfwa, ki pran tout tan nou ? Konbyen fwa pa semèn nou vizite yon fidèl ki malad ? Konbyen fwa nou refize al wè yo paske pral gen yon match Barcelone oubyen real Madrid ? Konbyen fwa nou mande pou yon frè oubyen yon sè nou pa wè ? Konbyen fwa nou voye je sou jèn yo nan pawas yo, sitou lè nou konnen y ap pran move direksyon. Dèfwa, nou tèlman gen tan pou lemond, nou pa menm gen tan pou nou remake si yon pitit Bondye absan nan kominote a. Lè yon fidèl poko gen kòb lekòl la, kòman nou aji ak li, alòske se manman l k ap pwòpte Legliz la chak semèn ?

Wi, se yon siyal Jezi voye, e an menm tan yon envitasyon, pou nou ranmase eskanp figi nou epi pran wòl pastè nou, pastè ki, selon Kè Bondye, ap oryante twoupo a nan vrè patiraj la, e non asasen k ap egòje yo. Se yon bon siyal Jezi voye ban nou, nou menm kap manje Kò li e bwè San li chak jou ou chak Dimanch nan Lamès. Se pi bèl fason nou ka montre tout bon vre nou fè yonn avèk li, nou an kominyon avèk li : lè nou toujou pare pou nou sèvi lòt yo selon bezwen yo.

Wi, frèm ak sè m yo, nou tout alawonnbadè, nan okazyon senkyèm Dimanch sa a, Jezi ap envite nou pou pran konsyans de bezwen tout bon ki anviwonnen nou ; L ap mande nou pou, chak jou, nou pèmèt, pou pi piti, yon moun benefisye yon ti tan oubyen yon sèvis nan men nou. Pi plis toujou, L ap mande nou pou nou aprann kite yon pwoblèm subit yon pwochen modifye plan nou te fè pou jounen an. Wi, lè moun nan yon pwoblèm, sans kretyen nou dwe fè nou voye plan sa a nan kwen pou nou sèvi moun ki nan bezwen an tousuit.

Se pa yon pratik ki fasil, se poutèt sa nou bezwen lapriyè pou nou mande Jezi aprann nou kiltive kè kontan nan sèvi moun, èspesyalman lè se yon sèvis sibit, yon sèvis nou pat planifye ni nou pat atann ak li ; aprann nou fè sa nan tout sikonstans ; pa sèlman pou zanmi ou manm fanmi nou, ou katèl nou, men pou tout moun. Men kisa sa vle di resevwa lakominyon. Men kisa sa vle di resevwa Kò an ak San Jezikri. Wi, men yon mwayen ki pi seten nou ka rive fè yonn tout bon ak Jezi.

Si w ap tande pawòl sa yo, sèke apèl Granmèt la rive nan zòrèy ou ; e si w tande apèl li, pa fèmen ke ou.

 

 

Bondye Papa nou,

Tankou Sen Jewòm te di :

Nou malad.

Nou chak, nap soufri ak lafyèv

Lafyèv peche a.

 

Ede nou louvri kè nou

Pou nou kite Pitit ou a antre.

Konsa, ak yon Pawòl,

Ak yon jès touche,

La geri nou.

 

Lè nou an kòlè : se lafyèv la ki nan nou !

Lè nou rayi: se lafyèv la ki nan nou !

Lè nou manke renmen: se lafyèv la ki nan nou !

Lè nou fè jalouzi: se lafyèv la ki nan nou !

Lè nou pa pataje: se lafyèv la ki nan nou !

Lè nou kite lògèy ak egoyis pran chè: se lafyèv la ki nan nou !

Nou tèlman chaje ak vis : nou tèlman chaje ak lavyèv !

 

Granmèt Jezi,

Nou konnen ou touche nou nan Sakreman yo.

Kontinye pwochè bò kote nou

pou w touche nou ak men ou.

Paske depi w touche nou

Tout lafyèv ap vole gagè.

Paske ou se pi gwo Medsen

Medsen ki pa gen parèy la.

Ou se Mèt ki, ak yon sèl pawòl,

Ka deplase tout kalite mòn.

 

Gran Frè nou Jezi :

Ban nou lapè nan kè nou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 864
Publicité