Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
26 janvier 2024

4è Dimanch OT - Fè atansyon ak pawòl flatè

4è Dimanch OT | Mak 1, 21-28

delivrance_-_chaines_coupees

Pasaj Levanjil jodi a fè m sonje listwa Boustabak la, sa nou rele, nan langaj fransè, « Kòbo a ak Rena a. » Nou sonje se Jean de la Fontaine, yon Fabilis fransè nan epòk klasik la ki te ekri l. La Fontaine te konn pran plezi denonse reyalite epòk li a nan fè bèt yo pale. E nan Fab « Kòbo ak Rena » a, La Fontaine rakonte :

Yon bon maten, pandan yon Rena ki tap mouri ak grangou tap chèche yon bagay pou l pase bò kwen bouch li, li apèsi yon Boustabak – yon Kòbo – sou yon branch bwa, dwat devan li. Li te vle kontinye chèche manje li, men kòm se pou la premye fwa li te wè yon Kòbo, li di nan tèt li : « Kite m pran yon ti tan pou m gade li ! » E nan byen gade, li sispèk Kòbo a gen yon bagay nan bèk li. Li louvri je l pi gran toujou pou l byen gade. Nan byen gade, li rann li kont se yon moso fwomaj ki nan bèk Kòbo a. Li di nan kè l: « Ahhh, m bon sou piti sa. M pa menm bezwen al chèche pi lwen. »

Konsa, li apwoche pi pre Kòbo a, li kòmanse fè l konpliman, li di: “Ala yon bèl bèt! » Kòbo a gade Rena a ak anpil mefyans, li sispèk li. Sa fè li kenbe bèk li byen fèmen ak fwomaj la. Li pa menm okipe Rena a ak salitasyon l nan. Men Rena a te kontinye pi rèd :

« Gad jan yon bèt bèl! Gad kijan plim li yo klere! Li gen bèl fòm ! Se limen zèl li yo limen ! Jan m wè tout bagay nan li byen fèt la, yon zwazo konsa pa fouti pa gen bèl vwa ! Bon, si l gen malè li chante sèlman yon ti chante, map tou salye l antanke larenn tout zwazo yo ! »

Aprè Kòbo a fin tande pawòl sa yo, li santi l flate. Li gentan bliye se pawòl yon flatè. Li gentan bliye tout mefyans li alega Rena a ak tout moso fwomaj la ; e pou l pwouve li gen bèl vwa, e pou l jwenn tit « Larenn tout zwazo yo »,  li louvri bèk li tout lajè epi fwomaj la tonbe tou dwat nan bouch Rena a… « Mèsi, Mannmwazèl !

Sou pawòl sa, Rena a tou al fè chimen l. E pandan l tap ale, li di Kòbo a : « Foure sa nan kràn ou, Madam, tout flatè viv sou kont moun ki vle koute l. »

Frèm ak sèm yo, aprè nou fin tande pòsyon Levanjil jodi a, nou gendwa panse lespri pa pwòp la te gen anpil respè pou Jezi e li te fè l konpliman onèt. Epoutan, se pat sa ditou. Se yon kout Rena move lespri a tap jwe. O fon, move lespri a te sèlman ap akize Jezi kòm kwa Li te vini pou fè nou menm moun mal. Move lespri a pat di : "Kisa ou gen avèk mwen ? Eske ou vini pou detwi m? » Men, li enplike nèg la, li di « nou » : « Kisa ou gen avèk nou ? » Se kòmsi Jezi te vini pou l detwi moun, e non pa pou l sove nou. Li sèlman di opoze nati misyon Jezi a pandan lap eseye enplike nèg la nan manti lap fè a : "Èske ou vini pou detwi nou? »

Gade byen. Lè li rive sou vrè idantite Jezi, li pa di "nou." Li pran san l pou l chwazi pwonon li. Li pa di « Mwen ak nonm sa a mwen posede konnen ki moun ou ye ! » Non. Okontrè, li di: “Mwen konnen kiyès ou ye...” O fon, move lespri a sèlman akize Jezi, konmsi li ta di: « Ou sen, men se pa pou byen moun ! » E move akizasyon sa a, li fè li sou laparans deklarasyon vrè e kòrèk.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, nou se pechè. Men, tankou Pap Benwa 16 te di, yon ti tan anvan lanmò li, “Granmèt la se pa sèlman Jij ki jis la men, anmenmtan, li se Zanmi an ak Frè a ki te deja soufri defayans nou yo, tout mank nou yo e ki, antanke Jij, li se, an menm tan, Defansè nou an.” Li pa vin kondane ni detwi nou, men pou sove pechè a anba peche, akize a anba akizatè a (Rev 12:10). Li montre nan separe li separe move lespri a ak moun nan, paske pa ka gen vrè kominyon ak Papa mantè a. Jezi pa Kòbo a. Li pa tonbe nan pèlen Rena a.

Se Bondye ki te kreye nou, e li te kreye nou pou Li, e pou Li sèlman. Se poutèt sa « Kè nou ap toujou rete fatige toutotan li pa repoze nan Li » (Sen Augustin). Li konnen sa, se poutèt sa li te vle, pa lantremiz yon mirak, rete toupre nou, lannwit kou lajounen, nan Sakreman Lotèl la, Lekaristi a, ki pa jis Senbòl prezans li, men vrè prezans li: Kò ak San li, Nanm ak Divinite li.

Jezi chase move lespri a sot nan nonm nan pou montre nou kòman sa ki mal pa ka viv ansanm ak sa ki byen. Yon moun kap fè jefò pou viv kòrèk pa ka pèmèt peche, ni ankouraje peche, ou ankouraje moun rete nan peche, tankou Jezi te di: “Pèsonn pa ka sèvi de mèt alafwa; lap rayi youn, lap renmen lòt la” (Mt, 6,24).

Kifè, pandan n ap lapriyè, nou bezwen mande Bondye lagras pou nou konprann rezon legzistans nou, epi ede nou viv yon fason ki reflete sa nou ye a : Pitit gason ak pitit fi Bondye. An nou mande l tou aprann nou rekonèt peche li vle libere nou de li a, epi pou nou konnen kijan pou n idantifye tout kalite Rena kap eseye vòlè fwomaj sentete nou.

 Gran Frè nou Jezi : ban nou lapè nan kè nou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 864
Publicité