Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
28 mars 2024

Vandredi Sen - San Jezi: Tonbe Sou Nou

Vandredi Sen - San Jezi: Tonbe Sou Nou

Imajine kèk timoun met tèt yo ansanm e mande nou yon bagay nou konnen byen ki pa bon ditou pou yo; men an menm tan, nou pa vle desevwa timoun sa yo. Sa ki sèten, nou tap pran tan e chèche meyè fason pou nou eksplike yo poukisa yo ta dwe evite mande jan de bagay konsa… Se egzakteman konsa Granmèt la aji avèk nou.

Men, e si timoun sa yo vle gen bagay sa a de tout fason ? E si pa gen okenn mwayen pou fè yo bliye sa yo mande a? Petèt nou ta kite yo jwenn li, ak espwa yo pral chanje lide pi vit ke posib... Dayè se sa nou di nan pwovèb kreyòl la : timoun mande gonbo cho, ou ba li l nan pla men l.

La ankò, Granmèt la aji avèk nou menm jan an. Men, gen yon diferans: menm si nou mande Bondye pou yon bagay ki pa bon pou nou, Bondye ap asire li li tounen nan benefis nou paske Li se Bondye ki ekri dwat sou liy brize.

Nan Jezi, Bondye tounen moun pou montre nou renmen san limit li pou nou, pou l ban nou lavi, lavi an abondans; men malerezman, jwif yo te deside rejete lanmou sa a, tankou sen Jan di : « Li vin nan peyi l; men tout moun nan peyi l pa t resevwa li» (Jan 1,11). Okontrè, yo te prefere wè Jezi mouri.

Nan Levanjil Pasyon ak Lanmò nou tande jou Vandredi sen an (Jan 18,1-19,42), nou koute istwa jijman li a. Rive yo kote, Pilat mande foul moun yo: “Èske nou vle m lage wa jwif yo ban nou?” Sen Matye (27:17) bay plis detay, e sa a enpòtan, li di: « Kilès nou vle m lage ba nou, Barabas oswa Jezi yo rele Kris la? » Poukisa Sen Matye di li konsa?

Rezon ki fè l di l konsa, se pou l distenge yo. An reyalite, Granmèt la ak Barabas te gen menm premye non. Yo te rele yo toulède Jezi. Men Jwif yo te chwazi Barabas olye de Jezi. Poukisa? Yonn nan rezon majè ki fè Jwif yo te vle Jezi mouri se paske li te di Bondye se Papa l. Pou yo, se yon blasfèm, Jezi pa t kapab Pitit Papa a. E sa a pat akseptab ditou ; ditou li pat padonab. Yo te tèlman pat sou padone Jezi, yo te prefere Barabas, ki te yon revolisyonè vyolan ki te vle ranvèse gouvènman women an. Yon chwa ki sanble tèt koupe ak chwa politik nap plede fè yo. Yon chwa tèt anba. Yon chwa ki pat gen sans ditou, men ki enteresan. Poukisa?

Nan lang Arameyen, Barabas vle di mo pou mo « Pitit papa a » : Bar ki vle di pitit gason, ak Abba ki vle di papa. Sa vle di, nan chwazi yo te chwazi Barabas olye de Jezi, Jwif yo te chwazi fo pitit gason papa a olye de vrè Pitit gason Papa a. Fo pitit papa a se Barabas ki, nan chwazi chemen vyolans, pat fè lòt bagay sinon montre aklè li se alye papa li Satan, dyab la, kap chèche sedui mond la pou pèdi li.

Pou Pilat konsève pouvwa li e fè plezi ak foul la, li te ba yo sa yo te vle a : li te dakò yo kondane Jezi ; li lave men l. Nan jès sa a, Pilat te vle montre kijan li pa koupab, li pat asosye, li pat pran plezi nan kondanasyon yon nonm inosan. Men kèk moun nan foul moun sa a t ap rele: « Se pou san li tonbe sou nou ak sou pitit nou yo! » Sa yo te inyore, sèke San Jezi te diferan de tout lòt san paske, tankou Lèt pou Ebre yo di l la: “San Jezi a pale pi byen pase san Abèl la” (Ebre 12,24).

Daprè liv Jenèz la, aprè Kayen te fin touye Abèl, frè inosan li a, akoz jalouzi, Bondye te di: « Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. Lap mande revanj» (Jenèz 4,10). Okontrè, san Jezi pa kriye pou mande revanj ak pinisyon, men pito pou mande mizèrikòd ak padon.

A foul moun sa yo ki te merite jwenn revanj ak pinisyon, Bondye te pito ofri mizèrikòd ak padon. Men, depi byen lotan, Bondye t ap panse ak nou tou. Se poutèt sa, nan Dlo ak San ki te koule soti bò kote l la, Jezi te enstitiye Sakreman Batèm nan ak Lekaristi a konsa pou menm San sa a ka tonbe sou nou chak fwa nou resevwa l nan nanm nou pa lantremiz sakreman Lekaristi a.

Nan sans sa a, kisa Granmèt la envite nou fè ?

Pitit Gason ak pitit fi Bondye yo, nou menm kap fè Pak nou, an reyalite kap prepare nou pou nou selebre Pasyon ak Lanmò Granmèt la, sakrifis sa a ki delivre nou an, an nou mete vwa nou ansanm ak vwa foul moun yo epi mande pou San presye Jezi a tonbe sou nou, sou pitit nou yo, sou fanmi nou yo, sou peyi nou an ak sou mond nou an, pou lave peche nou yo, netwaye nou, benyen nou, epi renouvle nou nan lanmou ak mizèrikòd Bondye Papa nou ki san limit la, pou l geri nou e geri nou tout antye.

San presye Jezi: tonbe sou nou!

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 864
Publicité