Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
21 décembre 2023

4yèm Dimanch Lavan B - Bondye ap chèche yon kay

4yèm Dimanch Lavan B - Bondye ap chèche yon kay – Lik 1, 26-38

Annonciation

Depi nan kòmansman tan an, moun, lidè tribi, ofisyèl, wa, anperè, prezidan, enstitisyon, te toujou konn rankontre pou yon rezon ou yon lòt; men pa gen youn nan rankont sa yo, kèlkeswa kote l ta fèt la, kit se nan La Mezon Blanch oswa nenpòt lòt palè prezidansyèl, kit se nan katye jeneral Nasyonzini, oswa menm nan Vatikan... Okenn reyinyon pat janm rive e pap janm rive enpòtan, yonn nan yo menm pap janm rive nan tay reyinyon eksepsyonèl sa a ki te dewoule nan yon ti kay tou modès nan Nazarèt, sa gen plis pase 2 mil an, yon jou ki te byen òdinè, ant akanj Gabriyèl ak yon jèn fi ki te gen anviwon 14 an, ki te rele Mari.

Lè pou Bonde te voye Pitit li a nan mond lan te rive bout (Galat 4:4). Men, “mond lan pa t diy pou resevwa Pitit Bondye a dirèkteman nan men Papa a. [Se poutèt sa], Bondye te delege youn nan premye minis nan Lakou li e voye l bò kot Mari pou mande l resevwa Pitit Gason l lan. Pitit Bondye a te vin tounen moun pou delivre moun, men nan Mari ak grasa Mari. Bondye Lesprisen an te fòme Jezikri nan Mari, men se apre Mari te fin ba li konsantman li” (Sen Ogisten). Mari di wi, Fiat Voluntas Tua; e se depi nan moman sa a, listwa mond lan te pran yon etap enpòtan anpil !

Nou menm kap chèche dekouvri kijan pou nou kontinye grandi pi byen nan yon relasyon ak Granmèt nou, Jezikri, Pawòl Bondye pou jodi a pale avèk nou yon fason byen èspesyal : nou pap janm konnen kijan pou nou alinye lavi nou ak volonte Granmèt la si nou pa gade Mari nan atitid li. E lè nou gade Mari, kisa nou wè?

Levanjil jodi a montre nou Lavyèj Mari kòm yon jèn fi ki bwouye akoz yon mesaj e k ap chèche konprann. Yon jèn fi ki tap fè fas ak limit li kòm moun; men sitou yon jèn fi ki te konn koute e ki te abandone l san rezèv a volonte Granmèt la. Nan kòmansman dyalòg li ak Gabriyèl, li di: « Kijan sa pral fè fèt? » Men aprè Gabriyèl fin eksplike l, li deklare : « Men sèvant Granmèt la. Se pou sa fèt pou mwen dapre pawòl ou! » Mari te konnen limit li kòm moun, epoutan li pa t gade sou sa ; li te prefere konte sou fòs Granmèt la. Dayè, se sa non Gabriel la vle di "fòs Bondye".

Sonje byen, sa Mari te fè pi byen e anseye nou, se kijan pou nou koute Pawòl Bondye a, tankou Sen Lik di sa levanjil li a (2 :19.51), e mete Pawòl sa an pratik (sonje sa l te di nan Nòs Kana a : fè tout sa l di nou fè). Pandan nap pale de pawòl Bondye a, ki sa li di nou jodi a?

Si nou gade ak anpil atansyon premye Lèkti a ak Levanjil la, nap dekouvri kòman yo de a gen yon bagay an komen; se tankou nan Anonsyasyon an, Bondye ap chèche yon kay paske li vle monte tant li nan mitan nou. Se kalite mistè sa a nou pral kòmanse selebre pita la (paske ane sa, katriyèm Dimanch la tonbe menm jou ak veye Nwèl la). Li pral vin nan mitan nou; e nou konnen byen li p ap fèt ankò nan pak zannimo Betleyèm nan ankò, men nan silans kè nou.

Frè m ak sè m yo, tankou nan Betleyèm, sa gen anviwon 2000 an, yon reyinyon ap fèt isit la e kounye a (chak Lamès). E menm jan li te mande Mari a, Granmèt la ap fè menm demann sa a a nou chak, pèsonèlman: « Èske kè w ka vin nouvo Pak zannimo a, yon pak zannimo vivan, ki ka akeyi Pitit mwen an? »

Bondye pa fòse pèsòn. Li pa enpoze anyen, pa menm delivrans lan... Men, lap tann konsa nou di li "wi" ; yon wi ki soti nan libète nou. An nou fè tankou Mari pou nou pa gade sou limit nou ; paske nan nenpòt ka, se pa nou menm, men se Fòs Bondye a - Lesprisen an - ki pral travay nan nou. E si nou di Granmèt la wi, n ap kapab rann temwayaj sou Jezi ak de lafwa nou; epi Nwèl la pap sèlman 25 desanm, men chak jou, chak moman nan lavi nou.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Mari te angaje tèt li totalman e fidèlman. E nou menm?

 

Bondye Papa nou,

Anpil bagay fè nou pè ; yo anpeche nou reponn ak envitasyon wap fè nou. Tanpri, ban nou kouraj pou nou brize yo ; fè nou favè pou fè kè nou tounen nouvo Pak zannimo ki pare pou akeyi Timoun Betleyèm lan, Jezikri, Pitit ou ak gran Frè nou, ki vivan, jodi a e pou tout tan. Amen !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 550 053
Publicité