Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
15 décembre 2023

3e Dimanch Lavan B - Gaudete – Kè Kontan

images (1)

 

Jan 1,6–8.19–28

 

Frèm ak sèm yo, nan okazyon twazyèm Dimanch Lavan B a, tout moso Labib yo mete ansanm pou envite nou pran yon sèl atitid : fè kè nou kontan. Dayè, se non 3e Dimanch la sa menm : Gaudete, Lajwa, Kè kontan. Wi, Legliz la, ki pa yon refij pou moun tris, men yon Kay kè kontan, anplifye/bouste envitasyon sa a, nan ranplase ou ajoute sou koulè vyolèt la pa koulè woz.

Wi, lajwa ! Gaudete ! Se denominatè kòmen nou jwenn pou tout lèkti yo pou 3e Dimanch la. Premye lèkti a (Izayi 61 :1-2a ; 10-11) di : Kè m kontan nan Yave ; nanm mwen ap selebre, lap fete nan Bondye m nan! »  Kantik repons la (Lik 1, 46…54) di : « Kè m ap chante lwanj ou, lespri m kontan nan Bondye Sovè m nan ! » Dezyèm lèkti a (1Tesalonik 5,16-24) di : « Se pou kè nou toujou kontan… » Kanta Levanjil la, poukont li, li deja pote kè kontan ; dayè se sa li menm vle di : euangélion, εὐαγγέλιον = Bòn Nouvèl.

Men, lè nou gade agoch, nou gade adwat, lè nap gade e tande sa kap pase nan mond sa, sou kontinan nou an, ak nan peyi nou, nou wè vokabilè « kè kontan » an pa la menm ; sa ki parèt nan tèt lis la, se : lagè, konfli, sanksyon, abi, koripsyon, enpinite, kidnaping, gang, mizè, grangou, chomaj, depeyize, gwo dout osije demen nou, asasina, ‘’l’enquête se poursuit’’, dilapidasyon byen Leta, gaspiyaj trezò piblik, blanchiman lajan, vòlè eleksyon, fòse moun kite peyi a – avivwa ou sou fòm vwale, efasman santiman patriyotik : bann nyaj politik, sosyal ak ekonomik sa yo ak yon pakèt lòt ki pa sispann fè syèl lavi nou parèt tou gri. Kifè, nap mande, kòman Litiji a fè oze l pale nou de kè kontan ? Eske vrèman gen yon rezon pou n fè kè nou kontan ? Pou di se pa nan betiz lap pase nou ? E ki kote menm kè kontan sa soti ?

Granmèt la ap vini, tankou yon mesye marye, pou fè yonn ak pèp li a ! Men ki Bòn Nouvèl, frèm ak sèm yo, ki envite nou fè kè nou kontan. Men, pou nou jwi kè kontan sa tout bon, fòk nou koute vwa li ; fòk nou chèche fè zanmi avèk li, tankou Jan-Batis te di sa : « Zanmi nonm kap marye a kanpe toupre l, lap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm kap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a » (Jan 3 :29). E si, deja nan 3e Dimanch sa a, Legliz la envite nou fè kè nou kontan, se paske preparasyon vini Jezi nan mond la deja, nan li menm, pote kè kontan. Men, kote nou jwenn sekrè kè kontan sa ?

Nan lapriyè ! Wi, katye jeneral kè kontan an, se lapriyè. Sen Pòl di : « Se pou nou toujou fè kè nou kontan, e pa janm sispann lapriyè. » Sekrè sa a tou, nou kòmanse savoure l lè nou akèyi Kris la; paske li se Limyè ki klere tout mòd fènwa ki nan lavi nou. Wi, nan tout sitiyasyon : nan kè kontan ak nan kè sere, Kris la la ; paske li fidèl. Li akonpanye nou e li pa janm abandone nou. Sa rive dèfwa nou pran chèche l kote l pa ye. Konsa tou, nou plis pèdi tan nou ap chèchè l sèlman nan reyisit pwofesyonèl, nan sikè, nan sante, nan zanmitay ; li la nan bagay sa yo, erezman ; e nou dwe kontinye ; men se pa sèlman sa.

Nou pa dwe bliye sa : Kris la lòt kote tou ; sitou lòt kote. Pa bliye kote li te fèt : nan yon pak zannimo. Kifè, nou pap ka akèyi e savoure kè kontan Nwèl la san nou pa fè kè nou pòv, sa nou pa renonse ak sa ki sèlman mwayen, men nou fè tounen finalite nan lavi nou ; sa nou pa antre nan dezè a al jwenn Jan-Batis dabò. Wi, nou dwe chèche alinye nou a Bebe Bètleyèm nan ; li menm ki Bondye, men ki te vini tankou yon pòv, san anyen. Kidonk, nou dwe fè kè nou senp, tankou yon ti bebe, pou nou savoure, ansanm ak Mari, Jozèf e gadyen mouton yo, Kè kontan ak lapè sa Nwèl la ap pote a.

Men pou nou akeyi lapè sa ak lajwa sa, nou bezwen fè yon bagay ; e nou dwe fè sa yon jan radikal : prepare kè nou ; e nou fè sa, se lè nou pran swen relasyon nou ak pwochen nou yo. Se egzakteman sa Janbatis ak Izayi te envite nou fè nan Pawòl Bondye pou Dimanch pase a : drese chemen an, elimine tout sa ki pa dwat nan nou. An reyalite, nou chak gen o mwen yon bagay ki nan nou men ki pa pou Bondye, e ki mande pou nou divòse avèk li. Wi, nou tout bezwen konvèti, derasinen nan nou tout sa ki ògèy, move pawòl kap blese moun, akizasyon ki pa kòrèk, medizans, rankin, jalouzi, fè manti, mechanste, rayi… Tout demach sa yo, Janbatis rezime yo an 2 mo : jistis ak pataj.

Men Bòn Nouvèl la, sèke nan Levanjil jodi a, Janbatis pa mande, ni moun yo : Farizyen yo, Pibliken yo, Erodyen yo, sòlda yo, elatriye ; ni nou menm, pou nou kite metye nou, pwofesyon nou. Sèl bagay li mande nou fè, se chèche egzèse yo yon lòt jan : ak jistis. Paske, se senpleman lè nou aji nan lajistis, nou ka sèten nou pare pou nou resevwa lajwa Granmèt la.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo,

Nap viv nan yon mond kote, chak jou ki pase, nap plonje nan plis vyolans, plis koripsyon, plis endividyalism, plis enjistis, plis endiferans, plis egoyism, plis entolerans, kote yap rejte moun pi plis… men sa pa vle di Bondye pa renmen nou ankò. Bondye pa sila ki jete ti bebe a ak tout dlo sal la. Li pa abandone nou. Dayè, li tèlman renmen nou, li ban nou sèl grenn pitit li a.

Se sa ki fè, menm si nan lavi chak jou nou, nou wè, akote kè kontan an, genyen maladi, genyen echèk, genyen desepzyon, trayizon, elatriye… Twazyèm Dimanch Tan Lavan an vin raple nou kijan nou pa lage pou kont nou. Menm nan mitan eprèv yo, nou ka akèyi kè kontan ak kè poze a paske Bondye la, « anyen paka separe nou ak renmen li a » (Wom 8, 35-39).

E se depi kounye a nou dwe chèche dekouvri l, akeyi l, e al pote l nan mond sa ; konsa, ak anpil chans, li va akèyi l. E Nwèl la va pran tout li sans li nan lavi mond la.

Bòn prepasyon !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 550 053
Publicité