Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
8 décembre 2023

Bondye o vini delivre nou ! - El Halibo

Bondye o vini delivre nou !

Bondye o voye Sovè a non !

 Bondye o voye Pitit ou a vin sove tout tè a.

 

images

1.- Na fènwa nou ye ; nou pa wè pou nou mache. Peche bouche je n ; trebiche nap trebiche. Vini non, souple, wete nou nan raje, mete n sou wout la : delivre n !

 

2.- Anba kòb peche, se toufe nape toufe. Maladi lapèp peche vin pouri kè nou. Vini non, souple, vin boule nan nou vye rasin peche : delivre n !

 

3.- Nap viv nan manti, n pa vle tande verite. Sak di verite, se kraze nou vle kraze l. Vini non, souple, vin wete nan nou vye lespri manti : delivre n !

 

4.- Nou kwè se lajan ak pouvwa ki fè nou moun. Se sa ki lakoz nap kraze pi piti yo. Vini non, souple, vin rache kè nou pou nou renmen vre : delivre n !

 

@ El Halibo

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 550 261
Publicité