Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
8 décembre 2023

2e Dimanch Tan Lavan B : Populus Sion - Prepare Chemen Granmèt La

Nan Dezè Lavi Nou, Prepare Chemen Granmèt La

Mak 1,1-8

1503458193_217509_1200x667x0

F/S, nap kontinye prepare nou pou nou selebre, nan gran fèt Nwèl la kap rive nan 14-15 jou ankò, Sila ki kreye tout bagay la, men ki, yon lè, te deside antre nan sa li te kreye. Men vizit sa, se pa nou menm ki pwovoke l ; epoutan, nou dwe ranje koze nou, nou dwe prepare nou dekwa pou nou akeyi l konvenableman. Se tankou nan lavi chak jou lè nou pral gen konpanyen : nou prepare nou, nou netwaye, nou fè kay la bèl, nou pa vle kite okenn fil arénye. Sèl bagay, nan kad vini Sovè a, se pa sèlman nan dekore, fè krèch nap prepare pou nou rankontre Pitit Bondye ak Mari a. Dizon, se pa tèlman yon preparasyon pa deyò, men dabò yon preparasyon pa andedan : preparasyon kè a, paske Jezi pap vin fèt nan pak zannimo Bètleyèm nan ankò, men nan kè nou.

Se nan sans sa Pwofèt Izayi, nan premye lèkti a (40 :1-5 ; 9-11) envite nou prepare chemen an. Li ankouraje nou « konble tout fon yo, kase tèt mòn yo ak tèt bit yo ; fè ti mòn yo tounen platon, e fè tout mòn yo vin tè pla. » Kanta Sen Pyè, nan dezyèm Lèkti a (2P 3 :8-14) epi Sen Jan-Batis, nan Levanjil la (Mak 1 :1-8), yo plis pale de chanje kè nou. Kidonk, si touletwa zanmi Bondye sa yo mete ansanm pou fè nou menm envitasyon an, se paske sa enpòtan anpil. Paske, Sila kap vini an se lapli ; e si nou ka twonpe solèy, kay koule ke nou, konnen byen nou pap ka twonpe l.

Si nou gade byen, nap wè kòman Litiji a pran menm sa Izayi tap preche a pou li louvri pòsyon Levanjil jodi a. Se sa ki fè toulede pale de yon chemen. Men, se ki chemen sa ?

Nan Labib la, chemen se yon langaj kòde yo itilize pou pale de lavi moun : lavi nou ; lavi pa m, lavi pa w : lavi nou tout. Kidonk, lavi nou, se chemen kote Bondye pase. Men si Izayi mande nou pare chemen sa, sa vle di dezisyon an nan men nou ; e pèsonn paka fè l nan plas nou. Men nou rekonèt kijan nan kad aktivite enpòtan sa a, nou kapab pèdi, nou ka egare ; se pou sa Bondye toujou voye nouvo Izayi ak Jan-Batis ki pou envite nou pran konsyans kijan nou bezwen byen trase chemen an, kijan nou bezwen aplani mòn yo, kijan nou bezwen konble ravin yo avan nou ale rankontre Granmèt la, Li menm ki, an reyalite, gentan fè 99 premye pa yo – nan 100 nou bezwen yo - e mande nou fè yon sèl grenn pa a.

Pa bliye, se nan kè nou dabò nou bezwen prepare vini Granmèt la. Se poutèt sa, nou dwe chèche debarase nou ak tout sa ki nan nou, men ki pa mache ak volonte Bondye. Konsa, nan relasyon nou ak pwochen nou, nou pa dwe jete dlo sal la ak tout bebe a. Sa vle di, lè yon pwochen ofanse nou, nou dwe sonje li gen sa ki bon nan li, e nou pa dwe sispann pran chemen rekonsilyasyon an, menm jan ak Bondye ki pa sispann padone nou. Tan Lavan an ap fè nou sonje kòman nou se moun ; e paske nou se moun, nou ka fè sa ki pa kòrèt, ni lòt yo tou. Kifè, nou dwe sispann jije yo, nou dwe sispann kondane yo ; paske trètman nou ba yo, se trètman nou bay Bondye (Mt 25, 31-40).

Pa konsekan, an nou deside dezabiye nou ak rad peche a. An nou deside fonn nyaj manti, egoyism, jalouzi, trèt, rankin, pale mal, lògèy, pwofitè, eksplwatè, abi, ak tout lòt peche yo, ki fè jou nou yo toujou parèt sonb yo. An nou divòse ak tout kalite zidòl, kèlkeswa fòm li ta pran nan lavi nou, e ki anpeche nou wè e sèvi Bondye, sitou nan lòt yo. An nou aprann pataje ak moun ki nan nesesite, pa bagay nou pa bezwen, men sitou nan sa ki nesesè pou nou. An nou fè bèl chan sa a tounen yon reyalite nan lavi chak jou nou ; bèl chan Noel Colombier sa a ki di:

Le Seigneur vient (2) : Préparez-Lui le chemin !

Abaissez les collines et comblez les ravins. Déplacez les rochers qui ferment vos chemins.

Toi qui as deux manteaux, toi qui es fortuné ; voici venu le temps d'apprendre à partager.

Vous qui avez des armes, soldats et policiers ; voici venu le temps de rétablir la paix.

Toi qui as le savoir, toi qui es diplômé ; c'est pour servir les autres et non les dominer.

Spécialistes orgueilleux, vedettes à succès ; vous êtes un arbre mort qui va être coupé.

Quittez votre péché, il faut vous convertir. Il faut changer vos cœurs : le Seigneur va venir.

 

Okazyon an, se pou nou pran tan Lavan an pou sa li ye a : yon tan kote nap tann, nap prepare pa lantremiz konvèsyon. Yon tan ki envite nou tounen do a lavi pase nou, pwofite moman gras sa Bondye ban nou an, e fè sa n kapab pou nou vin pi bon. Kifè, Lavan an plis annafè ak kè nou. Se la, nan kè a, Granmèt la envite nou prepare pou li. Jodi a menm, Granmèt la envite nou kòmanse yon eksperyans tounèf avèk li. Se pou sa Sen Mak kòmanse Levanjil li a ak menm mo ki kòmanse liv Jenèz la : Kòmansman. Se pou montre nou kòman nan Jezi, se yon kreyasyon tounèf Bondye lanse. Kifè, avèk li, nou toujou nan frechè lagras Bondye Papa a, nou toujou nan « jodya » li a. Kifè, nou pa dwe mize sou demen ou pita ki pa pou nou, men pwofite jodi a, ki se yon prezan, ki se yon kado. E se kisa w wè w te ka chanje la ki tap pèmèt ou pi moun, pi kretyen, pi fratènèl, pi moun, plis ou menm ?

Se objèktif tan Lavan an menm. Yon tan Bondye ban nou chak ane pou nou repati a zewo ; yon okazyon pou nou relimen flanm lespwa ki nan nou an ; yon chans pou nou vin sa-nou-te-dwe-ye-a. Pa voye pou pita sa w ka fè kounye a menm. E se lè nou fin fè eksperyans sa, nap pare pou n tounen nouvo Izayi, nouvo Sen Janbatis ak nouvo Sen Pòl kap endike moun ki egare yo Jezikri, sèl vrè Chemen ki mennen nan Lavi tout bon an ; Jezikri ki, Sèl, ka fè dezè lavi nou fleri e donnen fri : fri renmen, fri lapè, fri larekonsilyasyon, fri libète tout bon an, fri pataj ak fri solidarite, fri kap dire.

 

Bondye Papa nou,

Ou ban nou tan favè sa a

Pou nou chanje fizi nou zepòl.

Tanpri, pa kite nou kite gaspiye l.

Si jodi a ou mande nou

pou nou kontinye prepare chemen lavi nou,

Se paske gen sa ki pa fin kòrèk.

Ban nou kouraj pwoche Sakreman Larekonsilyasyon an.

E lè nou fin savoure mizerikòd ou a,

Ban nou kouraj pou nou padone tout lòt yo

Espesyalman sila yo ki ofanse nou yo.

Nou rekonèt se sèl mwayen

Kè nou ka tounen nouvo pak zannimo

Kote Pitit ou a vin pran nesans.

 

Gran Frè nou Jezi :

Ban nou lapè nan kè nou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 550 053
Publicité