Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
1 décembre 2023

Premye Dimanch Tan Lavan B - Veye

Premye Dimanch Tan Lavan B / Mak 13.33–37

Ak Sila Ki Gen Pou Vini An, Nap Veye

 

210221_2

Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi na delivre ! (Sòm 80).

Se kalite SOS sa, se kri detrès sa a pèp Bondye a, yon pèp ki tap konnen imilyasyon, ki te gaye tout kote, yo tap pyetine, ki te dezèspere… tap lanse. Se ak pawòl konsa li tap adrese l a Bèje li, Papa Bondye, nan yon moman kote gwo tap kraze piti san rete. Yon sitayasyon ki sanble tèt koupe ak sa Peyi nou Ayiti, ak anpil lòt peyi ap konnen jounen jodi a ; peyi nou ak peyi sa yo ki bezwen konkou lapriyè ak solidarite nou tout ak nou chak. Wi, se vwa yon pèp ki tap konnen gwo soufrans, men ki te gen kouraj leve vwa li nan direksyon « Sila ki chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo,» paske yo te sèten Bondye pat abandone yo.

Frèm ak sèm yo, nan mitan move moman yo, Bondye pa janm abandone nou. Pèp Jwif la te gen konviksyon sa. Yo te kwè Bondye te toujou prè pou pote yo sekou. Wi, li te la, e li toujou la. Nou sonje kòman li te di Moyiz li rele : « Mwen se Sila ki toujou la » (Egz 3 :14). Sèl sa nou bezwen, se rele bò kote l ak pasyans e detèminasyon, sa vle di, ak lafwa. E se nan menm anbyans sa pwofèt Izayi envite nou antre nan premye Dimanch Lavan sa. Li envite nou gade kouraj, kenbe nan lafwa, pa kite tantasyon anvayi nou, pa kite somèy èspirityèl la pran nou ; kidonk, rete vijilan. E si nou gade byen, nap wè se menm envitasyon sa a Jezi fè nou nan Levanjil la. Poukisa ?

Nan litiji Legliz la, Lavan an, se yon tan kote nap prepare gran Fèt Nwèl la. Men, pou moun kap fè komès, se yon peryòd kote moun achte anpil. Nou sèlman bezwen gade mache yo ak magazen yo pou nou wè kòman se yon pawòl vrè. Depi yon bon moman, anpil dekorasyon ak kado Nwèl gentan nan tout bourèt, nan tout laye, nan tout etajè, nan tout boutik. Kifè, nan mitan tout sousi sa yo, ak pil lòt moman move moman nap konnen nan lavi chak jou nou, nou riske bliye sa ki bay fèt Nwèl la tout sans li, nou riske pase akote vrè reyalite Nwèl la, nou riske bliye fè plas pou Bondye nan lavi chak jou nou, nou riske fè tankou moun Bètleyèm yo ki te gen plas pou tout moun ak tout bagay, sof pou Mari, Jozèf ak Bebe-Jezi (Lik 2 :7).

Jezi wè gwo danje sa kap gete nou an. Se pou sa li envite nou rete sou gad nou ; se pou sa li envite nou veye, menm jan yon jeran kap veye mèt kay la ki an vwayaj e ki ka retounen a nenpòt ki lè. E se egzakteman sa Tan Lavan an ye : yon tan kote nap veye. Se pa yon tan kote « nap tann yon moun nou pa konnen, men yon Bondye ki te deja vizite nou, yon Bondye nap tann ak anpil konfyans ak anpil lafwa » (Sen Jan-Pòl 2). Lavan an, se yon tan kote Legliz ki manman nou envite nou veye dekwa pou nou pa rate randevou nou ak Mesye Marye li, Kris la, ki te vini, ki vini chak jou e ki gen pou vini nan tout bèlte li. Si Legliz la fè sa, se paske anpil fwa, nou twò anvi dòmi, menm jan ak 10 fanm vyèj yo (Levanjil 32e Dimanch A).

Se sa ki fè, somèy Jezi ap pale nou de li nan Levanjil la pa fizik ; se pa somèy santi lè kò nou fatige. Lannuit sa a, se pa lè l kòmanse fè nwa. Se pito parès nou yo, dezespwa nou yo, se fwadè èspirityèl nou yo. Se dezekilib mond sa a ki pa sispann degrengole a. Se medyokrite èspirityèl nou yo. Se lè nou kite endiferans ranpòte sou solidarite ; lè nou kite egoyism ranpòte sou pataj ; lè nou kite pikan vyolans toufe jèm renmen an. Somèy sa a, se moman lannuit èspirityèl nou yo ; menm somèy ki te pèdi Jida a (Jan 13 :30) ; se pèsekisyon nou yo, se pasyon ak eprèv nou yo. Kifè viv tan Lavan an, se deside mete medyokrite èspirityèl nou yo deyò, se byen itilize favè Papa Bondye konfye nou.

Rete veye, se rete tann ak konfyans, malgre tout difikilte. Se gade lespwa, malgre nou pa wè ni devan, ni dèyè ; se kontinye lapriyè, menm lè van yo ap vante nan sans kontrè. Se rete debou menm lè tout bagay ap degrengole tout alantou nou. Rete veye, se kontinye kwè Bondye vini chak jou, men toujou kote ak lè n patap atann li. Rete veye, se toujou pare pou vizit li yo. Se rete sou gad nou ; se, tankou Sen Chal Foukol te di « viv chak jou konmsi nou pral mouri aswè a. » Tan Lavan an, se sa. Se Tan kote Legliz la envite nou reveye dimansyon pasyans nou, yon tan kote Bondye envite nou kenbe limen lanp lesperans nou.

E si nan Levanjil jodi a, a 3 repriz, Jezi ankouraje nou rete veye, pa kite dòmi pran nou, se paske sa enpòtan anpil pou nou menm kap viv nan yon mond ki fin sonbre nan lenjistis, nan desespwa, nan endiferans. E poutan, se nan menm mond sa a Bondye te voye pwofèt yo, e jodi a nou menm, antanke mesaje lesperans, tankou yon gro chandèl ki byen limen nan yon espas fènwa, pou nou tounen moun kap veye nan lapriyè ak nan pataj.

Si jodi a, Papa Bondye ta deside pou nou fè gran rankont la avèk li, eske n tap pare ? Men ki kesyon tan Lavan an envite nou reflechi sou li… E kesyon sa, se pa pou fè nou pè, men yon envitasyon pou nou aji an kretyen rèsponsab dekwa pou vini Granmèt la, kèlkeswa lè l ta ye a, pa fè nou sezi.

Bon Tan Lavan pou nou tout !

Randevou a Bètleyèm !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 550 053
Publicité