Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
30 novembre 2023

Ti koze sou Lavan an

Cournne de l'Avent

Listwa

Mo Lavan an soti nan yon mo Laten, « Adventus », ki vle di « vini. » Konsa tou, li ka vle di « prezans » oubyen « rive. » Lontan, yo te konn itilize mo sa a pou fè konnen lè yon moun enpòtan : tankou yon gran fonksyonè, yon wa, yon anperè, tap vini ou rive nan yon pwovens nan kad vizit ofisyèl li.

Konsa tou, yo te konn itilize mo sa a nan domèn relijyon pou pale de manifestasyon dye yo, pa lantremiz kèk siy etranj moun yo pat toujou konn wè e konprann.

Konsa, kretyen yo itilize mo « Avan an / A-V-E-N-T » (nan Fransè), pou pale de Kris la, ki se Wa yo, kap vin vizite yo nan pwovens yo, ki se tè a. konsa, yo itilize mo sa a pou di : Bondye ap vini, oubyen Bondye deja la, li pa janm abandone mond la.

Se sa ki fè, pandan tan Lavan an, nou selebre vini Kris la sou 3 fòm :

1.- Nesans li nan bouk Bètleyèm

2.- Vini li chak jou nan kè moun bòn volonte yo

3.- Vini li gen pou vini an, nan finisman syèk tan yo (Kredo a)

Se depi nan 4e syèk Legliz la te kòmanse selebre Tan Lavan an. Lè sa, Lavan te kòmanse chak 11 Novanm e li te konn fini 24 desanm. E se jis nan 6e syèk, nan Sakramantè Pap Gregwa a, Tan Lavan an te vin redwi a 4 semèn. Pou moun ki pa konnen, yon Sakramentè, se yon liv èspesyal nan Legliz la ki di kòman tout Selebrasyon yo nan Litiji Legliz la dwe dewoule, e kòman Sakreman yo dwe administre.

Konsa, depi lè sa pou jis jounen jodi a, Tan Lavan an kòmanse Dimanch ki vini touswit aprè gran fèt Kris-Wa a, ki toujou tonbe ant 27 Novanm e 3 Desanm. Men teknikman, Tan Lavan an kòmanse ak Vèp oubyen Lamès Samdi ki vini aprè solanite Kris-Wa a. Konsa tou, yon nouvo lane Litijik tou kòmanse.

Pou finisman Tan Lavan an menm, se toujou 24 Desanm, avan Vèp oubyen Lamès Vijil Nwèl la, paske anpil fwa, 4e Dimanch Lavan an konn tonbe 24 Desanm (tankou ane 2023 sa a).

Divizyon Tan Lavan an

Tan Lavan an gen 2 pati :

Premye pati a kòmanse ak Vèp oubyen Lamès vijil la (samdi swa aprè gran Fèt Kris-Wa a) pou rive 16 Desanm, kote nou plis ap tann, nan lèsperans.

Dezyèm pati a kòmanse 17 Desanm e li fini 24 Desanm avan Vèp yo oubyen Lamès nan aswè a, kote nou plis ap prepare nou aktivman pou n akèyi, nan gwo kè kontan, tout gras, tout favè gran fèt Sovè a ap pote pou nou.

Koulè :

Pandan tan Lavan an, Legliz la abiye ak koulè vyolèt, nou rele mov tou. Nan tan lontan, yo te konn itilize koulè vyolèt la pou senbolize wayote, puisans, diyite ak richès. Vyolèt la tou senbolize jefò moun ap fè pou mennen yon lavi senp, yon lavi dwat, san yo pa kite anyen distrè yo. Konsa, Legliz la adopte koulè sa e li transpoze l pou li aplike l a penitans, lapriyè, pataj, jèn, vijilans ; e li itilize l pandan tan Lavan (ki prepare gran fèt Nwèl la), ak tan Karèm (ki prepare gran fèt Pak la). Pandan tan Lavan an, Legliz la abiye ak koulè vyolèt (oubyen mov la) pou make tann lap tann Kris la.

Pami tout koulè yo, se vyolèt la ki pi pal, ki pi sonb. Pou nou jwenn vyolèt, nou melanje wouj ak ble. Nan ikonografi Legliz la, yo asosye koulè ble a ak divinite (Bondye), e wouj la ak imanite (moun). Konsa, vyolèt pandan tan Lavan an ban nou yon lide de Sila nap prepare pou nou rankontre a, Jezikri, ki alafwa moun ak Bondye. Atansyon, se pa 50% moun e 50% Bondye, men 100% moun, paske li fèt nan vant Mari, e 100% Bondye paske li se Pitit Bondye ki la depi toutan an.

Men nan twazyèm Dimanch tan Lavan an, Legliz la abiye ak koulè woz, ki pa tèlman vle di renmen, men pito kè kontan ; kè kontan nezans Pitit Bondye a ap pote pou nou an. Konsa, nan twazyèm Dimanch Lavan an, Legliz la envite nou fon ti goute sa n pral savoure jou Nwèl la.

Yon entèdiksyon pandan Tan Lavan an:

Pandan tan Lavan an, Legliz la pa chante « Gloria », men toujou gen Alelouya, kontrèman a tan Karèm ki pa gen ni Gloria, ni Alelouya. Poukisa ?

Nou rele « Gloria » a chan zanj yo ; paske, pa bliye, se jou Nwèl la zanj yo te premye entone chan sa a devan gadyen mouton yo. Konsa, Legliz la mete chan sa a sou poz pandan Lavan an pou li selebre, nan yon pi gwo kè kontan, anivèsè jou sa a chan sa te antone pou premye fwa nan tout listwa mond la, pou chak pawòl yo rezone pi byen.

Men : gen kèk okazyon kote nou tande Legliz la antone chan sa a kanmenm. Pa egzanp, si Legliz la ap administre kèk sakreman, tankou Maryaj, Òdinasyon ak konfimasyon ; nan solanite Notre-Dam Imakile Konsepsyon, ak kote yo selebre Notre-Dam Guadalupe kòm yon fèt (tankou nan Amerik la, paske li se patwòn tout Amerik la).

Non Dimanch Lavan yo

Pou moun ki pat konnen, chak Dimanch Lavan yo gen yon non. E pou bay Dimanch sa yo non, yo pran premye ou 2 premye mo chak Antyèn yo (yon Antyèn, se vèsè ki louvri Lamès yo ; nou jwenn yo nan Misèl yo, avan gran premye lapriyè a, sa nou rele kòlèk la).

Konsa, premye Dimanch Lavan an rele « Levavi, » ki vle di « leve », paske vèsè ki kòmanse Lamès la di konsa : « Mwen leve nanm mwen nan direksyon ou, Bondye » (Sòm 24,1).

Dezyèm Dimanch la rele « Populus Sion » ki vle di « Pèp Siyon an », paske vèsè ki kòmanse Lamès la di konsa : « Pèp Siyon, ou menm ki rete Jerizalèm, ou pap janm kriye ankò » (Izayi 30,19).

Twazyèm Dimanch la rele « Gaudete », ki vle di « Kè kontan », paske vèsè ki kòmanse Lamès la di konsa : « Fè kè nou kontan nan Granmèt la ; mwen repete nou li : fè kè nou kontan » (Filipyen 4,4).

Katriyèm Dimanch la rele « Rorate Cæli», ki vle di « Syèl, simen lawouze », paske vèsè ki kòmanse Lamès la di konsa : «Simen lawouze, Syèl, simen jistis ou a tankou nyaj, se pou tè a louvri pou resevwa Delivrans la» (Izayi 45,8).

Asosyasyon chak Dimanch yo :

Chak Dimanch Lavan yo asyosye ak yon kalite èspesyal nan lavi kretyèn nan, sa nou rele vèti yo. Konsa :

Premye Dimanch la asosye ak Lesperans ; paske, nan lafwa, nou kwè nou pa pou kont nou. Nou konnen Kris la ap vini pote delivrans la. Konsa, nap tann.

Dezyèm Dimanch la asosye ak Lapè ; lapè Kris la, Prens kè poze a, ap pote pou nou an. Dayè, se sa zanj yo te chante jou nesans li : « Viv Bondye nan syèl la, kè poze sou tè a pou moun pa li yo ! »

Twazyèm Dimanch la asosye ak lajwa, paske Sovè nap tann nan pa lwen rive. Nou konnen li gen pou l rive ; kifè, se deja kè kontan pou nou.

Finalman, katriyèm Dimanch la asosye ak renmen ; paske Sila ki fè nan pak zanimo yo, se imaj, se manifèstasyon, se prèv renmen Bondye Papa a pou nou, ak pou tout limanite.

Kouwòn Lavan an :

Depi nan 16e syèk, èspesyalman nan Nò Almay, Legliz la kòmanse itilize yon kouwòn pou envite kretyen yo prepare fèt Nwèl la pi byen. Gen plis toujou nan listwa kouwòn nan, men nou pap antre nan sa, nap jis ale a lesansyèl. Kouwòn nan fèt ak branch pen ou sapen, ki senbolize lavi paske fèy yo toujou vèt. E nan kouwòn nan, nou toujou wè bèl dekorasyon wouj ak 4 bouji.

Kouwòn Lavan an gen anpil sans. Dabò, li fèt tou won pou senbolize Jezi, Solèy Jistis la (Malachi 3,20), e anonse retounen li, tankou tan Lavan an fè sonje sa a. Konsa, Lavan an pa sèlman yon tan kote nap prepare pou selebre Nwèl la, men yon tan kote nap ensiste sou retou Granmèt la, tankou nou pwofese sa nan Kredo a. Pi plis toujou, li senbolize nati Sila gen pou vini : li se Bondye ki pa gen ni kòmansman, ni finisman. Li se Lenfini.

Konsa tou, 4 bouji yo gen sa yo vle di :

Chak fwa nou di 4, nou panse ak sezon yo, 4 pwen kadinal yo, 4 Levanjil yo. Men nan konteks tan Lavan an, li senbolize 4 gran etap nan listwa delivrans la, avan vini Sovè a.

Premye bouji a reprezante padon Bondye Papa a te akòde Adan ak Èv, aprè yo te fin dezobeyi, e yo te mande yo kite paradi Eden nan.

Dezyèm bouji a senbolize lafwa Abraran ak patriyach yo ki tap tann Tè Granmèt la te pwomèt la.

Twazyèm bouji a senbolize kè kontan David, ki tap selebre Alyans Granmèt la aprè Bondye te fin pwomèt li kòman desandans li ap la pou toutan.

Katriyèm bouji a senbolize lansèyman Pwofèt yo ki tap anonse vini yon reny lapè ak lajistis.

Chak Dimanch, aprè 2e Lèkti a, sa vle di avan pwoklamasyon Levanjil la, oubyen aprè lapriyè inivèsèl la, Prezidan Lamès la limen yon bouji nan sans envès fason egiy mont yo mache ; e li dwe kòmanse avèk bouji ki anfas bouji woz la. Konsa, plis fèt Nwèl la ap pwoche, se plis ap gen plis limyè.

Se pou Papa Bondye ban nou lagras pou nou byen viv tan Lavan an pou yon pi bon selebrasyon fèt Nwèl kap rive a ! 

Source:

www.lacroix.org

www.liturgiecatholique.com

www.lejourduseigneur.com

www.eglise.catholic.fr

 

 

Rechèch ak adaptasyon :

Pè Emmanuel Fénélus

Dyosèz Fòlibète, Ayiti

30 Novanm 2023, Fèt Sen Andre, Apot

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 251
Publicité