Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
29 décembre 2023

Dimanch La Sent Fanmiy

Lik 2, 22.39-40

mgr127-sainte-famille-z

Frèm ak sèm yo, pwobableman tout radyo, tout televizyon deja sispann pase mizik Nwèl. Epoutan nan Legliz la, nou kontinye ap savoure kè kontan gwo evénman sa a. Nou kontinye ap chante « Glorya viv Bondye nan syèl la, kè poze sou tè a pou moun ki gen bòn volonte !» Wi, nou kontinye ap fè lwanj pou Li ki fè Pitit li a tounen moun. Men Dimanch ki vini touswit aprè jou Nwèl la, Legliz la envite nou medite sou mistè Fanmiy ki sen an, Fanmi Jezi-Mari ak Jozèf la, Fanmiy Nazarèt la, modèl tout fanmiy ki sou latè beni, patikilyèman fanmiy kretyèn yo.

Kesyon nap poze, se poukisa litiji a pwopoze fanmiy yo fanmiy Nazarèt la kòm modèl yo ? Lè nou gade fanmiy sa a, nou pa wè l sanble ak sa nap wè nan lavi chak jou nou nan sak pou wè ak lavi fanmiy: Timoun nan, Bebe-Jezi, se Bondye. Manman an vyèj ni avan, ni pandan, ni aprè nesans timoun nan. Kanta papa a, li pat twò gason pase sa. Anpil ikón montre Jozèf te granmoun lè Jezi te fèt. Pwotevanjil Jak la menm di : Jozèf te gen 73 an lè Jezi te fèt. Epoutan, si nou gade lapriyè kòlèkt la, nap wè yo pale de fanmiy sa a kòm modèl fanmiy yo.

Litiji a fè sa, paske moun ak Bondye pa toujou gen menm ideyal. Yonn nan bagay ki montre sa, se lavi maryaj la : chak gason ta renmen bò kote yon fi, chak fi ta renmen bò kote yon gason, pou fè vi yo, ak timoun yo bò kote yo. Epoutan, konbyen moun ki marye, ki renmen lòt, men ki paka gen timoun ! Konbyen timoun tou ki rive fèt san paran yo pat swete sa, san yo pat ko gen pwojè a ! Wi, menm jan gen anpil moun ki renmen tankou Matoun ak Janjak epoutan ki paka gen timoun, konsa tou, gen anpil timoun ki rive fèt san manman yo ak papa yo pat renmen lòt vre. Gen anpil lòt kap konnen move lavi, yap bat dlo pou fè bè. Genyen, malgre yo fè sa yo kapab, menm timoun yo, o mwen, pa ka rive viv lavi yo te swete pou yo a. Lè timoun yo fè tout sa sosyete a mande yo fè, epoutan yo paka viv yon lavi ki korèsponn ak diyite yo. Lè sa, sa ki viv nan tèt nou, sèke nou echwe, paske pou nou menm moun, tout bagay sa yo, pa tonbe daplon ak sa nou panse de vrè lavi a.

Epoutan pou Bondye, pa gen echèk. Sèl echèk, se sèlman lè nou refize akeyi renmen li a. An reyalite, menm si yon moun ap konnen move moman, sa pa vle di li pap viv pou Bondye. Menm si yon moun ap bat dlo pou fè bè, li ka toujou fè li disponib pou akèyi kè kontan Bondye vle ban nou an. Kifè, kritè nou chita sou yo pou n pale de kè kontan an, se pa sou yo Bondye chita pou l pale de kò kontan. Ann gade sa pi byen bò kote fanmiy Nazarèt la.

Jozèf, se sila ki pran swen Jezi tankou se pwòp Pitit li. Wi wi, Jozèf te bay Jezi yon chans pou li te viv. Li te fè sa ak lajan travay li, li te fè sa nan fason l te jere lavi li : nan silans, nan diskresyon ; kontrèman a mond jodi a ki fè konpliman pou moun kap montre sa yo fè sou tout rezo sosyal. Nap viv nan yon sosyete ki plis ap pouse nou genyen plis, jis pou nou itilize plis ; konsa, menm si piti yo ap kraze, sa pa di nou anyen. Epoutan Jozèf, nèg kòrèk la, se nan jan l te devwe, se nan jan l te diskrè li te pèmèt Jezi ak Mari viv.

Mari se manman Jezi. Li te prefere mete akote e bliye tout pwojè pèsonèl li paske li te vle bay lavi. Li te gen pwojè viv nan kè kontan ak Jozèf ; epoutan li te anbrase pwojè Granmèt la ; e depi lè sa, lavi l te kòmanse tounen yon kalvè : nan monte Bètleyèm tou gwo vant pou resansman an; nan akouche nan yon pak zanmino ; nan tande pwofesi Simeyon an, nan prese al an Ejip ; nan retounen Galile ; nan gade fason konstwayen pitit li a te rayi l, nan soufrans ak lanmò sèl grenn Pitit li a. Mari abandone pwojè pèsonèl li dekwa pou l fè tèt li disponid pou plan Granmèt la. Li bay lavi ; e Jezi, sèl grenn Pitit li a, se lavi a menm.

Jezi se lavi paske li se Bondye ki soti nan Bondye, sous lavi a. Men li pa gade sou sa, tankou Sen Pòl di sa nan Efezyen 2 : li kite tout bèlte li, li vin sou tè a pou sakrifye tèt li, dekwa pou ka delivre. Li fè tèt li pòv, pou l ka enrichi nou ak povrete li a. San li, nou egziste, men nou pap viv.

Kifè, Legliz la bay fanmiy yo Fanmiy Nazarèt la pou modèl yo paske, nan diskresyon, yo pèmèt lòt yo viv, yo pèmèt Bondye viv nan nou, san yo pa klewonnen sa. Fanmiy Jezi, Mari ak Jozèf la se yon modèl ki aprann nou pa pè abandone pwojè pèsonèl nou, depi se pou pèmèt plan Bondye reyalize. Yo chak pat pè pa gade pou anyen sa yo te ye e sa yo te gen kòm pwojè dekwa pou pèmèt favè Bondye rive jwenn tout tè a ; dekwa pou bay priyorite a volonte Papa a.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo ; Fèt Lasent Fanmiy nan ap poze nou yo sèl kesyon : kisa nou prè pou nou sakriye : pou bay volonte Bondye, pwogrè peyi nou ak pwochen nou priyorite ?

An reyalite, si nou menm tou, nou dakò mache nan chemen fanmiy Nazarèt la te mache ; si nou renonse a pwòp lògèy nou, si nou divòse ak rankin, si nou sispann wè tèt nou tèt sèlman, si nou pa pè sakrifye anbisyon pèsonèl nou, depi se pou byen lòt yo ak volonte Papa Bondye, nou mèt sèten sakrifis nou yo ap rejwenn sakrifis Fanmiy Nazarèt la, e Papa Bondye va pran plezi nan nou.

***

Bòn Fèt Lasent Fanmiy!

Bòn ane pou nou tout!

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 864
Publicité