Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
18 décembre 2021

Meditasyon pou 4e Dimanch Tan Lavan – C

Lik 1, 39-44 / Kote Mari rive, Jezi prezan

 

La visitation (tapisserie, 1410)

Frèm ak sèm yo, nou rive nan 4e e dènye Dimanch Tan Lavan, ane litijik C a. Anfen, gran Mistè nou tap prepare depi plizyè jou a rive sou nou, Mistè Lenkanasyon an, Bondye ki tounen moun e ki vin fè rankont ak moun. Kifè, nou tap gen rezon si nou ta rele Dimanch sa « Dimanch rankont. » Sa fè, si Bondye ap vin rankontre nou, nou bezwen byen prepare pou nou resevwa L. E nan lide pou nou byen resevwa L, litiji Lapawòl la envite nou medite sou dezyèm mistè kè kontan yo, sa nou rele nan langaj fransè Mistè jwaye yo, ki se lavizitasyon.

Mistè vizitasyon an, se rankont 2 medam ki diferan, men ki sanble tou. 2 medam sa yo diferan paske yonn te jenn (Mari), e yonn te Granmoun (Elizabèt). Mari te gen tout lavi li devan l, li tap viv fiyansay li nan kè kontan, li te gen bèl pwojè marye ; kanta Elizabèt, li te fin marye, li te granmoun e li te nan lapenn paske li pat ka fè pitit (nan ta sa a, moun yo te wè paka fè pitit kòm yon gwo siy malediksyon). Men yo sanble paske yo toulede resevwa mesaj pa latranmiz Gabryèl ki anonse yo yo te pral anfante gras a yon mirak, e yo toulede sanble ak Àn, manman pwofèt Samyèl. Elizabèt sanble ak Àn paske yo toulede te steril, sa vle di yo pat ka fè timoun. E yo toulede jwenn favè devan Bondye ki fè yon mirak pou yo kote yo chak te pral bay nesans a yon gran pwofèt: Àn anfante Samyèl ki konsakre David, premye vrè Wa Israyèl ki sove pèp li a e ki te resi reyini tout tribi yo; Elizabèt anfante Janbatis, ki plis pase yon pwofèt e ki batize Mesi a ki rasanble pèp ki te lwen yo ak pèp ki te tou pre a. Mari sanble ak Àn nan non yo ki vle di menm bagay : « Bondye fè gras » ; e menm jan ak Àn, Mari te pral bay nesans a yon ti gason ki se Prèt, Pwofèt e ki tap grandi nan laj ak nan sajès devan Bondye ak devan tout moun (1 Sm 2,26 ; Lik 2,52).

Se atitid 2 medam sa yo Litiji a envite nou gade pou nou kontanple e byen selebre fèt Nwèl ki deja rive a. Atitid sa a se lafwa, yon lafwa ki dinamik, yon lafwa ki se sinomin disponiblite. Wi, se sa ki konte pou Bondye: yon lafwa ki pouse nou fè tèt nou disponib. Menm jan Jezi te pral di pita : « Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv Lalwa a» (Ebre 10,7), Mari di zanj Gabryèl: « Men Sèvant Granmèt la, se pou sa rive pou mwen jan ou di l la.» Sen Augustin kòmante, li di : « Se sa ki pi admirab lakay Mari : Se pa paske Bondye te prezève li de mak peche a (Imakile Konsepsyon), se pa menm paske li Manman Bondye, men se paske li te gen lafwa. » Kouzin li Elizabèt te konprann sa trè byen ; li te konnen se lafwa ki fè tout grandè Mari, e se sou sa li baze pou l fè konpliman pou Mari. Se sa ki fè, kou Mari salye l, li di : « Kisa m ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan. Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. »

Pa Lantremiz vizit sa a ak deklarasyon sa yo, Sen Lik envite nou wè nan Mari Nouvo Bwat Kontra a. E pou nou konprann sa pi byen, nou bezwen al fouye Bib la. E premye kote nou bezwen ale, se nan premye Liv Wa yo (8,6-12). Li di nou : apre sa, Prèt yo pote Bwat Kontra a nan plas li, kote ki apa nèt la (le Saint des saints). Lè Prèt yo soti, te gen anpil Nyaj. Nyaj la, ki se Glwa Granmèt la, plen kote ki apa nèt la. Se menm sa Gabriyèl te di Mari : « Lesprisen pral vin sou ou ; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj » (Lik 1 :35). 

Touwuit, nou bezwen ale nan Lèt pou Ebre yo ; chapit 9 vèsè 4 la di nou :  Bwat Kontra a te kouvri nèt ak lò. Anndan l, yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen Lamàn dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a, sa vle di Lalwa a. Menm jan anndan vant Mari, te gen Jezi, Granprèt Nouvo Kontra ki la pou tout tan an (Ebre 5 :6), Pen vivan ki desann sòt nan syèl la (Jan 6), Pawòl Bondye a ki tounen moun (Jan 1,1.14).

Pou nou konprann pi byen toujou kòman Mari se Nouvo Bwat Kontra a, nou bezwen mete fas a fas 2 Samyèl 6 ak Levanjil daprè Sen Lik la, chapit 1. Nan 2 Samyèl 6, nou li : Pandan yo tap pote Bwat Kontra a al Jerizalèm, Ouza al oze touche l, menm kote a li mouri frèt. Lè David wè sa, li di : « Kòman pou Bwat Kontra a antre lakay mwen. » Se menm pawòl sa nou jwenn nan bouch Elizabèt ki di Mari : « Kisa mwen ye menm pou manman Mèt mwen vin lakay mwen ».

Se konsa David pran desizyon pou l pa pote Bwat Kontra Granmèt la lakay li nan Lavil li a. Li fè yo pote l kay Obèdedon, yon moun lavil Gat. Bwat la pase twa mwa lakay li. Granmèt la te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li. Sen Lik presize pou nou : « Mari pase twa mwa lakay Elizabèt. »

Lè David tande jan Granmèt la te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l tap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra a pou pote l nan Lavil li a avèk gwo seremoni sou tout wout la. Lè moun ki tap pote Bwat Kontra la fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon ti towo bèf chatre pou Granmèt la. Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Granmèt la. Mikal, pitit wa Sayil la, ki te wè sa, te fache, li di David se bagay vagabon wap fè. David reponn, non, se devan Granmèt la map danse. Se egzakteman sa Elizabèt temwaye, li di Mari : « Gade, bonjou w la poko menm rive nan zòrèy mwen, ti pitit la (Janbatis) gentan pran danse. »

Wi, Mari se Bwat Kontra tout bon an, puiske lèt pou Kolosyen yo (2,17) di nou : « Tou sa (tout bagay Ansyen Kontra a) se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye. » Mari se senbòl prezans Bondye nan mitan pèp li a. Nan epizòd vizitasyon an, li parèt tankou fanm sa a ki bay Israyèl asirans prezans Bondye ak viktwa final la sou fòs fè mal la. Mari inogire tan Mesi a kote peche a ak malè a genyen pou yo aboli. Pèp Benwa 16 rezime pou nou, li di : « Mari pote Jezi nan zantray li tankou yon tabènak e li ofri nou Li antanke kado ki pi sakre a. Kote Mari rive, Jezi prezan. »

Frèm ak sè m yo, menm jan ak Mari, nou menm tou, depi jou batèm nou, nap pote Jezi ki prezan nan kè nou. Depi lè sa, nou te tounen misyonè. Men, kòman nou onore prezans sa ? Eske nou pa kenbe l pou nou, pandan nap chèche vin kòrèk nan yon demach endividyèl, pandan nou rete lwen lòt yo ? Eske n al anonse l bay Lòt yo ? Si wi, kòman nou anonse L ? Eske a travè pawòl nap pale, aksyon ap poze, pozisyon nou pran, moun ka rankontre Jezi ? Eske tou nou fè kè nou piti pou nou resevwa L lè lòt yo vin anonse nou Li, menm jan Mari te kite pawòl Elizabèt yo touche kè l la? Se nan kalite mouvman sa litiji 4e Dimanch tan Lavan C a envite nou antre. E pou nou byen antre nan mouvman sa a, Pap Benwa 16 ban nou konsèy sa a ; li di:

« Epizòd vizitasyon an montre nou kòman akeyi moun se yon bèl bagay. Kote yonn akeyi lòt, kote yonn fè plas pou lòt, Bondye prezan la, kè kontan ki soti nan Li a prezan tou. An nou imite Mari pandan tout tan Nwèl la, nan vizite tout moun kap viv nan difikilte, an patikilye malad yo, prizónye yo, moun kap antre nan laj yo ak timoun yo. An nou imite tou Elizabèt ki te envite vizitè a menm jan ak Bondye Li menm : si nou pa anvi Bondye, nou pap janm konnen L ; si nou pa tann Li, nou pap janm rankontre L ; si nou pa chèche L, nou pap janm twouve L. Ak menm kè kontan Mari te prese al lakay Elizabèt la, nou menm tou, ann al rankontre Granmèt la kap vini. An nou lapriyè pou tout moun kap chèche Bondye, pou yo rive dekouvri kòman se Bondye Li menm ki vin vizite nou an premye. An nou konfye kè nou a Mari, Bwat Kontra tounèf e ki la pou tout tan an, pou li ede nou pare akeyi vizit Bondye a nan mistè Nwèl li a. »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Pitit Bondye a deja la, men nou pap ka rankontre L san nou pa prepare kè nou. Epoutan, san Bondye, pa gen anyen nou ka fè. Se pou sa lap rele nou, Lap envite nou imite renmen ak senplisite Mari a, atitid sa kap pèmèt nou louvri a kado L la. Se Li menm kap aji. Sèl sa li mande, se pou nou akeyi l. Li sèlman mande nou pou n asosye wi nou yo nan wi Mari a de fason pou Li fè kè nou tounen nouvo pak zannimo kote Li ap vin fèt ; kifè, ou menm, si w tande vwa li, pa fèmen kè ou.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 060
Publicité