Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
24 décembre 2021

Gran Fèt Nativite Granmèt la – 25 Desanm

Pawòl la Tounen Moun, e Li Rete nan Mitan Nou – Jan 1 :14

images (1) - Copy

Finalman, li rive, gran Fèt nou tap prepare pou li a. Nouvèl kreyasyon Bondye tap prepare a inogire. Se sa, entansyonèlman, Sen Jan montre nou lè li kòmanse Levanjil li a, ki se pòsyon Levanjil mès lajounen Nwèl la, menm jan ak liv Jenèz la : « Nan kòmansman. » Jenèz la di : Nan kòmansman Bondye kreye tout bagay. Sen Jan li menm, reprann Sòm 32,9 la pou li di: “Nan kòmansman, se te Pawòl la. Pawòl la te bò kot Bondye, Pawòl la se te Bondye. Se ak Pawòl la Bondye te kreye tout bagay, e san Pawòl la, anyen pat kreye. E se menm Pawòl sa a ki vin tounen Moun e ki vin rete nan mitan nou. Nou tout, nou te resevwa nan abondans li a: Se gras sou gras!

Wi, si nan tan lontan, se ak divès mwayen epi nan divès fason, grasa pwofèt yo, Bondye te konn pale avèk zansèt nou yo, nan dènye jou sa yo, Li pale avèk nou gras a Pitit la. Pitit sa a, se pa yon reprezantan Bondye, men pito eritye Bondye nan tout bagay. Li se reyon glwa Bondye. Li se anprent nati Bondye (Ebre 1,1-3). Pa lantremiz prezans Li ki se prezans Papa a nan mitan nou, pa lantremiz lavi Li ki se kado pou pwòp delivrans nou (wè Ebre 10,5-10 ak Jan 10,17), Pitit sa a vin montre nou kijan Bondye Papa a se renmen, è kòman Li renmen chak grenn nan nou. Se renmen sa a ki te fè L desann sou tè a pou L te vin aprann nou volonté Bondye ki se delivrans tout moun (1 Tm 2 :4).

Wi, renmen sa a te fè Pawòl la pat pè vin pran chè nan vant Mari ki vyèj, yon fason pou l te libere moun e fè nou patisipe nan lavi Li kòm Bondye (2P 1,4). Katechis Legliz la kontinye pou l di : « poutèt renmen sa, Bondye Papa a fè L desann vin jwenn nou pou fè nou rekonsilye avèk Li, puiske limanite te twouve l nan yon eta tèlman mizerab. Nati moun nou an te malad, li te bezwen geri ; li tap tonbe, li te bezwen releve ; li te mouri, li te bezwen resisite ; nou te pèdi tout byen nou, fòk nou te rekipere yo. Nou te fèmen nan fènwa, fòk Li te vin pote limyè a pou nou ; nou te anchene, nou tap tann yon Sovè ; nou te prizonye, nou te bezwen sekou ; nou te èsklav, nou te bezwen yon Liberatè » (No. 457).

Sen Toma di : « Pitit Bondye a te vle nou patisipe nan lavi li kòm Bondye, se pou sa Li asime nati moun nan, konsa, etan L tounen moun, Li fè moun tounen Bondye » (Katechis la, 460). Wi, fòk se te konsa, paske nou se kreyati, nou se pechè, nou fèb. Nou pa taka poze kalite aksyon sa a, fòk se ta Bondye Li menm ki pran devan. Se toujou Li menm ki fè 99 premye pa yo, e mande nou fè dènye a. Se pa janm pechè a ki deside pou kò l mande padon. Se dabò Bondye ki deja padone. E, alòske pechè a te ankò lwen, li sonje kòman Papa a gen kè sansib, li retounen. Alòske pechè a ap kalkile kantite peche l yo, Papa a menm ki wè l deside akeyi padon an, nan kontantman Li, Li fè touye ti bèf ki tap angrese a, e Li mande nou antre nan kè kontan fèt la (Lik 15).

Wi, frèm ak sèm yo, depi lannuit 24 desanm nan, se fèt. Klòch ak karyonnen, Glorya, melanje ak bèl kout òg, ap chante. Menm jan li fè sa chak lè nou selebre Nwèl, menm jan li fè sa chak moman, nan chak Lamès, Jezi vini ankò pou chak fanmiy, pou chak peyi, pou chak baz, pou chak relasyon ; Li vini nan kè nou chak. Men atansyon, Sen Jan di : « Li te vini nan peyi L, men moun peyi l pat resevwa L. » Ni kay yo, ni otèl yo pat gen plas pou Li. Kifè, se vre nap selebre Nwèl, nou dekore kay, mete limyè toupatou ; nap fè gwo manje epi separe avèk moun ki deja genyen, nap kouri anpil kilomèt pou n al wè zanmi ak fanmiy… tout bagay sa yo bon. Sen Leon Premye te di : « Jodi a, Lavi a pran nesans nan mitan nou, pa gen plas pou tristès. » Men, menm jan Jezi pat jwenn jenewozite ak solidarite nan Bètleyèm, èske nou pa kontinye rejte l ?

Malerezman wi, nou kontinye rejte l paske nenpòt moun kap selebre Nwèl e ki pa mache nan tras Fanmiy Nazarèt la, li pase a kote Nwèl la. Depi se nan gaspiye lajan, alòske nou pa solidarize nou ak sila yo sosyete a mete akote yo, pòv yo, sila yo ki pa gen non yo, sila yo ki livre a pwòp sò yo a, malad yo, prizónye yo, ti granmoun yo, timoun yo, moun vini yo… nou pase akote fèt Nwèl la. Pou nou repete Sen Oscar Roméo, « Si se nan bèl krèch Nwèl nap chèche Jezi, men nou pa chèche L nan timoun kap mouri ak grangou yo, kap dòmi san yo pa manje anyen yo », nou pase lwen fèt Nwèl la.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, pandan nap di Bondye mèsi pou kalite Kado sa Li fè nou, an nou mande l, avan tout bagay, chèche imite L, nan pa kite nou rete moun kap pale de lapè, solidarite ak renmen, alòske nap gade moun sou figi avan nou sèvi yo. Ann mande L ede n fè nou tounen yon « pak zannimo Nazarèt », ki pare pou resevwa Jezi, nan kèlkeswa moun ki pwoche nou e ki bezwen sèvis nou.

Se pou Nwèl ane sa pote lapè, linite, kè kontan, lespwa, renmen, reyisit, lavi long, limyè, solidarite, respè pou lavi, lasante, lespri pataj, lamitye, byenveyans, padon, pasyans, sajès, lafwa, respè pou diyite moun, gratitid ak lespri patriyotik pou nou tout. Se pou tout souwè sa yo, ak anpil lòt tounen reyalite pou lavi pèsonèl nou, lavi nan lakay nou, nan peyi nou ak nan mond la.

 

Bòn fèt Nwèl pou nou tout!

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 481
Publicité