Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
11 décembre 2021

3e Dimanch Tan Lavan C

Fè kè nou kontan – Lik 3,10-18

 

Jean-Baptiste dans le desert

Frèm ak sèm yo, pami tout Tan fò yo nan Legliz la, Tan Lavan an rete yonn nan tan ki gen anpil bèl chan, non sèlman yo bèl men yo pwofon anpil. Genyen ki tèlman bèl, anpil moun tradui yo nan plizyè vèsyon. Se sa ki rive pou chan ki gen pou tit « O viens Jésus, ô viens Emmanuel ». Nan vèsyon fransè a, li gen kòm refren : « Chantez, chantez, il vient à notre appel combler nos cœurs, Emmanuel ! ». Epoutan, olye de chante, vèsyon anglè a envite nou rejwi. Ekivalans la di an kreyòl : «Fè kè w kontan Israyèl, paske Emmanuel ap vini pou ou ! »

Se egzakteman a sa 3e Dimanch Tan Lavan an envite nou. Se pousa Dimanch sa a nou wè Legliz la abiye an woz, ki se senbòl kè kontan : pè a abiye an woz, anpil pawas mete yon gwo riban woz, epi se nan Dimanch sa yo limen bouji woz la nan kouwòn Lavan an, paske se kè kontan. E si nou gade tout refren yo, tout Lèkti yo, eskèpte Levanjil la, nap wè yo tout fè nou menm envitasyon an. Refren pou antre a menm bay rezon pou nou fè kè nou kontan an, li di : « Toujou fè kè nou kontan nan Granmèt la, mwen repete nou sa, fè kè nou kontan. An reyalite, Granmèt la toupre. »

Men, lè nap gade sa kap pase nan lavi nou kòm moun, ou tou senpleman sa nap viv kòm pèp, nou ta mande èske envitasyon sa pou nou tou, yon pèp ki pa sispann woule nan farin, yon pèp kote tout sa l fè tounen yon gawòt pou li, yo pèp pwofitè pa sispann twonpe, yon pèp ki prèske pa gen mo espwa nan vokabilè kotidyen li ; yon pèp ki pa sispann konte viktim, mati, inosan ; yon pèp ki pa sispann tere mò ;  yon pèp ki pa janm pase yon jounen san mo pwoblèm pa vini nan bouch li, e san li pa eksperimante gwo dout, elatriye. Kifè, nou retounen mande, èske envitasyon sa vo pou nou menm tou ?

Epoutan wi, envitasyon an pou nou menm tou. E nou ka menm oze di envitasyon sa plis pou nou. Premye lèkti a (Sofoni 3 :14-18) ban nou rezon an : « Nou menm, rele chante pou di jan nou kontan! danse ak tout nanm nou ! Granmèt la wete tout moun ki tap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Granmèt la, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò! Nou pa bezwen pè. Pa dekouraje! Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm kap delivre nou. Lap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou.

 Men atansyon, sonje Levanjil la pa envite nou fè kè nou kontan, men li ban nou mwayen pou nou antre nan pwogram kè kontan an. Kifè premye demach pwogram nan mande nou, se yon kesyon ; menm kesyon foul la, Kolèktè enpo yo ak polisye yo te poze Janbatis la : « Kisa pou nou fè ? » E se la Janbatis ap ban nou sekrè a an gwo : « Pataje, fè jistis, pa fè abi, pa akize moun, kontante nou ak sa nou genyen. »

Frèm ak sèm yo, se vre, nap tann ak espwa pou nou rankontre Sila kap pote delivrans la, vrè libète a. Men Pè Luc de Bellescize fè nou sonje « pèsonn pa ka fè rankont ak Kris la san li pa pran wout dezè a pou l rankontre dabò Janbatis. Okenn moun pa ka fè rankont ak Mouton Bondye a, san li pa antere nan larivyè Jouden an pou l konfese peche l, pil peche l yo. Pa gen okenn krent afiche nou kòm Legliz, pèp Bondye ki pa sispann frape lèstomak nou e kap chante kyrie Eleison. Pa pè ledè istwa nou paske, tankou Pap la raple nou, ‘Tout sen yo gen yon pase, e tout pechè yo gen yon avni.’ Mizerikòd Bondye a se pou pechè yo. Men wout lanfè a chaje a moun ògèy ki te panse yo kòrèk. »

Sa ki vo pou nou menm kòm kretyen, li vo pou nou menm tou kòm sitwayen. Nou pap chape si nou pa fè yon demach rekonsilyasyon nasyonal, toutan nou pa antre nan larivyè patriotik la, kap pèmèt nou fè yon konvèsyon pou nou sispann wè vi prive nou pou nou kòmanse panse an pèp. Sinon nap kontinye nan traka, e se sèl eritaj nap kite pou pitit ak pitit pitit nou yo. Pitit Gason ak pitit fi Bondye yo, men sekrè kap pèmèt nou rejwi, fè kè nou kontan nan Granmèt la, se pou sa vwa Janbatis ap rele nou nan dezè a. Ou menm, si w tande vwa l, pa fèmen kè ou.

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 807
Publicité