Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
4 décembre 2021

Dezyèm Dimanch Lavan C

Lik 1,3-6 ;8-11. -- .Nap ret tann

 

Jean-Baptiste dans le desert

Frèm ak sèm yo, nou rive nan dezyèm Dimanch tan Lavan, ane Litijik C. E nan pòsyon Levanjil la, sen Lik prezante nou Janbatis. Men si nou gade byen, nap wè pòsyon Levanjil la genyen 2 aspè. Nan premye aspè a, Sen Lik ap montre nou kòman Jezi pa yon envansyon. Li montre nou aklè kòman Li te vrèman vini sou tè a. Li pale de Tibè Seza ki te nan kenzyèm ane gouvènman li, Pons Pilat ki te gouvènè Jide, Ewòd ki te Tetrak nan Galile, Filip frè li a ki te Tetrak nan Litire ak nan zòn Trakonit, Lizànyas ki te Tetrak nan Abilèn, epi Àn ak Kayif ki te sakrifikatè an chèf. Pap Benwa 16 di : « Lè sen Lik fè sa, se montre li vle montre nou kòman Levanjil la pa yon lejand, men se repòtaj yon istwa ki te rive tout bon. Jezi moun Nazarèt la se yon pèsonaj. »

Tout gwo zotobre sa yo, apre Àn ak Kayif, pat Israyèlit, yo pat Jwif, se te Women. Kifè, nou kapab konprann kòman sosyete a te divize an klas, kòman inegalite tap taye banda. Levanjil la montre nou, an gwo, anba ki kalite okipasyon fewòs pèp la te ye. Epoutan, malgre tout move moman sa yo, pèp la pat pèdi lespwa. Yo te sèten Bondye ki fidèl la, ki se sèl fòs yo, ki se Bondye malere yo, ap voye Mesi a, Sovè Li te pwomèt zansèt yo.  

Frèm ak sèm yo, menm jan ak pèp Israyèl la, nou menm tou nap tann : nap tann kòm kretyen, nap tann kòm sitwayen, nap tann kòm pèp. Kòm kretyen, nap tann 25 desann pou nou selebre nan gwo kè kontan jou Bondye te vin vizite nou an. Nap tann tou retounen Li gen pou Li retounen nan tout bèlte Li pou Li remete kòrèk tout sa ki gate, tankou nou deklare sa nan kredo a. Men chak jou tou, nap tann pou Li fè nou santi Li koute lapriyè nou yo. Nap tann pou nou wè maladi kap fè nou pè, ki pa gen gerizon disparèt.

Nap tann pou lapè kapab retounen nan bèl peyi nou an. Nou tann pou non «la perles des Antilles» la pa sèlman yon bagay nap di, men yon reyalite nap reviv. Nap tann pou tout Ayisyen remete tèt yo ansanm pou yo refè mond la sezi, menm jan nou abitye fè sa toutan. Nap tann pou chak Ayisyen pran konsyans « si nou pa met tèt nou ansanm pou n delivre peyi nou tankou frè ak sè, nap mouri grenn pa grenn, tankou egare » (M. Luther King).

Wi, nap tann pou nou viv nan yon peyi kote timoun ka kouri lago tout lannuit, jan sa te konn ye ; yon peyi kote n ka al nan reveyon san kè sote, kote n ka mache san n pa bezwen ap panse si nap tounen lakay, si bandi pap kenbe nou epi negosye sou lavi nou tankou lo mango nan tan lontan. Nap tann pou jenès la gen dwa reve yon avni ki bèl, prepare li, e jwi li nan peyi yo. Nap tann kote tout rèv Ayisyen se pa kouri kite peyi a.

Frèm ak sèm yo. Li parèt klè jodi a ankò, gen anpil mòn ki bezwen ranpli, gen anpil chemen pou nou mete plat : nan Leta a, nan bwat Leta yo, nan travay prive yo, nan fanmiy yo, nan lavi lavi sosyal yo, nan lavi pèsonèl nou. Pawòl Bondye a mande pou nou pran vokasyon batèm nou o serye kote nou tounen Janbatis nan tan nap viv la.

Pi plis toujou, Pawòl Bondye ap envite nou konsidere tèt nou dabò tankou wout ki merite louvri, fon ki bezwen konble, tet mòn ki bezwen kase, ti mòn ki bezwen tounen platon, pou nou pare chemen lavi nou pou Granmèt la pase. E lè li fin pase, Lap ranpli nou. Lè sa, nap gen kouraj pou nou soti nan dezè sosyete kote nap viv la, pou nou tounen, tankou Janbatis, yon vwa kap kriye byen fò, kap rele aba awogans, aba egoyis, aba lenjsitis, aba abi, aba ensekirite, aba soufrans, aba moun kap bafwe dwa nou, aba kòripsyon, aba diktati, aba tout moun e tout sa kap kontribiye nan fè peyi nou tounen lanfè, aba tout vye atitid kretyen kap fè Legliz nou an « pèdi » vokasyon li kòm « sèl pou tè a ak limyè pou mond la. »

Pitit Gason ak pitit fi Bondye yo : vwa Janbis kontinye ap rele nan zorèy nou, lap ankouraje nou, lap egzòte nou paske Granmèt la pa lwen rive. An nou pran desizyon, gras a favè Papa Bondye, pou nou plani wout nou yo, pou nou fè yo dwat, pou nou pèmèt Jezi pase. Pa bliye, mwayen ki pi kòrèk la se yon bon konfesyon, kote nou resevwa favè Bondye e nou pran desizyon pou nou tounen e rete wout kote Jezi, kap vini sanzatann, ka pase. Kifè, si nou koute vwa Janbtis kap rele nan dezè kè nou, pa fèmen kè nou !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 060
Publicité