Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
27 novembre 2021

Premye Dimanch Tan Lavan C

-.Veye – Priye – Pataje.-

Lik 21, 25-28 ; 34-36

Randevou a Betleyem

Frèm ak sèm yo, avèk gran fèt Kris-Wa nou te selebre Dimanch pase a, Litiji Legliz la te klotire Tan Òdinè Ane B a. Kifè, avèk Dimanch ki vini apre fèt Kris Wa a, nou antre alafwa nan yon nouvo Tan ak yon nouvo Ane litijik, ki se Tan Lavan ak Ane litijik C. Si pou Ane A, nou te konn plis tande Levanjil la pwoklame daprè sen Matye, pou Ane B sen Mak, pou Ane C a, se Levanjil daprè sen Lik la nou pral plis tande sitou nan Lamès Dimanch yo. Pou sen Jan, nou konnen se nan gran fèt yo, Nwèl ak Pak, ak yon lè konsa nap tande li pwoklame.

Frèm ak sèm yo, lè Legliz la envite nou antre nan tan Lavan an chak ane, se yon fason pou montre nou kòman istwa a pap swiv yon liy dwat jan Jwif yo te panse l la. Men sa pa vle di tou se menm bagay yo kap repete, jan Grèk yo ak Women yo te panse l la. Listwa a, se tankou yon spiral. Nou gen enpresyon nap reviv sa nou te viv deja, men se sèlman yon enpresyon paske listwa a fè chimen li. Legliz la ofri nou tan sa yo chak ane kòm tan favè pou nou pran rekil ; rekil kap ede nou reflechi ant sa ki pa enpòtan e sa ki nesesè pou lavi nou.

Objèktif tan Lavan an, se raple nou Granmèt la ki te vini yon fwa nan Bètleyèm nan gen pou L retounen. E konsa, nou bezwen prepare pou nou akeyi Li. E preparasyon sa a, nou bezwen fè li nan lapriyè plis, nan fè pridans epi veye èspirityèlman paske se tankou yon vòlè Granmèt la ap vini ; lap vini nan finisman tan yo nan tout bèlte Li pou fè nou jwi nèt ale viktwa Li te deja ranpòte sou fòs fè mal la ak tout sa kap fè nou pè.

Pandan nap tann Granmèt la kap vini, Granmèt la envite nou vijilan, pou nou pa kite okenn moun, fo pwofèt kap mal entèprete siy tan yo, fè nou plede kouri agoch, kouri adwat. Jezi envite nou li siy tan yo kòm yon okazyon pou nou leve tèt nou, pou nou pa kite kè nou tounen katye jeneral peche, sinon nou pap ka kanpe devan Pitit Moun nan lè Li va retounen.

Frèm ak sè yo, nan mitan yon mond ki, de an jou, ap pèdi sans Bondye, Tan Lavan an ankouraje nou pran distans a menm mond sa a kap pase ak tout konvwatiz li yo, ak tout bwi li yo, pou nou chèche sa ki vrèman Lesansyèl e kap dire. Tan sa envite nou chèche sa kap pèmèt nou viv nan kè poze, yon kè poze nou gen devwa pataje ak sila yo ki nan nesesite yo paske, se vre, ant vini Li te vini deja a ak vini Li gen pou Li vini nan finisman tan yo, Li vini chak jou, chak moman nan Pawòl Li kote Li pa sispann frape pòt kè nou paske Li vle libere nou ak tout mond nou an ki, de jou an jou, pa sispann fè plas pou kilti lanmò sa a, men tou Li pa sispann vini nan pòv yo, sila yo kap sibi tout kalite lenjistis yo, si la yo ki akote yo, sila yo ki pa gen non yo, sila yo nap pase akote yo defwa ak endiferans yo, sila yo ki nan prizon yo, sila yo ki grangou yo, sila yo ki lopital yo… Jezi pap vini nan krèch Bètleyèm nan ankò. Se kote sa yo ak tout kote moun ap soufri, Li mande nou pou n al rankontre Li. E se lè nou al rankontre L nan nouvo Bètleyèm sa yo, nou pote moso kè kontan pou lòt yo, nou kapab chante : Nowèl, se chak jou sou latè ! Maranata, vini Granmèt Jezi !

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, an nou pran desizyon pou n fè nouvo tan litijik sa tounen yon okazyon kote nou kòmanse mete nou tout bon nan sèvis lòt yo, pou byen yo ak pou lwanj Non Bondye Papa nou. Se apèl sa Lavan ane sa ap fè nou ; ou menm, si w tande l, pa fèman kè w !

Bòn ane litijik ! Bon Tan Lavan ! Randevou nan Bètleyèm !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 481
Publicité