Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
7 juillet 2023

14e Dimanch Tan Senp A - Vin Jwenn Mwen Nou Tout Kap Redi Anba Chaj

Matye 11: 25-30

Venez à moi

Nan lavi a, genyen 2 lekòl ki nòmalman prepare nou pou entegre sosyete a. E si nou pa kite lekòl sa yo fasone nou, fòme nou, gen anpil chans pou nou soti move plan pou sosyete a. Premye lekòl la, se lafanmiy ki se baz la ; e nou konn enpotans yon baz nan yon konstriksyon. Dezyèm nan, se lekòl antanke enstitisyon, kote, lè nou fini, nou resevwa sètifika, diplòm, ak tout kalite papye.

Jodi a, Jezi envite nou tounen disip nan yon lòt mòd lekòl, Lekòl li a, kote w pa bezwen pase konkou pou w antre, ni w pap jwenn yon moso papye ki pwouve konesans ak kapasite w. An pasan, 2 lekòl sa yo vrèman enpòtan, e avni yon peyi, demen yon sosyete depann de yo.

Men Jezi li menm, sa li vize nan lekòl li a, se transfòmasyon nanm nou, se chajman èspirityèl kè nou. Li envite nou ba Li kè nou ki pafwa di pase asye alman yo, ki plen mechanste, ki tris, ki blese yo, ki nan lapenn, ki fatige akoz tout kalite traka lavi a pou l ban nou, an retou, Kè li ki tou piti, tou dou, ki se mizerikòd la menm, ki kite yon fwenn pèse li akoz renmen li gen pou nou.

Wi, pa lantremiz moso Levanjil 14e Dimanch Tan Senp Ane A a, Jezi montre nou kilès li ye tout bon. Li pa sèlman prezante tèt li kòm sèl grenn moun ki konnen Papa a nan tout reyalite li, Jezi prezante tèt li tou kòm sèl grenn moun ki ka ban nou repo nou bezwen an, e ki vle ban nou repo nap chèche pou nanm nou an.

Vin jwenn Mwen, nou tout kap fatige kò nou, kap redi anba chaj !

 Envitasyon an, Jezi pa lanse l pou yon ti gwoup, men pou tout moun. Se nou tout Jezi ap rasire nou pa pou kont nou, kèlkeswa tray nap pase a. E nan mitan tray nou yo, li pwomèt sa sèl li menm ka akonpli, pa pou yon ti tan, men pou tout tan : kè poze. Wi, avèk Jezi, se kè poze. Se pa tankou lopital ou sant reyabilitasyon ki ka amelyore, alaverite, sante fizik nou. Jezi li menm, li non sèlman pran fado fizik yo, men tou fado kap peze sou nanm nou. Men, sa ap posib, nap benefisye repo sa a, se lè nou reponn ak yon grenn kondisyon : si nou pran jouk Jezi a nou mete l sou do nou.

Sa ka parèt difisil pou anpil moun pou yo konprann, si byen yo ka menm poze kesyon: « Kòman Jezi fè mande nou pran joug li a, alòske nou deja ap redi anba pwòp chaj pa nou ? Eske sa pap fè nou fatige plis toujou ? » Repons la se non. Se sa k fè, pou nou byen konprann envitasyon Jezi a, nou bezwen ale nan kontèks Jezi te lanse envitasyon an, epitou, chèche konnen byen kisa ki yon joug.

Pa bliye, Bondye te bay pèp Izrayèl la Lalwa a, 10 Kòmandman yo. Chak fwa Jwif yo bezwen pale de Alyans Bondye avèk yo, yo te renmen fè alizyon a Lalwa sa a, yo te renmen di « Joug Torah » a (Torah se Lalwa, ekri pwofèt yo, ak lòt ekri yo ; sa vle di Liv ki konpoze Ansyen Testaman an). E lè yon Jwif di lap pran « Joug Tora » a sou do l, se te pou montre kijan l deside angaje l e detèmine pou fè sa Lalwa Bondye a mande. Pou yon Jwif, se pat yon bagay ki difisil ditou ; dayè, lè nou gade nan Sirasid 6, 28, nou jwenn yo ekri : pratike Lalwa Bondye a, « nan li w ap jwenn repo ou, epi li pral tounen kè kontan ou. » Men Farizyen yo te vin ramifye yo an 613 prèskripsyon : 365 negatif / entèdiksyon, sa vle di sa yon Jwif pa dwe fè, e 248 pozitif/obligasyon, sa vle di, sa yon Jwif ka fè. Sa fè, Lalwa a te vin tounen yon entrisman eskplwatasyon, yon fado, yon joug, ki te vin twò lou pou pèp la.

E joug la menm, kisa l ye ?

Yon joug se yon zouti travay yo mete sou kou 2 bèf yo mete ansanm, e sa pèmèt yo raboure tè a. Nan tan sa a, charèt ki te konn raboure tè yo te lou anpil ; e yon sèl bèf pat fouti fè travay la ; men lè yo mete yo de ansanm, travay la vin posib, paske bèf ki gen plis kouraj la ede sa ki pi fèb la.

Lè Jezi te di pawòl sa a, li te gen devan li yon foul moun li te konn wè chak jou, ki tap swiv li tout kote l pase. Anpil nan yon pat gen non nan sosyete a, yo te senp, yo te pòv, yo te malad, se te pechè yo te ye, yo te mete yo akote… Sa fè chak fwa yo koute Jezi, yo te reprann lespwa. E Jezi li menm, se sa l te konn fè : chèche foul moun ki fatige, ki epuize, ki te tankou mouton san gadyen pou montre yo chemen Wayòm nan, etan lap geri nanm yo, kò yo ak lespri yo. Li rele yo e pwomèt yo repo. Lè Jezi envite yo pram joug li a, yo te konprann trè byen sa li te vle di.

Frèm ak Sè m yo, dat ekspirasyon envitasyon sa a pa pase. E jodi a, se a nou menm Jezi lanse li. Li vle l rive jwenn tout oprime yo kap kontinye pote kèlkeswa fado a. Paske, e malerezaman wi, jouk jounen jodi a, gason, fanm, timoun granmoun, jèn moun, ti granmoun e menm timoun ki nan vant kontinye ak viktim. E pi souvan, se menm moun ki ta sipoze voye je nou yo ki tounen pwòp bouwo yo. Sa k rich e gen pouvwa ak kontinye fè mechanste, e sa k pi pòv ap konnen plis mizè.

E pi plis toujou, nap kontinye plwaye anba fado peche a ; e sak pi mal, gen moun ki inyore reyalite sa a nan lavi a ; kifè, dega kontinye ap fèt.

Alò, si Jezi mande, nou menm tou, pou nou pran joug li a sou zepòl nou, se pou fè nou konnen kòman, li pap pote fado nou yo nan plas nou, men lap pote yo avèk nou : fado maladi yo, fado soufrans yo, fado solitid yo, fado trayizon yo, fado echèk yo, tout kalite fado. Kifè, kelkeswa difikilte nap konnen nan lavi nou, Jezi vin fè nou konnen nou pa pou kont nou.

Li la avèk nou, e lap mande nou pou nou pa bliye, kantan nou menm, sila yo traka ak sousi lavi a fin defigire yo. sila yo ki pedi lespwa yo. Sila yo ki panse pa gen yon demen miyò pou yo a. Li vle nou gen menm atitid ak moun yo nan Levanjil la ki te pote nonm paralize a ba li a. Wi, nou paka vini jwenn Jezi san yo menm.

Jezi tou piti nan kè li. Li envite nou swiv li, e li pap twonpe nou. Deside vin jwenn li, se deside pran joug li a sou zepòl nou, se asime tout sa renmen nou pou li mande. Li pa pwomèt yon lavi ki pa konnen soufrans, dayè li di yon moun ki vle mache dèyè l, se pran kwa li chak jou. Men lè nou vin jwenn li, nap sezi wè kòman joug li a fasil pou pote, kòman joug li a se renmen ak kè poze. Kòman joug li a, se lespwa. Nap wè kòman lè nou vin jwenn li, tout fado nou yo ap transfòme an kè kontan, menm jan sen Pòl te di : « map pote nan kòm sak te manke nan soufrans Kris la… lè m fèb, se lè sa mwen pi fò. »

Vin jwenn mwen, map ban nou repo.

Sa vle di, map delivre nou de tout enkyetid nou yo, map soutni nou nan tout bagay. E Sila ki pwomèt nou sa a, se Sila ki pote tout tè a.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Jezi ap rele nou ; ou menm, si w tande vwa l, pa fèmen kè w.

Ki kalite fado wap pote ?

Pa bliye l lè w ap vin jwenn Jezi, pa pè pote l ba li fado sa ki twò lou pou ou a!

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 251
Publicité