Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
1 juillet 2023

13e Dimanch TOA – Renmen Jezi Plis Pase Tout Moun ak Tout Bagay

Matye 10, 37-42

Croix derriere Jesus

 

Jezi di nan Levanjil la : « Moun ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki renmen pitit gason l osinon pitit fi l plis pase m pa kapab moun pa m. » M ta renmen pran timoun paran l ap fè jefò pran rèsponsabilite l epi mande l sa l panse de deklarasyon sa a. Menm nou menm ki jèn ak adilt, nou rann nou kont kòman se yon pòsyon levanjil ki etone nou, ki trouble nou, ki difisil pou akeyi.

Wi, pòsyon levanjil sa etone nou ; sitou si n ta ajoute pati ki envite nou nan jwèt « qui perd gagne » la : dakò pèdi lavi nou pou nou genyen l aprè. Li fè nou poze kezyon : kòman Bondye fè mande nou prefere l sou tout moun ak tout bagay, jiska pare pou bay lavi nou pou li? Kòman l fè mande nou chwazi ant renmen nou gen pou li ak renmen nou gen pou paran nou, timoun nou ak zanmi nou ? Eske se pa menm renmen nou pou li a nan nap eksprime nan renmen nou gen pou lòt yo ? Lè nou renmen paran nou, onore yo, rèspèkte yo, èske se pa senkyèm Kòmandman l nan nap mete an pratik ? Men kòman l fè envite nou pridan nan kalite lanmou nap gen pou paran, timoun ak zanmi nou ?

Se jan de kesyon sa yo pòsyon Levanjil la envite nou poze. Yo lejitim. Epoutan, vrè kesyon an, se pito : poukisa Bondye mande nou sa ? Èske nou pran sans envitasyon sa a ? Pou nou konprann sans envitasyon sa a, nou bezwen al gade vit vit kontèks moso Levanjil sa te ekri a.

Lè Sen Matye te ekri Levanjil li a, se te yon epòk kote kretyen nou tap fè fas ak anpil difikilte. Pa bliye Matye te ekri dabò pou Jwif ki te vin tounen Kretyen. Nan moman an, li pat fasil pou yon Jwif te konvèti. Se vre, anpil nan yo, kou yo koute Bòn Nouvèl la, yo te kontan akeyi li, yo te kontan vin tounen Kretyen, men menm kote a tou, rès manm nan fanmi yo pat konprann yo. Yo te rejte yo, e menm pèsekite yo ; tankou sa kontinye fèt, lè yon moun fèt pwotestan oubyen Jwif, oubyen Mizilman, elatriye, epi li deside konfese, pwofese, viv lafwa Katolik la.

Men tou, malgre tout kalite menas, anpil nan yo te deside rete fidèl a Kris la. Kifè, kalite preferans sa pou Kris la parapò paran yo ou manm fanmi yo te sinonim yon kwa yo te pran, dèyè Jezi. Men nan ki kontèks, Sen Matye mete pawòl sa yo nan bouch Jezi.

Sa ede n konprann kijan, lè Jezi te di pawòl sa yo, se pa ke li mande nou neglije devwa nou genyen vizavi paran nou. Dayè, si nou gade pi lwen nan menm Levanjil Matye a, chapit 15, 1-3, nap wè kòman Jezi blame, e menm joure ipokrit, Farizyen ak lòt moun ki tap neglije paran yo, e ki pran pretèks se lajan Bondye, kifè yo paka sèvi avèl pou pran swen paran yo. Antanke bon Jwif, Jezi pataka janm mande neglije moun, sitou paran.

Sa Jezi vle di menm menm, se pa bay okenn bagay, ni okenn moun premye plas nan lavi nou ; ata paran nou. E se menm bagay sa li mande timoun yo. Se yon chwa ki difisil ; tèlman difisil, li sanble ak pote yon kwa. Se dayè chwa-kwa sa Jezi envite nou pran dèyè do li. Li envite nou imite li paske, an reyalite, sa l mande nou fè a, se egzakteman sa li menm li te fè : li dabò abandone twón laglwa li pou li vin sou tè a ; sou tè a, li abandone manman li. Li kite fanmiy li. Li renonse a pwòp lavi li paske Bondye Papa a te vle sa.

Men atansyon. Prefere Jezi pa janm vle di nou dwe abandone paran nou ak lòt pwòch nou. E pawòl sa yo vo menm pou moun Bondye rele pou vin monsenyè, Pè, Dyak, Sè relijyez. Dayè, li kòmande nou renmen Bondye epi renmen pwochen nou menm jan nou renmen pwòp tèt pa nou. E nan pawòl li ankò, li di yon moun ki di li renmen Bondye epi ki pa renmen frè l, moun sa a se yon mantè, yon asasen (1Jan 4 : 20). Grenn bagay lap tann nan men nou, sèke nou menm ki chwazi l, nou ba li premye plas nan lavi nou ; nou aprann renmen menm jan avèk li. Ann pran egzanp de moun ki marye : yo toulede kite kay paran yo pou met tèt yo ansanm ; men sa pa vle di yo renye ni paran yo, ni rès fanmiy yo, ni zanmi yo. Se menm jan pou Jezi : lè nou chwazi l, nou dwe fè jefò renmen lòt yo tout bon vre, men pou sa yo ye a.

Se sak fè, nan kòmantè Sen Ogisten fè sou pòsyon Levanjil sa a, li di : lè Granmèt Jezi di pawòl sa yo, li pa detwi lanmou nou gen pou paran, pou madanm ak mari, ak pou timoun. Li pa di ‘moun ki renmen yo,’ men pito, ‘moun ki renmen yo plis pase m : renmen papa w, men renmen Bondye plis ; renmen sila ou te pran nesans nan li a, men renmen plis Sila ki te kreye w la. Papa w te baw nesans, men l pat kreye w, dayè li pat konnen davans sa w tap ye, ni kisa w tap devni. Papa w baw manje, men se pa li ki kreye sak tounen pen ki pase grangou w la. Fòk ou tann paran w mouri pou w eritye byen yo, men lè w rete ak Bondye, ou pataje pou tout tan eritaj li te sere pou ou a.

Sa k vo pou papa w la, li vo pou manman w : renmen manman w ki fè w sou tè a, men renmen pi plis toujou Legliz la ki ba w nesans nan lavi tout tan an. An reyalite, si w konnen ou dwe rekonesan anvè sila yo ki fè w sou tè a nan yon lavi kap fini ak lanmò, ou pa bezwen mande ki kalite renmen ou dwe genyen pou sila ki kreye w pou lavi tout tan an.

Sen Ogisten kontinye pou l di : Renmen madanm ou. Renmen mari w. Renmen timoun nou jan Bondye mande a ; fè yo renmen sèvi Bondye e nou menm tou, ki paran. Men renmen w pou fanmiy ou ap manke anpil bagay, si w pa kondui rès manm yo bay Bondye. » Sa te difisil nan moman l te mande sa a, e li sanble pi difisil toujou jounen jodi a. Men ki kwa Jezi mande nou pran.

Kifè, prezans Kwa a nan Legliz yo, nan kay yo, nan batiman ki pou Legliz yo, e menm nan kou non (kòm meday), se pa sèlman antanke senbòl kretyen yo, ni antanke yon bijou, men se yon enstriman ki raple soufrans, egzijans, difikilte ki genyen lè nou deside mache dèyè Kris la, e kijan lavi kretyèn nan se yon batay èspirityèl san rete ; yon konba kote nap chwazi ant lavi ak lanmò, ant limyè ak fènwa, ant laverite ak manti, ant bagay kap pase e bagay kap dire pou tout tan, ant yon lavi fasil sou tè a ak Wayòm Bondye a.

E nou chak nou dwe fè chwa pa nou. Pa gen kanpe nan mitan. E Jezi li menm, li ankouraje nou evite plonje nan yon renmen deplase pou moun ak bagay Bondye kreye. Mete Bondye alatèt tout moun ak tout bagay, konsidere yo relatif pa rapò a Bondye ki absolu. Safè nou wè Li pa mande nou chwazi soufrans, men yon renmen ki pase pa yon chemen soufrans.

Se pou Lesprisen an klere ak klète li pou ede nou distenge sa ki pou Seza ak sa ki pou Bondye. Se pou l fè nou fò avèk fòs li, pou ede nou bay yo chak sa k pou yo : a Seza sa ki pou Seza, e a Bondye sa ki pou Bondye. E se pou li soutni nou nan dwa chemen, pou nou mete l anlè tout bagay, swiv li e sèvi l, renmen l nan frè ak sè nou yo.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 060
Publicité