Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
3 juin 2023

Gran Fèt Sent Trinite : Yon Sèl Grenn Bondye ki Twa Pèsonn nan

Jan 3 :16-18

Trinite

Frè m ak sè m yo, avèk selebrasyon gran fèt Lapannkót la, nou rive nan finisman tan Pak la, e nou antre nan dezyèm pati tan Òdinè a. Men touswit, kalandriye litijik Legliz la envite nou selebre yon bann lòt gran Fèt ; e premye a se yon mèvèy. Anplis de yon mèvèy, se an menm tan yon mistè : mistè yon sèl grenn Bondye an twa Pèsòn nan. Nan langaj fransè, nou di : La sainte Trinité.

Nan yerachi verite Legliz la, se mistè Sent Trinite a ki twouve l alatèt, paske se mistè Bondye nan Li menm. Mistè sa a vini avan tout lòt yo. Kifè, li se sous ak limyè ki klere tout lòt mistè yo. E tout listwa delivrans la, se mwayen progresif yon sèl grenn Bondye : Papa, Pitit la ak Lesprisen an, itilize pou revele l a limanite.

Wi, Sent Trinite a se yon mistè. Yon mistè, paske reyalite sa a depase entèlijans nou ak rezònman nou kòm moun. E poutan, Litiji a envite nou apwoche mistè sa a, pandan lap envite nou mete nou a lekout de Bondye kap pale avèk nou.

Frè m ak sè m yo, nan okazyon gran fèt sa a, nòmalman, premye demach nou ta dwe fè, se chèche apwofondi reyalite Trinite a. Nou di apwofondi paske nou pap janm ka rive sène li. Tankou aklamasyon anamnèz la di : ala yon bèl mèvèy nou paka fin konprann, men nou kwè l ! Epoutan, menm fèt nap chèche konprann yon ti kras la ap poze nou chak yon kesyon ; pèsonèlman : kilès Bondye ye pou mwen ? Ki wòl Bondye jwen nan lavi m ?

Fèt nap selebre jodi a vle fè nou sonje kijan Bondye se yon mistè, toutan nap avanse sou li, se toutan lap echape nou (se tankou lè n ap montre yon timoun mache). Epoutan li ede nou fè pwogrè paske li ede n dekouvri kijan Bondye se renmen, se relasyon, se kominote, se fanmiy, se sosyete (nan bon kreyòl : li se pi gwo prèv « yon sèl dwèt pa manje gonbo »). Kifè, li pi fasil pou nou fè eksperyans avèk li nan fanmiy nan, nan pawas la, nan koral la, nan gwoup zanmi an, nan fratènite a, « parce qu’Il est unité dans la diversité. »

Frè m ak sè m yo, gran fèt Sent Trinite a, se reyalite Bondye nou an menm. Nou di sa deja ; e li biblik. Epoutan, nou pap jwenn konsèp Trinite a nan Bib la. Nou pa pral site banm pasaj biblik ki fè referans ak reyalite a ; men kite n gade kèk epizòd. Pa egzanp, si n pran listwa kreyasyon an. Depi nan 3 premye vèsè Bib la, ekriven sakre a rapòte pou nou kòman se ak Pawòl li Bondye te kreye tout bagay. E nan pwològ Levanjil Jan an, li devlope pou nou, li di nou : nan kòmansman, se te Pawòl la, Pawòl la te avèk Bondye. Pawòl la se te Bondye, e anyen pat kreye san pawòl la. Sa fè nou gentan wè reyalite Papa a ak Pitit la. Men liv Jenèz la di nou ankò : Lespri Bondye a tap plane sou dlo yo, e Li tap pote lavi (Jen 1 :1-3 ; Jan 1 :1-3).

Jenèz 1 :1 gen plis toujou. Men pou nou konprann, nou bezwen ale nan tèks Ebre a, ki se lang orijinal Ansyen Testaman an. Lè nou fin gade mo yo, nap sezi wè kòman anpil moun pa fin konprann tout richès premye vèsè Labib la. Tèks Ebre a di : « Berechit bara Elohim et hasamayim weuyèt haarès. » Bib kreyòl ak fransè a tradwi mo « Berechit » la pa « nan kòmansman. » Men vrè tradiksyon an, se pito « nan yon kòmansman / dans un commencement. In archè, an Grek» Men sa ki plis konsène fèt Lasent Trinite a, se pito mo « Elohim» nan. Bib kreyòl la ak Fransè a tradwi l pa « Bondye / Dieu. » Epoutan, nan Ebre a, Elohim nan pa sèlman sengilye, li pliryèl tou. Se pousa nou wè nan menm Jenez 1 ak 2 a sitou, nou toujou wè yonn nan Pèsonn yo ap adrese l ak lòt yo ; pa egzanp : Jen 1 :26-27, kote Papa a di : An nou fè moun, pou li pòtre avèk nou. Konsa, Bondye fè moun pòte avèk li. Bib la pa di avèk yo, men pito avèk li.

E lè nou gade premye nan 10 Kòmandman yo, nap wè Bondye mande : «Piga nou gen lòt bondye pase Mwen menm sèlman. » Pi devan, nan Detewonòm 6 :4-9, ki se Shema oubyen Kredo Israyèl la, nou wè Ebre yo klè sou sa : menm Elohim, Bondye ki pliryèl la, Ebre yo di : « se Bondye nou an ki sèl Mèt / Notre Dieu est l’unique.»

Yon lòt epizòd ki enteresan nan Ansyen Testaman an, se Jenèz 18, ki rankonte kòman Abraram te chita anba pye bwatchenn Manbre a. Labib la di, Granmèt la vizite li. Labib la kontinye di, Abraram leve je l, li wè 3 Moun. Li kouri al rankonte yo ; li pwostène, li salye yo, men li pa di « Granmèt mwen yo, » men li di « Granmèt mwen ! » Sa vle di, Abraram wè 3 Moun, men li adore yon sèl Bondye.

Nan Nouvo Testaman, sitou nan dezyèm pati Levanjil Jan an, nou wè Jezi souvan pale e montre egalite ak inite ki gen gen ant Li menm, Papa l ak Lesprisen an. Men se nan 1 Jn 4,8.16 li ban nou yonn nan pi bèl referans osijè Trinite a. Li di : « Bondye se Renmen. » Nou konnen byen pou yon sijè renmen tout bon, dwe gen yon objè ; paske tout moun ki wè tèt li sèlman, li pa renmen ; li sèlman egoyis. E paske Bondye etènèl, objè renmen li a dwe nesesèman etènèl Li menm tou. Se pou sa, depi avan kòmansman tan yo, Bondye deplwaye nan li menm, Li anjandre Pitit li. Li ini avèk li nan yon fason ki enposib pou yo separe, paske se menm Bondye a.

Lè nou di Bondye deplwaye nan li menm nan, nou pa dwe wè sa nan yon sans kwonolojik ; men se yon sitiyasyon etènèl ki fè Pitit la egal Papa a. E lyen renmen sa a, se Lesprisen an, ki Bondye menm jan avèk yo (antanke Pèsonn) e ki fè yonn avèk yo paske se pa yon Pèsonn ki an deyò de Papa a ak Pitit la.

Pou ede nou pi byen konprann yon ti kras mistè Bondye a, moun save nan zafè teyoloji pale de Trinite imanant ak Trinite ekonomik. Trinite imanant la Trinite anlè a. Se sa kap pase anndan Bondye li menm. Trinite ekonomik la se Trinite anba a. Se aksyon Bondye nan kreyasyon an pou pèmèt moun konnen l yon ti kras. Trinite ekonomik la kòmanse ak revelasyon an. Men sa ki pi enpòtan an, Trinite imanant la se menm Trinite ekonomik la (vice versa). Se pou sa nan kredo a, nou di : 3 Pèsonn yo jwenn menm lwanj ak menm adorasyon.

Tout fwa, antanke Pèsonn, gen sa ki rele propriyete ak apropriasyon nan Trinite a. Propriyete yo se sa ki pwòp ak chak Pèsonn sèlman, paske Trinite a se menm Bondye a, men se pa pwason kraze nan bouyon. Pa egzanp : pou Papa a, gen sa ki rele inasibilite. Sa vle di Li pa gen orijin, Li pa anjandre, Li pa soti nan lòt Pèsonn yo ; Li se Prensip san prensip. Sa ki pwòp pou Papa a ankò se Patènite. Nou pa ka rele ni Pitit la, ni Lesprisen an Papa. Pou Pitit la, se filyasyon, paske se Papa a ki anjandre li. Depi avan tout tan, Papa a kominike sa li ye kòm Bondye a a Pitit la. Kanta pou Lesprisen an, sa ki pwòp a li se pwosesyon. Jezi pale de sa nan Jan 15 :26 antanke ke Lespri laverite ki sot nan Papa a ak Pitit la.

Apwopriasyon, se sa ki pou touletwa, paske se menm Bondye a, men nou pran abitid mete yo sou do yonn nan Pèsonn yo. Pa egzanp, nou souvan atribiye etènite a Papa a, sajès ak laverite pou Pitit la, epi bonte ak Lesprisen an. Men bagay sa yo se pou yo touletwa ansanm. Ankò, nou renmen di Papa a kreye, Pitit la rekreye, Lesprisen an sanktifye. Epoutan, se yo touletwa ki kreye, ki rekreye, ki sanktifye. Trinite a pa janm aji nan toukou yon fran-tirè solitè, men ansanm. Nou fè distenksyon sa yo jis pou nou ka eksplike lafwa nou pi byen.

Men distenksyon sa yo enpòtan tou paske yo ede n konprann kijan fete Trinite a, se yon envitasyon pou nou pran egzanp sou Trinite a pou nou aprann ou kontinye viv kominyon an antanke moun ki deferan, bati relasyon nou yo selon modèl Bondye renmen an, ki viv nan total abandon, e prezante Bondye sa a bay mond la.

Lemond ap chèche Bondye, men se pa nenpòt ki Bondye. Mond nou an swaf yon Bondye ki se renmen, ki se lapè, ki se kominyon. Yon Bondye-Papa, yon Bondye nou ka rele Abba, sa vle di papi-cheri, yon Bondye ki bay lavil pou nou, e ki ban nou tout sa nou bezwen pou reyalize vokasyon n sou tè a. Lemond bezwen sonje kòman kote yonn renmen lòt, kote gen lacharite, se la ap gen kominyon tout bon paske se la Bondye ye. Wi, jodi a, se nou tout Trinite a voye nan mond la pou al temwanye renmen ki nan Bondye sa a, renmen ki se Bondye Li menm.

Nap viv nan yon mond gen anpil bezwen. Misyon nou se al kontinye sa Jezi li menm te kòmanse fè : nan fason nap viv, nan pawòl kap soti nan bouch nou, nan aksyon nap poze. Pa bliye, se pa lè nou Legliz 50 fwa pa jou, lè nou nan tout Jeziko, nou vin plonje nan gras, benyen nan gras yap di nou se kretyen ; men se lè nou viv nan renmen yap rekonèt nou kòm nan disip Mèt la, e bati lavi yo sou Granmèt la, avèk Granmèt la.

Se sa Moyiz te fè nan premye Lèkti a. Lè li tap pale ak pèp la, li te granm maten. E se apre l te fin mete l an prezans Granmèt la li te kòmanse pale ak Pèp la. Se yon fason pou l montre nou kijan li bon pou nou mete nou an prezans Bondye, an prezans Trinite a. Tradisyon kretyèn nan kenbe eksperyans sa a, e li envite nou kòmanse e fini jounen an, epi tout lapriyè nou yo avèk siy lakwa : nan non Papa, Pitit la ak Lesprisen an.

Chak jou, nan maten, Granmèt la envite nou leve nan non li, pou bèlte li reyalize nan nou. Nou mande Bondye Papa a vin abite panse nou pandan tout jounen an (se sa men ki ale sou tèt la vle di). Nou mande Bondye-Pitit la pran kè nou pou li e pou l pirifye tout sa nou swete yo, pou l demere nan kè lavi nou (se sa men ki ale sou pwatrin la vle di). E finalman, nou make zepòl nou (soti nan goch pou ale nan dwat la) pandan nap mande Bondye Lespri a ban nou fòs pou n pote fado nou yo, pou n monte mòn Sinayi lavi nou, pou n al rankontre Granmèt la ki vin jwenn nou plizyè fason.

Konsa, menm jan ak lè Pèp Israyèl la tap soti an Ejip la, nou va gen Bondye Papa a devan nou pou gide nou ; menm jan ak vwayajè Emayis yo, na gen Bondye Pitit la pou kap mache akote nou kòm konpayon nou ; menm jan ak Apot yo, jou Lapannkot la, na gen Bondye Lespri kap mache deyè nou pou pouse do nou avanse pi devan. Se pou gran fèt Lasent Trinite a ede nou dekouvri tandrès Bondye a ki pa janm lage nou. Se li menm ki renouvle pwomès li nou nen fen Levanjil sen Matye a : Mwen la avèk nou toulejou, jis nan finisman syèk tan yo.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 807
Publicité