Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
27 mai 2023

Gran Fèt Lapannkót A

Menm Jan Papa Voye m nan se konsa Mwen Voye Nou

pentecôte

Jan 20, 19-23

🔥
50 jou aprè Dimanch Pak, nan kominyon ak tout Legliz la, nap selebre yon mèvèy, yon fondasyon ak yon anivèsè : anivèsè jou Legliz la te manifèste l nan je nasyon yo pou reponn ak misyon li antanke temwen Mesye marye ak Fondatè li, Granmèt nou Jezikri. E misyon sa a, se te al sèvi Jezi temwen nan Jerizalèm, nan tout Lajide ak Samari, jouk nan bout tè a (Travay 1 :8) ; e se nan akonpli misyon sa, Legliz la ranpli vokasyon li antanke Sakreman delivrans tout moun (sacrement universel de salut, Vatican II). An reyalite, Legliz la, ki te toujou prezan nan panse Papa a, te fonde gras a evénman paskal yo ; men se jou Lapannkot la misyon Jezi te bay nan aswè jou Pak la te reyalize. Nou sonje nan aswè sa, Jezi parèt nan mitan Apot yo, li soufle sou yo, li di : « Resevwa Lesprisen an. » Jou Lapannkót la, kado sa renouvle, e Apot yo resevwa Lesprisen an nèt ale, nan tout sa li ye a. E desann Lesprisen an yon fason gradyoz jous Lapannkót la, se kouwónman Mistè Paskal la.

 Gen yon bagay ki enpòtan, e ke Sen Lik, ki ekri Liv Travay Apot yo, rapòte pou nou nan premye lèkti a. Li kòmanse konsa : «Lè jou Lapannkot la rive » (Tr 2 :1). De ki jou Lapannkót sen Lik tap pale ? De tout fason, se pat Lapannkót nap selebre 50 jou apre Pak la, Lapannkót Kretyen yo. Lapannkòt sa a, se Lapannkót Jwif yo, ki rele  tou « Shavouot, » nan vokabilè Jwif yo.

 An reyalite, mo « Chavouot » la vle di « fèt semèn yo. » Nou sonje kòman, pa lantremiz Moyiz, Bondye te rache Ebre yo nan lesklavaj nan peyi Lejip. Konsa, 7 semèn apre Pak Jwif yo, Granmèt la te ba yo Lalwa a, sa nou rele Torah a, oubyen 10 Kòmandman yo, sou Mòn Sinayi a. Kifè, yo te rele fèt « Chavout » la Lapannkót, paske nan grek, « Pannkót se Pantikóstòs» vle di 50. Se menm jan yon moun ki gen 50 an rele « Pentajenè.»

 Chavouot la tou se yon gran fèt rekòt, yon fèt agrikòl. Jou sa a, yo te konn dekore sinagòg yo ak anpil flè, anpil branch bwa pou fè sonje sa k pa te pase sou mòn ak dezè Sinayi a. Li fè sonje tou kalite rekòt ble ak fwi Ebre yo te konn fè, ak premye fwi tè a, sa nou rele premis yo, yo te konn prezante nan Tamp la.

 Sa fè, menm jan Yaveh te fè Ebre yo kado Lalwa a 50 jou aprè Pak la, yo menm ki pat ankò yon pèp, men Bondye fè yo tounen yon Pèp- Pèp li- gras a kado Lalwa sa a ki se te kòm konstitisyon yo, Jezi, 50 jou aprè Pak li a, fè moun pa li yo kado Lesprisen an. Legliz la eklate, nouvèl Pèp Bondye a, Israyèl lespri a, pran nesans. Konsa tou, menm jan Chavouot la, ki se Pannkót Jwif la, se kouwònman Pessa a, se Pak Jwif yo ; Lapannkót Kretyen yo se kouwónman Pak Granmèt la, Pak Kretyen yo. E se pou sa, pou make solanite fèt sa a, Litiji a mande pou ni Lamès la, ni lapriyè Vèp la, fini yon fason solanèl, menm jan ak jou Pak la (ak Dimanch Kazimodo a) ; sa vle ak de (2) Alelouya. 

Jou Lapannkót Jwif la, Sen Lik di Apot yo te reyini nan Senak la, avèk Mari nan mitan yo, yo tap lapriyè. Toudenkou, yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van kap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. Men pou Sen Jan (20 :19…), te gen yon premye desann Lesprisen an nan aswè jou Pak la menm. Sen Jan di, pou Jezi kominike Apot yo Lesprisen an, li soufle sou yo. Sa fè nou sonje nan kòmansman tan yo, lè, apre Bondye te fin sal men l nan labou tè a, li fòme moun, epi li soufle souf lavi a nan narin li, e li te vin tounen yon moun vivan (Jen 2 :7).

Lè Sen Jan rapòte sa pou nou, li vle montre nou kòman avèk evénman Pak la, Jezi inogire yon tan tounèf, yon kreyasyon tou nèf. E se sa fèt la Lapannkót la fè : li akonpli kreyasyon tounèf, tan tounèf ak lavi tounèf Jezi te inogire depi nan Nesans li, pase nan lanmò l ak leve byen vivan l nan. E se sa menm Lapannkót la ye : fèt yon nouvo kòmansman, yon nouvèl kreyasyon, yon lavi tounèf ; paske, menm jan Papa a te soufle yon souf vivan nan moun nan ki te tounen yon kreyati vivan, konsa, Jezi ki resisite a soufle souf li sou Apot yo e li ba yo yon lavi tounèf ; tankou Sòm 104 :30 nap medite sou li a di sa : « Lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. » 

Men, fèt Lapannkót la plis ke sa toujou ; se selebrasyon yon dezyèm chans. Li raple kòman, malgre kantite peche nou fè, nou pa janm twò lwen pou Bondye ; pou Li, pèsonn pa janm fin pedi nèt. Avèk li, nou toujou jèn. Toujou gen posiblite pou nou tounen sa nou te dwe ye a. Se sa menm Apot yo tap viv : yo menm ki pat rete fidèl ak pwomès yo te fè Granmèt la. Yo tout te kouri, yo te abandone l, sof Jan. Jida trayi ; Simon-Pyè renye twa (3) fwa… e poutan, nan maten Rezireksyon an, Granmèt la pa blame yonn nan yo menm. Okontrè, li prefere padone yo ; sak bèl la, yonn menm pat mande l sa (paske padon Granmèt la toujou vini avan demanch nou yo) ; Jezi fè yo gras. 

Wi, frèm ak sèm yo, Fèt sa a pote yon bòn nouvèl pou nou : avèk Bondye Granmèt la, nou toujou gen yon pòt soti, toujou gen yon posiblite, toujou gen yon avni ; men yon avni ki pap reyalize san lòt la. Wi, lòt la pa yon lanfè, li pa yon lénmi, men yon kado Bondye fè nou, yon konpayon, yon kolaboratè nan travay pou yon mond ki pi bon. Nou sonje sa ki te rive nan Tou-Babèl la : lèzòm te vle monte jis nan wotè Bondye pou defye l akoz ògèy yo ; konsa, Bondye konfonn yo, nan fè yo chak pale yon lang diferan ; yo pat ka konprann yonn lòt jis pwojè a kraze. Men Lapannkót, se kontrè a, paske nou wè kòman moun ki te soti tout kote sou latè yo te sezi, an menm tan yo te kontan paske yo tap tande nan lang pa yo sa Apot yo tap preche. Kifè, Lapannkót la, se okazyon pou nou renouvle relasyon nou ak Bondye e avèk pwochen nou.

Yon lòt bagay gran fèt Lapannkót la raple nou, sèke nou tout se misyonè. Jezi ban nou manda sa a nan Levanjil la : « Menm jan Papa a te voye m nan, Mwen tou, Mwen voye nou. » Jezi ban nou kado Lesprisen an e voye nou toupatou nan mond la pou n al kontamine l ak renmen li a. Se pa yon misyon fasil ; li pat janm fasil dayè, paske gen pèsekisyon, ki andoktrine ki pa sispann fè diskisyon, enfidelite nan Legliz la, lénmi ki menm anndan Legliz la, genyen jalouzi, mechanste, trayizon, fay, dekourajman, elatriye ; men, kèlkeswa sa k ta rive a, Granmèt la garanti nou lap toujou la pou nou. Lap toujou la pou ban nou enèji nou bezwen. Renmen li pou nou pa fè fayit, e lap toujou padone nou. Wi, li pa retire difikilte nan lavi chak jou nou. Pa gen kretyen san kwa ; men prezans li nan lavi nou ap bay difikilte nou yo, soufrans nou yo, sans.

Kifè, nan okazyon gran fèt Lapannkót sa, Lesprisen an envite nou reviv, devlope, e grandi. Li envite nou sispann konsidere, e menm refize wè tèt nou kòm piti, rabougri, ratatine, ki sere nan sakristi nou yo, pou nou louvri tout pòt nou yo byen laj, pou nou soti ale tout kote Li voye nou yo, tout kote Lap pouse nou yo antanke anbasadè rekonsilyasyon paske se sèl rekonsilyasyon an, se sèl padon an, kap pèmèt nou kreye yon mond ki pi bon, yon mond ki bati sou konfyans, yon mond pi imen, plis charitab, yon mond pi fratènèl.

Men sa pap posib si nou pa pran menm atitid ak Mari ak Apot yo ; sa vle di rekèyman, yon atitid lapriyè ki endispansab pou nou resevwa Lesprisen an. E se lè sa nap gen kouraj ak fòs ale tout kote Jezi li menm te gen pou l ale, pou n al gade Bòn Nouvèl la, sitou nan sa nap fè, nan egzanp, nan temwanyaj. Se nan chemen pikan sa Granmèt la envite nou angaje nou : Abraram te pran risk la. Mari te pran risk la. Tout sen yo te pran risk la. E se menm risk sa Granmèt la envite w pran. E si w tan w tande vwa l, pa fèmen kè w.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 687
Publicité