Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
15 avril 2023

Dimanch Kazimodo ak Mizerikòd Granmèt la

Misericorde Divine

Dezyèm Dimanch Pak

Jan 20 :19-31

Kè poze pou nou tout !

 

Depi jedi anwò, Jedi sen, nou te kòmanse selebre pi gran fèt nan Litiji Legliz la ; men se Dimanch pase a, Dimanch Pak, nou te selebre ak tout kè nou, nan mitan mizik ak gwo kè kontan, gran mèvèy sila a nou te anonse e komanse viv depi Samdi sen an, sa nou rele Samdi Dlo beni an. Jodi a toujou, ak menm kè kontan an nap kontinye selebre Pak la. Se pou sa, chak jou nan semèn ki vini touswit apre Dimanch pak la, rive dezyèm Dimanch la, nou rele yo Kazimodo. Kazimodo ki vle di « preske menm bagay la. » Yo rele jou sa yo tou « Lendi, madi… Dimanch ti Pak. »

 E si nou gade byen, nap wè tout pòsyon Levanjil ki li nan Lamès pandan semèn nan, e menm Levanjil jodi a, rankonte sa ki te pase menm jou Dimanch Pak la. Tout pòsyon Levanjil yo konsa : « menm jou Dimanch sa a… ». Sa k rive, nou konstate, malgre temwayaj Mari-Madlèn ak lòt medam yo, Apot yo pat vle kwè Granmèt la resisite. Lè yo aprann yo tonbo a te vid, yo te etone. Men toudenkou, Pyè, Jan, Jak ak tout rès apot yo te pral sispann etone e kòmanse kontan, yon kontantman ki kouri dèyè tout dout ; yon kontantman ki san parèy, ki pa gen mezi, tankou sen Pyè di nou nan dezyèm Lèkti a : yon kè kontan pèsonn pa ka rache nan nou.

 Jezi parèt nan aswè Dimanch Pak la devan mesye yo ki te boulvèse dabò Dimanch Pak la. Yo te si tèlman pè, yo te fèmen pòt yo ak kle. E aparisyon sa, yo pap janm bliye l, yo pral pale de sa pandan tout lavi yo, malgre danje, malgre menas lanmò, tankou lè sen Pyè te di: « nou paka pa pale de sa nou wè ak sa nou tande ! », lè  yo te trennen l ak Jan devan tribinal la (Travay 4 :20). Jezi parèt pou l kapab chase dout epi ba yo kouraj pou brave tout menas. E pou l fè sa, Li fè yo kado premye fwi rezireksyon an, Li di yo : « Kè poze avèk nou tout ! », menm salitation ki kòmanse Lamès la ; wi paske, pa bliye, chak fwa nou selebre Lamès, sen Pòl di nou, se lanmò Kris la n ap anonse ak leve byen vivan l, jiskaske li retounen (1Kor 11 :26).

 Jezi kraze lanmò a yon Dimanch. E li fè tout aparisyon li yo jou Dimanch. Dezyèm pati Levanjil jodi a montre nou sa (Jan 20 : 26). Sen Jan rele Dimanch la « Jou Granmèt la » (Rev 1 :10). Se pou sa, depi sou Apot rive lè Sen Silvès, ki te Pap nan moman an te ofisyalize l nan lane 325, sou reny anperè Konstantan, nou te toujou reyini jou Dimanch pou nou lapriyè, kase pen an, pwoklame lanmò Granmèt la, selebre leve byen vivan l, e anonse retounen l gen pou l retounen an (Travay 20 :7). Chak Dimanch, se Pak semèn nan. Moun ki pale fransè di, « chaque Dimanche, c’est la Pâques hebdomadaire. »

 Apre Jezi fin kominike Apot yo kè poze l la, ki se premye fwi rezireksyon an, li te pral ba yo manda pou al fè misyon. Li voye yo, menm jan Papa a te voye l la. Se menm misyon sa Legliz la ap kontinye. E se pa sèlman Pap la, Evèk yo, Pè, Dyak, chè Sè, Katechèt yo ak manm koral yo, men se nou menm, chak batize ki dwe pran misyon Jezi a kòm pwòp zafè l. Wi, se nou tout e nou chak Jezi voye nan tout bouk ak nout vil, nan kay la, nan vwazinaj la, nan travay la… kote li menm li te dwe ale.

 Men pa bliye, travay sa a, se pa sèlman pa lantremiz bèl pawòl pou nou fè li. Premye Lèkti a di nou se sitou nan temwayaj, nan fason nap viv. Epi, nan travay sa a, se pa siwo myèl kap tann nou, men okontrè, se danje, se pale mal, se imilyasyon, se pèsekisyon, se pwoblèm ; brèf, se kwa a : « Si yon moun vle swiv mwen, se pou l pran kwa l chak jou. » Epoutan kwa a pa yon fatalite, se pa li menm ki rekonpans final la, se senpleman yon pasaj oblije. Pa gen Kretyen san lakwa. Pa gen misyon san eprèv. Sen Pyè di eprèv yo bay prèv lafwa nou, tankou lò yo pase sou dife. Men rezilta final la, se kè kontan. Sen Pyè di nou : «Nan leve byen vivan Granmèt la, nou jwenn yon esperans ki vivan, ak yon kè kontan nou paka menm eksplike ».

 Pwomès sa a, li pou mwen, li pou ou, li pou nou tout, li pou tout moun kap mache dèyè Kris la. Si Jezi pat resisite, nou patap ka espere bagay sa yo ; sen Pòl di nou « lafwa nou patap vo anyen.» Men erezman, li resisite, pa konsekan nou ka espere tout sa li pwomèt nou yo. Wi, gras a leve byen vivan Jezikri sot nan pami mò yo, dapre kè sansib li a, nou kapab espere yon eritaj ki pap detwi, ki pap sal, ki pap vye, kap dire nan syèl la pou nou.

 Men kisa nou fè pou nou merite kalite gran kado sa a ki pa kapab detwi a? Anyen ! Nou pa fè anyen pou sa. Okontrè, menm jan ak Apot yo, nou pran plezi nou pafwa nan rete kache dèyè pòt krent nou yo. Nou frèt. Nou endiferan ; e nou fè fèmen pòt sa yo byen di, pandan n ap chèche kache peche nou yo. Men Jezi sa a, ki si tèlman renmen nou an, antre nan lavi nou kanmenm, li soufle Lesprisen l nan sou nou, li adopte nou tout e nou chak tankou ti frè l ak ti sè l, e li pataje pwòp lavi l avèk nou.

 Se sa ki Kè sansib Granmèt la. Okenn moun pa merite anyen nan men l, epoutan li ban nou tout bagay. E se sa menm Sen Jan-Pòl 2, depi nan lane 2000, te envite nou fete yon fason pi extraòdinè chak dezyèm Dimanch Pak. Se pou sa yo rele Dimanch sa « Dimanch kè sansib Granmèt la / Dimanche de la Divine Misericorde » Istwa rakonte jou ki te 22 fevriye 1931 an, Jezi parèt devan yon Mè nan peyi Polòy : sent Faustine, e Li revele l kèk volonte l ; Li di l :

Divine Misericorde JP II and Faustina

 « Mizerikòd la soti nan zantray mwen, se tout sa M ye ; Mwen vle li selebre chak Dimanch apre fèt Pak la. Mizerikòd la se refij tout nanm, sitou pòv pechè yo. Jou sa a, pòt Mizerikòd la louvri byen gran ; Mwen louvri pòt Kè m byen gran pou tout moun ki vle benyen nan gran rivyè Mizerikòd Mwen an, e yap jwenn anpil lagras. Tout moun ki konfese, ki kominyen ap jwenn padon pou tout peche yo. Pèsonn pa dwe pè pwoche devan M, menm si peche l ta wouj tankou woukou. » Pa bliye, menm si kè nou fè nou peche, Bondye pi gran pase kè nou. Jezi di sè Fostin ankò : « Mizerikòd mwen an se konsolasyon mond la. Pa pè apwoche li. »

 « Apwoche sous Mizerikòd la, » kisa sa vle di konkretman ?

 Se dabò konfese peche nou: nou sot tande nan Levanjil la kijan Jezi voye Apot yo padone peche moun. Sen Jan ekri : « apre sa, Jezi soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri. Moun na padone peche yo, ya resevwa padon vre. Moun na refize padone, yo pap resevwa padon » (Jan 20 :22-23). Jezi bay Apot yo pouvwa pou padone peche nan Non li. Se yon gran pouvwa. Pouvwa sa a si tèlman gran, Farizyen yo èskandalize. Nou sonje lè Jezi te padone peche paralize a kijan yo te di sa se yon yon blasfèm. Jounen jodi a toujou, se menm bagay la anpil Farizyen modèn kontinye ap di. Sak grav la, pwòp katolik tonbe nan bagay sa a tou : yo pap konfese devan yon pechè parèy yo. Konmsi yo gen bon konprann pase Jezi ! konmsi Jezi pat konnen se a pechè li te konfye pouvwa sa, se pechè li te voye al padone peche moun.

 Gen moun ki konfese depi yo tap kominyen, oubyen konfime, oubyen lè yo tap marye. Paske lespri yo bouche, yo pakap wè pandan konfesyon an, se Jezi li menm ki sèvi ak Apot yo ak moun ki vini apre yo : Evèk yo ak Pè yo pou rache yo anba grif Satan. Yo paka wè kijan minis òdone Legliz la se senplemen enstriman Jezi li menm menm ki vin pote yo sekou, apre yo te fin sote nan bafon peche a pou l ka transpòte yo nan wayòm syèl la, wayòm lavi a. Konfesyonal la, se sèl tribinal moun pa janm soti kondane ladan l : se viktwa asire sou peche a ak ansyen moun nou te ye a. Kesyon pou nou chak ta poze tèt jou, se « èske m pwofite de sakreman sa a ? » Se pou Bondye Granmèt la ede nou rekonèt peche nou yo, e ban nou kouraj konfese ak anpil lafwa ak anpil imilite !

 Dezyèm fason nou ka apwoche Mizerikòd Granmèt la, se nan Lakominyon. Jezi di sent Faustine ankò : « Mwen vle fè yonn ak frè m ak sè m yo ; kè kontan m, se lè yo fè yonn avèk mwen. Lè m fè yonn ak yon moun nan sakreman Lakominyon an, li resevwa tout kalite favè… » Ou menm kap resevwa lakominyon nenpòt kijan, kisa pawòl sa di ou ? Ou menm tou ki pa pare, ki jefò w fè pou w fè yonn ak gran Frè w ki renmen w anpil la ?

 Sak plis etonan an, sekè lè nal benyen nan Sous Mizerikòd la, nou padone, men tou nou transfòme. Nan lavi a, anpil bagay fè nou soufri : lè moun fè nou mal, lè yo fè manti sou nou, lè yo twonpe nou, lè yo rayi nou, lè yo fè nou abi, lè yo imilye nou… tout bagay sa yo dechire kè nou, yo brize silans nou, yo kite sikatris pou nou, menm aprè lè nou fin repare dega materyèl yo. Men Mizerikòd Granmèt la kapab ranpli nou e geri nou nèt. Istwa Legliz la mete devan nou anpil egzanp :

 Maria Goreti te gen sèlman 12 lane lè yon jenn gason 17 lane nan menm vilaj la, Alessandro Serenelli, te vle menaj ak li. Maria te refize, e konsa, jenn gason sa a asasine l ak 14 kout kouto. Pandan lap trepase, li di Alessandro, « m ta renmen wè w nan paradi a. » Lè yo tap kanonize Maria Goreti, Alessandro te la. Istwa Maria Goreti a fè nou sonje sen Etienne, premye disip ki te mouri mati, pandan lap mouri apre yo te fin tire wòch sou li, li di voye je l nan syèl la, li di : « Granmèt, pa mete peche sa a sou kont yo » (Travay 6 :60).

 Sen Jan-Pòl li menm te sibi atak asasina jou fèt Notre-Dam de Fatima, 13 me 1981, nan men yon jenn gason 23 lane, moun peyi Latiki, ki rele Mehmet Ali Agca. Kèk tan apre, 27 desanm 1983, Sen an vizite l nan prizon an, e li padone l. Apre lanmò Jan-Pòl 2, Mehmet ale nan lavil Wòm e depoze flè son tonbo Sen an.

 Men puisans Mizerikòd Bondye a. Li kapab ranpli kè nou ak yon fòs menm nou menm paka konprann, menm si nou ta pandye sou kwa a ak Jezi, nap padone moun kap fè nou mechanste, menm jan Jezi te fe l la. Lè yon malè rive yon pwochen nou, nou pap di « nan dife m ta danse pou ou / toutan 17 pil tè pa tonbe sou lèstomak mwen, m pap byen ak entèl ; » men na di, « Papa, padone yo… ». Si Bondye ki Bondye trete nou ak mizerikòd, Li ban nou plis pase sa nou merite, nou dwe fè menm jan ak moun ki bò kote nou. Sent Faustine Kowalska ekri nan jounal li : « Se lè nou padone moun ki fè nou kichòy, nou sanble ak Bondye pi plis. »

 Gen 3 fason ki byen senp, men ki siyifikatif kap pèmèt nou aktive favè Bondye yo nan nou, e kap pèmèt nou tounen patizan Jezikri tout bon vre, kap montre nou se patizan Jezi tout bon vre :

 1.- Padone tout bon moun ki fè nou kichòy ; menm si nou ta panse yo pa merite padon nou ; egzaktemen menm jan Jezi fè sa pou nou, chak fwa nal konfese.

 2.- Nou kapab padone yo sou fòm kado, sa vle di ba yo yon dezyèm chans ; jantiy ak yo, menm si nou panse yo pa fè anyen pou yo ta merite sa ; egzaktemen menm jan Jezi fè pou nou chak ki pral resevwa l nan lakominyon.

 3.- Padone yo, menm lè yo enève nou ak sa yo fè nou ki pa bon, pran pasyans avèk yo, egzakteman menm jan Jezi fè pou nou chak moman nan lavi nou.

 Plis nou padone pwochen nou, se plis nou sanble ak Jezi. E plis nou sanble avèl, se plis nap fè eksperyans kè kontan l nan ki transfigire nou. Pwoblèm nan te mèt fèmen anndan chanm lavi nou, men sa pa yon pwoblèm pou li. Li pa bezwen kle pou li antre. Wi, li antre e li pase nou yon lòd : « menm jan Papa a voye m nan, se konsa tou mwen voye nou ». Ale anonse a tout moun peche yo padone. E si nou pa ale, yo pap konnen si Bondye rekonsilye avèk yo e ap tann yo menm jan papa a tap tann ti banbochè a ; yap toujou panse yo se lénmi Bondye. Bondye voye nou simaye lapè. E nan travay sa a, li konvoke nou tout. Bondye voye nou envite tout moun sou tè a vin pwofite rekonsilyasyon lap ofri a. Li pa gade sou sa nou te fè l ki mal. Anonse tout moun kòman li se renmen ak padon.

 Yon lòt fwa ankò, Jezi ap fè nou sonje nou pa la pou divize moun, men nou se anbasadè li la kap simen rekonsilyasyon l nan (2Kor 5 »20). Lap tann nou tout pou nou fòme yon sèl kò. Wi, Bondye voye nou di tout moun, avèk li, peche a pa gen plas. Sèl peche ki ka fè nou pa goute kè sansib li a, e ki se rasin tout lòt yo, se lè nou pa kwè nan renmen li a, lè nou fèmen kè nou a mizerikòd li a. Se lè nou mete limite mizerikòd li, nou panse peche nou yo pi gran pase padon li. Menm jan li te envite Toma mete men l nan mak klou yo, se konsa lap envite nou touche Mizerikòd li a. Kifè, an nou mande li lagras, lagras pou nou pa pè apwoche Kè sansib li a ; lagras pou nou tounen anbasadè mizerikòd li a, e konsa tout moun ki kwè va gen lavi nan Non li.

 San ak Dlo ki te koule bò kote Jezi tankou yon fontèn Mizerikòd pou nou : nou gen konfyans nan ou ! Tonbe sou nou ! Tonbe sou Ayiti ! Tonbe sou chak fanmiy ! Tonbe sou mond la !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 975
Publicité