Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
17 avril 2021

Meditasyon pou twazyèm Dimanch Pak-B

Kè poze pou nou tout ! Lik 24,35-48 

Paix

« Limanite dwe fini ak lagè, oubyen se lagè kap fini ak limanite… Nou pa vle lagè ankò ; nou vle viv nan lapè, lapè, ki dwe gide desten pèp yo ak tout limanite. »  Sa, se te yonn nan pawòl Pap Pòl te di byen fò, lè li tap pwononse diskou li devan ONU (New York, 4 oktòb 1965) nan okazyon 20tyèm anivèsè òganizasyon an. An reyalite, menm si jou sa yo pa gen gwo gè tankou Sparte ak Perse, Lafrans ak Sendomeng, premye ak dezyèm gè mondyal, gè Vietnam, gè Iran-Irak... Israyèl ak Palèstin, nou paka di gen lapè paske enstabilite, gè sivil, konfli nan mitan konfrè, konsè, kamarad, legliz, peyi, moun nan menm travay, vwazinay, moun nan menm pati politik, moun nan menm peyi, frè ak sè… pa manke bagay sa yo.

Frè m ak sè m yo, akote tout bagay sa yo, gen anpil lòt bagay ki pa pèmèt nou viv nan lapè : lè w ap viv nan pwòp peyi w, epi w paka mache alèz ; lè w anvi al nan peyi w, men pa oze paske sekirite w pa asire ; lè ou nan pwòp peyi w, ou soti, men w pa konn si w ap antre ; lè moun san fwa ni lwa ap fè pri sou tèt ou tankou se lo mang nan mache ; lè aswe w kouche, men w pa konn kisa w pral manje nan demen paske jisteman pèsonn pa pran rèsponsabilite yo ; lè timoun ou al lekòl, men anyen a garanti w lap retounen, lè, kòm jèn, ou pa wè kòman w pral reyisi avni w… lis la anpil, men an nou pran yon dènye : lè moun sa w te konte sou li a, sila ki te sèl espwa fanmi y nan, men yo asasine l pou regle pwoblèm politik ak pwoblèm pèsonèl, e lè yo fè sa, yo tiye tout espwa w ak espwa tout fanmiy nan: kòman w ka oze di wap viv nan lapè ?

Se egzakteman sa ki te rive Jezi. Pèp la te panse se Li menm ki te pral vin delivre yo (Lik 24,21) ; men Chèf prèt yo ak Women yo tiye tout espwa pèp la, lè pou rezon politik, you kloure L sou yon kwa. Men vwala twa jou apre, pyebwa espwa yo te pral vin refleri lè Jezi parèt nan mitan yo e di yo : « Kè poze pou nou tout ! » Bò kote pa yo, Apot yo pat ka konprann bagay sa, yo sezi ; chat pran lang yo ; e se Jezi ki pral oblije brize silans sa lè Li montre yo blese L yo. Yo touche L. Se pa ti kontan yo te kontan.

Si nou gade byen, n ap wè te toujou gen tapaj nan mitan pèp la ; epoutan Jezi di yo : « Kè poze pou nou tout ! » Sa ede nou konprann, tankou yon gran filozòf – Baruch de Spinoza – te di l : « Lapè, se pa lè pa gen lagè, men se yon mòd lavi, se yon reyalite nan lespri nou, se lè nou vle bon ak tout moun, nou fè yo konfyans e nou travay pou lajistis blayi. » Jezi, pou kote pa L, di : se san rete nou dwe travay pou lapè sa. Lapè, se yon siy ki di klè Bondye prezan nan lavi nou ; se yon kado Li ofri nou ; men pou nou benefisye l, gen yon jan pou n ye : nou dwe aprann antre nan lapriyè an silans. Nou bezwen tou kite Pawòl Bondye a blese kè nou, pou tout move san koule.

Malerezman, gen anpil moun ki panse, Pawòl Bondye a se te pou yon tan. Non ! Pawòl Bondye a toujou alamòd. Li toujou vivan e vle rejwenn nou nan tout sikonstans lavi nou. Se pousa, Lamès pou 3e Dimanch Pak la gen kèk kesyon l ap poze nou : èske nou pran plezi nan li Pawòl la ? Eske nou pran plezi gade tèt nou ladan l konmsi sete nan yon glas ? Eske nou kite Pawòl la touche nou ? Eske nou konsidere l tankou chandèl ki dwe klere lavi nou ? Eske nou pran tan pou n koute l lè n al Lamès oubyen lè n ap lapriyè ? Eske nou louvri zòrèy nou lè Pawòl la vle di nou kichòy ? Lè Pawòl la ap pwoklame, èske nou rann nou kont se Jezi Li menm menm kap pale ak nou ? Eske nou pran konsyans Jezi vle rejwenn nou pa lantremiz Pawòl la ? Wi, se okazyon pou nou louvri kè nou a Pawòl la, e n ap sezi wè kijan l gen yon mo, yon fraz pou nou chak.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, pa bliye pou Apòt yo, tout bagay te fini ; men kote yo te wè pwen final, Bondye te di pwen-a-la-liy. Pou mond nou an, pou peyi nou Ayiti kap konnen move moman, Jezi ka fè yon nouvo solèy leve, yon solèy kè kontan ak kè poze ; yon solèy lavi. Wi, paske Li se Mèt listwa ak evénman yo ; anyen pa enposib pou Li. Li wè mizè nou, e Li vle fè nou benefisye kè poze li a ; Li vle transfòme tout kè sere nou yo an kè kè kontan ; yon kè kontan mond la e pèsonn paka ban nou, menm jan l te fè sa pou Apot li yo. Men Li pap sove nou san nou. Se pou sa lap rele nou pa lantremiz Pawòl Li. Ou menm, si w tande vwa Li, pa fèmen kè ou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 426
Publicité