Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
21 août 2021

Granmèt, kilès pou n al jwenn ?

Meditasyon pou 21e Dimanch B – Jan 6 :60-69

 

images (14)

Depi kèk tan, nou wè Jezi ki te kòmanse yon cheminman ak pèp la. Cheminman sa, Li te kòmanse l ak mirak epi prèch Li tap fè yo, ak demon Li tap chase yo, epi manje Li te ba yo. Sa fè anpil moun te rasanble bò kote l e yo te wè nan li yon nouvo Moyiz, ki te bay pèp Israyèl la manje nan dezè a, ak yon nouvo Jozye, ki te fè pèp la antre nan tè Bondye te pwomèt yo a.

Si Jezi te yon moun ki tap chèche popilarite, si L te yon « m’as-tu-vu, » nou tap di Li reyisi. Levanjil la di moun yo te vle mete l Wa. Epoutan, Li te pral pwofite de okazyon sa pou l te kapab katechize moun yo, nan montre Li te pral montre yo lesansyèl, sa vle di, vrè sans mesaj Li a. Jezi pat kite gwo tit fè Li enfidèl a mesaj li, a misyon li. Li pa kite siksè ki soti bò kote moun fè li vin avèg.

E nou wè nan jou pase yo kòman Jezi tap eseye prepare lespri moun yo, pandan L tap itilize kèk mo nan Labib la, pou L fè yo konprann byen konprann vrè sans mistè Lekaristi a. E jodi a, Li estime yo prepare pou tande diskou Li a ; e Li di yo : « Mwen se pen vivan ki desann sot nan syèl la. Kò m se bonjan manje, e San m se bonjan bwason. Yon moun ki manje Kò m e ki bwè San m ap ret ann inyon avè m, e m ap ret ann inyon avè l. Pen sa a pa menm ak sa zansèt nou yo te manje a, paske yo te mouri kanmenm. Moun ki manje pen sa a ap viv pou toutan. »

Jezi te byen konte, men sanble L te mal kalkile, tankou nou konn di l. Rezilta yo pat pote satisfaksyon ; e reyaksyon foul la montre sa. « Lè yo tande sa, anpil nan yo di: ‘Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?’ » Lè foul la di sa, li byen konnen sa l tap di. Vèb koute a gen anpil sans pou yon Jwif, puiske se mo ki kòmanse Kredo yo a, sa nou rele Shema Israyèl la: « Koute Israyèl, Granmèt la, se sèl grenn Bondye ki genyen… » (Dt 6 :4…) Pou yon Ebre, Koute vle di : obeyisans, fidelite. Pou yo, li te enposib pou yo prete alejans a Jezi ki te vle pou yo literalman manje Kò l epi bwè San l. Men sa k pi mal la, se pa sèlman foul anonim nan ki te pati kite Jezi. Sen Jan di, menm disip li yo tap bougonnen. Yo refize kontinye mache dèyè l; yo retounen Galile.

Frè m ak sè m yo, menm kote a, anpil moun sispann mache dèyè Jezi. Ni mwen, ni ou menm, menm jan ak moun sa yo, nou ka tonbe, nou ka kite Jezi, nou ka kritike, nou ka fè tèt rèd, nou ka chwazi pwòp verite nou. Pap Benwa XVI envite nou pran konsyans de sa ; li di : « San nou pa konsyan, chak kominote Legliz nou yo, piti piti, ap kwè nan sa yo vle – se sa nou rele sekilarism la -; yo espere ranme sila yo ki lwen, pandan sila yo ki te deja la ap kite yo, paske yo desi, yo retire nan men yo tout ti sa yo te gen. Moun jounen jodi a, lè yo rankontre nou, yo vle wè sa yo pa wè lòt kote, sa vle di kè kontan ak lespwa ki boujonnen lè yo avèk Granmèt la ki leve byen vivan. Aktyèlman, gen yon nouvèl jenerasyon ki pran nesans nan kominote legliz ki gen pwòp verite yo, olye yo louvri oubyen chèche yon tèt ansanm, yo pito al mete ak moun ki te deja opoze ak Majistè Legliz la, èspesyalman, nan sak gen pou wè ak sa ki dwe fèt ak sa ki pa dwe fèt, nan fason pou yo konpòte ak fason yo pa dwe konpòte. Nan dezè Bondye sa a, nouvèl jenerasyon an montre kòman li swaf yon depasman anpil anpil » (Diskou devan Evèk Brezilyen yo, 7 septanm 2009).

Jounen jodi a, sitou nan peyi rich nan Loksidan an, moun pa sispann pran menm atitid ak foul la nan levanjil la. Legliz ak vide, Legliz ap vann paske moun ki te batize sispann al Legliz, yo endiferan, yo rejte lafwa. Anpil peyi ki te abitye voye misyonè tout kote nan mond la, se menm peyi sa yo ki vin tounen pi gran lénmi Legliz la. Yo toujou swaf, men yo refize vin dezaltere yo nan Sous ki bay lavi a.

Se nan lide pou pase grangou ak swaf pwofon sa kifè Jezi kontinye louvri Kè Li ak bouch Li pou kontinye envite nou konprann e akeyi sa Li vle pou nou. Li kontinye vle pase swaf Li menm nou gen an. Men, Li pap fòse nou. Se toujou envite Li envite nou : Eske nou vle ? Se sa ki fè moman an, se moman pou n chwazi, e pa gen kanpe nan mitan. Se pou sa, apre Disip yo te fin ale, Jezi di Douz yo : « e nou menm, nou pa vle ale tou ?

Frèm ak sèm yo, nan premye lèkti a (Jozye 24 :1-18), Jozye te mete menm reyalite sa devan Ebre yo. Li raple yo sa Granmèt la fè pou yo. Men malgré sa, li pa fòse yo. Li di yo : « Mwen menm ak tout kay mwen, nap sèvi Granmèt la. Men nou menm, nou lib pou nou chwazi Granmèt la ou pwòp wout pa nou. » Ebre yo, ki pat gen memwa kout, ki te sonje sa Granmèt la te fè pou yo, reponn : « Nap sèvi Granmèt la, e nap koute vwa Li. »

Pandan nap pale de sonje pèp la te sonje, sa fè m sonje deviz moun Kebèk (Kanada) yo : « Je me souviens / mwen sonje.» Se yon bèl deviz chak kretyen ta dwe fè tounen deviz pèsonèl li, paske li enpòtan pou kretyen an pa engra, men pou li sonje mèvèy Granmèt la reyalize nan lavi li, depi nan konsepsyon li nan vant manman L, pase nan batèm li, rive nan moman gras lap viv aktyèlman.

Frèm ak sèm yo, menm jan pou Ebre yo, menm jan pou Jwif yo, Pawòl Bondye pou 21e Dimanch B a mete nou anfas yon reyalite, ki se dezyèm karaktè kondisyon nou kòm moun ; yon reyalite pèsonn paka evite. Se kesyon chwa a. Se chak moman nan lavi nou, e devan chak reyalite, nou bezwen chwazi. Nou paka pa chwazi ; e menm lè nou pa chwazi, se ankò chwa pa nou ; e chak chwa nou fè detèmine opsyon fondamantal nou fè nan lavi a. klòch la sonnen. Moman an rive pou nou chwazi. Ki Bondye nou vle sèvi: lajan? pouvwa? richès ? plezi ? oubyen Bondye ? Men ki Bondye ? Bondye pil fo pwofèt yo ap prezante nou an oubyen Bondye Jezikri a ? E lè nou fin chwazi Bondye, vrè Bondye a, eske nou chwazi koute L ? Pou konbyen tan : jodi a sèlman oubyen pou tout tan ? E kilè : pou lè sa bon oubyen fidèlman, nan tout sitiyasyon?

Frèm ak sè m yo, li enpòtan pou nou rete fidèl paske, kòm moun, li pa toujou fasil pou n konprann Pawòl Jezi yo ; epoutan se yo ki fè nou viv. Sen Pierre di : « Granmèt, kilès pou n al jwenn ; se Ou sèl ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. » Viv pawòl sa yo, se kite yo nouri nou, kite yo penetre tout aspè lavi nou, san nou pa pretann nou ka eksplike yo. Pa lantremiz epizòd sa, Jezi ban nou yon gwo leson. Li montre nou kòman se pa nan liv pou n al chèche sa Lekaristi a vle di. Li pi bon pou nou patisipe ladan, epi kite Kris la antrene nou nan gran mistè L sa ki bay lavi a.

Frèm ak sèm yo, tankou Pierre, an nou rekonèt kòman moman an rive pou nou renouvle konfyans nou a Jezi epi di L kòman nap kontinye suiv li. Ak anpil imilite ak anpil konfyans, an nou di L kòman nou vle fidèl jodi a, demen ak pou tout rès lavi nou. An nou mande L fè nou konprann kòman sa pap itil anyen pou nap chèche diskite sa Bondye ansénye nou pa lantremiz Legliz la, e gen lide kite legliz la lè nou poko konprann, men pou nou di tankou Sen Pierre : « Granmèt, kilès pou n al jwenn ? Se Sèlman Ou menm ki gen pawòl ki bay lavi ki pap janm fini an ! »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, lavi sa, Jezi toujou vle nou benefisye li. Se pou sa lap rele nou pou Li ofri nou li. Ou menm, si w tande vwa l, pa fèmen kè w.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 060
Publicité