Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
14 août 2021

Lasonpsyon Lavyèj Mari nan Wotè Syèl yo

Meditasyon pou 15 Dawou – Lik 1,39-45

Mari yo fè monte nan bèlte syèl la, se anons limanite ki gen pou monte

 

L'Assomption de la Vierge

Frèm ak sèm yo, nan Legliz la, genyen anviwon 17 gran fèt, sa nou rele Solanite a. E nan pami yo, gen 2 ki sanble tèt koupe, ki gen prèske menm non, menm kontni, men ki pa menm bagay. 2 solanite sa yo, se Lasansyon ak Lasonpsyon. Lasansyon, se gran fèt mobil nou selebre 40 jou aprè Dimanch Pak, kote Jezi monte nan syèl. Lasonpsyon, se Mari Jezi fè monte nan syèl ak tout kò li, e se gran fèt sa Legliz la selebre, nan gran kè kontan, chak 15 dawou.

Gran fèt Lasonpsyon an, se rezilta fèt Imakile Konsepsyon Mari a. Nou ka di 2 gran fèt sa yo se 2 fas yon menm meday ; yo lye anpil. Fòk nou di tou, se depi nan 5è syèk, ni kretyen nan Loryan ni kretyen nan Loksidan te kòmanse ap selebre gran fèt sa a. Nou pwofite pou n di kretyen an Oryan yo pa pale de Mari ki fèt san peche (Immaculée Conception de la Vierge Marie). Rezon an senp ; se pa paske yo pa kwè ladan l, yo venere Mari tankou sila ki bon nèt la (Panaghia = la Toute Sainte) ; men tou senpleman, se paske okenn moun pat janm kontèste sa an Oryan, tankou Mwàn ki te rele Pelaj la te fè sa an Oksidan. Se sen Ogisten, ak moun ki vini apre l yo, ki te fè limyè sou koze sa a.

Se konsa tou, yo pa pale de Mari yo fè monte nan syèl ak tout kò li, sa nou rele Lasonpsyon an ; yo pale de Dòmisyon. Oryan ak Oksidan itilize, yo chak, yon langaj diferan pou pale de yon menm bagay yo kwè ladan e ki gen baz li nan liv Apokalips, chapit 11 ak 12: Mari, li menm dragon an pat ka fè anyen an (li pat janm peche = Immaculée Conception), e ki te resevwa 2 gwo zèl malfini ki pèmèt li vole ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l manje pandan 1260 jou (yo fèl ale ak tout kò li = Lasonpsyon). Li chape kòl anba pouvwa peche ak lanmò. Se yon favè èspesyal paske li se manman Jezi. E favè sa a, li jwenn li avan menm li fèt paske depi tout tan, li te nan panse Bondye (se sa nou rele Gras davans la = grace prévenante).

Men, fòk nou di ankò, menm si gran fèt sa te kòmanse selebre depi nan 5yèm syèk, se senpleman nan mitan 20tyèm syèk la, pi presizemen le 1er Novanm 1950, Pap Pi 12 te pral defini ofisyèlman verite lafwa sa pa lantremiz yon Konstitisyon apostolik ki rele « Munificentissimus Deus ». Nan nimewo 44 ak 45 dokiman sa a, Pap Pi 12 ekri : « Daprè otorite Granmèt nou Jezikri, Byenere Apot Pierre ak Paul, e daprè pwòp otorite nou, nou pwononse, deklare e defini kòm verite Bondye revele nou : Manman Bondye ki fèt san mak peche a, Lavyèj Mari, aprè li fin viv lavi li sou tè a, yo te fèl monte ak tout kò li ak tout nanm li nan bèlte Syèl la. Se pousa, si yon moun – sa ki pa fè Bondye plezi – ta oze nye oubyen mete an dout sa nou defini, se pou l konnen li trayi lafwa li nan Bondye ak nan Legliz la.» E kisa fèt sa fè sonje ? Kisa li montre nou ?

Gran fèt sa a ap fè nou sonje, non sèlman kò Mari pat pouri anba tè, men tou lanmò pat gen okenn pouvwa sou li (Ps 116), epi li antre nan bèlte syèl la, dèyè do sèl grenn Pitit li a, Jezikri. Fèt sa montre nou Mari kòm vizaj Legliz la paske li se sila ki viv tout sa Legliz la te gen e gen pou l viv. Premye lèkti a montre nou sa byen. Kifè, menm jan ak Mari, Legliz la gen misyon pou pote Kris la nan mond la. Tankou Mari, Legliz la nan wout pou li monte nan bèlte Bondye ki la pou tout tan. Menm jan ak Mari, Legliz la dwe akeyi Pawòl la e pote l nan mond la. Nan yon mo, nou ka di Mari se yon glas ; ladan l, Legliz la gade misyon li ak avni li.

Pa latranmiz gran fèt sa a, sa Legliz la envite nou wè nan Mari, se pa dabò yon moun kap pwoteje enterè nou oubyen nanm nou, men yon fanm ki fidèl nan lafwa li e ki pote kontribisyon li nan delivrans tout moun nan « Wi » li te di, yon « Wi » ki te pèmèt li pote Sovè a nan zantray li; men inik Moun ki akonpli delivrans sa a, se Jezi, e Jezi sèl.

Lè Legliz la envite nou selebre gran fèt sa, yonn nan premye bagay li vle montre nou, se nan ki kalite konba nou angaje, e kòman nou kapab ranpòte laviktwa, oubyen nou kapab patisite nan viktwa Jezi deja ranpòte pou nou an, menm jan Li fè Manman l triyonfe sou lanmò a. Konba sa, se pa moun ak moun, men pito ak gwo fòs mal la ki tap menase Timoun nan nan moman li te Lè pou L te pran nesans la (Ap 11,19-12,10). Nan fèt sa tou, Legliz la pa montre nou yon deyès ki monte nan bèlte li, non. Mari pa yon deyès, men yon pitit Èv ki te antre nan konfli ki gen ant peche ak lagras la, ki te pote Sila ki te kraze tèt Koulèv la, jan sa te di nan Jenèz 3,15 la ; ki plen Lagras paske Granmèt la avèk li, ki jwi pwomès Bondye te fè Abraram ak pitit li yo pou tout tan ; kifè li tounen sila kap entèsede pou nou pou nou jwenn lagras. Kifè, Mari se medyatris lagras, men Sila ki se Medyatè delivrans nou se Jezi, e Jezi sèl.

Nan meditasyon Sen Bernard sou gran fèt Lasonpyon an, li di: “Jodi a, Lavyèj bèlte a, nan monte l monte a, li fè Lespri yo ki rete nan syèl la plis kontan toujou. Tè nou an voye yon kado ki koute chè anpil pou syèl la, nan lide pou sele, gras a echanj sa, Alyans kè kontan ki te fèt ant mond moun yo ak mond Bondye a, tè a ak syèl la, isi-ba ak anlè a. Pi bon fri tè a monte jis kote kado favè yo desann vin jwenn nou yo. Kote l rete anlè a, Lavyèj ki nan bèlte a, li menm tou, pral separe anpil kado bay moun yo. »

Premye Kado lap distribiye, se Pawòl la li te akèyi nan zantray li e li te gade fidèlman nan kè l la, pandan lap fè l donnen fwi. Se egzakteman sa l te fè lè l tal vizite kouzin li Elizabèt. Elizabèt kontan li di : « Kisa m ye menm pou manman Mèt mwen vin vizite m ; gade, salitasyon w nan poko menm rive nan zòrèy mwen, ti pitit la komanse danse nan vant mwen ! » Prezans Mari pote kè kontan, paske Granmèt la avèk li, paske Granmèt la nan li.

Men sitou, kado lap fè nou, se chante lwanj li a, Mayifikat la. Bondye fè Mayifikat Mari a tounen pawòl Li: « Nanm mwen chante lwanj Bondye, lespri m kontan nan Bondye m nan... Apati jodi a, tout moun pral di kijan mwen genyen chans, paske Granmèt la fè anpil mèvèy pou mwen.» yonn nan pi gwo yo, se mèvèy nap selebre jodi a. Nan kantik sa a, nou jwenn tout sa nou bezwen pou nou konprann kòman Bondye ak moun, syèl la ak tè a, fè yonn ansanm, menm jan l te fèt deja lè Pitit Bondye te vin tounen Moun nan zantray Mari.

Frèm ak sè m yo, gran fèt nap selebre jodi a envite nou gade Mari sitou nan lafwa li. Yon lafwa ki te fè fas ak anpil difikilte, e jisteman pou sa, nan finisman pakou lavi li sou tè a, Bondye asime lafwa sa. Kifè, sa ki rive Mari sou tè a dwe sèvi pou nou yon sous esperans. Nou menm tou, pèsonèlman, e tout limanite ansanm, Bondye pwomèt nou lap vin pran nou. Bondye fè Mari pran devan. Kifè, Lasonpsyon Mari, se sa nou rele nan langaj fransè, pwototip pwòp lasonpsyon nou. 

Se vre, nou gen pou nou mouri, kò nou gen pou l pouri ; men lanmò pa fini ak tout bagay. Apre lanmò, gen leve byen vivan an. E se tout linivè, tankou sen Paul di, kap soufri, kap jemi anba doulè akouchman, kap tann jou delivrans sa. Men vrè lide fèt Lasonpsyon an : Bondye ki gen pwojè leve tout limanite nan wotè syèl yo. Pwojè sa pa pou Mari sèlman; li pa pou yon ti gwoup, menm pou tout moun alawonnbadè. Kifè, se a nou tout a nou chak apèl la lanse pou n akeyi pwojè sa, nan goumen, nan kenbe lafwa tankou Mari. Ou menm, si w tande vwa Granmèt la, pa fèmen kè w !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 384
Publicité