Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
12 juin 2021

Meditasyon Pou Onzyèm Dimanch B

Atant Jezi nan lavi yon kretyen– Mak 4,26-34

www

Frèm ak sè m yo, nan okazyon onzyèm Dimanch tan òdinè Ane B a, Jezi ap di nou kisa lap tann nan lavi nou kòm kretyen. E pandan Lap di sa, Li tou ap klere nou sou kèk fason nou konn regle lavi nou e malerezman nou panse ki nòmal oubyen ki ase. Premye fason an, se lè nou panse konvèsyon yon moun depann de nou. Nou konn tande moun ap di : « M konvèti entèl ! » Non ! Jamè ! Bondye ka sèvi ak nou ou nenpòt evénman pou fè yon nanm tounen vin jwenn Li. Men konvèsyon yon moun, se travay Lesprisen an e Lesprisen an sèl ; men ki pap fèt san libète moun nan.

Dezyèm fason an, se sa ki gen pou wè ak kretyen rityèl yo : moun sa yo konnen tout prensip Legliz, tout fèt yo ak rityèl litiji a pa kè e ki prè pou fè sa Legliz mande. Twazyèm fason an, ki sanble ak dezyèm nan, li konsène kretyen moralis yo. Yo konnen e ka fè trè byen diferans ant peche mòtèl ak peche venyèl (ti peche yo, peche ki pa mennen nan lanmò a, peche chak jou yo). Yo fè tout sa yo kapab pou yo pa fè peche mòtèl, e lè sa rive yo fè peche venyèl, yal jwenn monpè pou konfese. Alaverite, dezyèm ak twazyèm nan bon, men yo pa ase. Jezi pa vle pou nou bon sèlman; Li vle pou nou vin kòrèk nèt (Mt 5,48). E jodi a, se Li menm kap ban nou yon mwayen nou kapab vin bòn nèt, yon fason pou nou viv lavi nou kòm kretyen.

Pou Jezi, yon kretyen reponn ak ideyal kretyèn nan, se lè lavi li donnen fwi, fwi renmen, fwi lapè, fwi jistis, fwi linite, fwi fratènite, elatriye. Se lè kretyen an fè sa li kapab di alèz : « Papa nou ki nan syèl la, se pou Reny ou an rive ! » Li di nou ankò, nan relasyon nou avèk Bondye, se pa jefò nou yo ki vini avan, men lagras Bondye, paske se Li ki Kreyatè a, e nou menm se kreyati a. « Si se pa Li ki bati kay la, se pou anyen bòs mason yo ap travay. Si se pa Li kap veye lavil la, se tan gad yo yap pedi.» Se Li ki toujou ap fè nou favè, menm pandan nap dòmi [èspirityèlman] (Sòm 127).

Pi plis toujou, Jezi ap raple nou kòman atitid yon kretyen, se dwe tankou yon atizan, yon moun ki toujou ap fè jefò pou mache nan lagras Bondye a, paske se lè nou rete nan liy lagras Bondye a, jefò nou yo vin gen valè. E menm si nou fè jefò, sa pa vle di nou pral gen matirite èspirityèl byen vit. Se pa tankou gwo jwè foutbòl yo ki bezwen sèlman 90 minit pou yo milyonè oubyen chanpyon. Matirite èspirityèl, se yon bagay ki mande anpil tan. Bondye konnen nou pa diferan de sen Pyè : nan aswè bò 6h nou pare pou n mouri pou Jezi, nan demen bò 9h nan maten, nou gentan di nou pa rekonèt Li. Nan Dimanch nap bay Bondye laglwa san rete, nan menm semèn nan, moun nan vwazinaj la about avèk nou; dèfwa depi anndan legliz la, nap bay Bondye glwa, men menm moman, nap gade yon lòt nan asanble ak sousi nou byen kontre.

Bondye konnen sa, se pousa Li pasyan avèk nou, e mande nou pasyan ak tèt nou. Epoutan, se pa yon rezon pou nou abize pasyans Bondye a. nou dwe batay pou nou pa fè zanmi ak peche, pou nou pa kite peche fè katye jeneral li nan kè nou. Se Bondye ki simen lagras Li nan tè kè nou, se Li menm ki konnen kilè nap pare pou nou donnen fwi. Li fè nou konfyans, malgre nou lan, nou fèb, men Li espere nou akeyi favè Li fè nou, epi lè moman an  rive, lap vin rekòlte fwi nan jaden kè nou.

Frè m ak sèm yo, pasyans sa a Bondye gen pou nou an, Li mande nou pou nou genyen l yonn pou lòt. Paran antre yo, paran pou timoun, timoun pou paran, zanmi antre yo, travayè ak patwon, vwazen ak vwazin, elatriye. E si nou menm ki gen anpil mank, nou rive fè eksperyans sa a, nap rive reyalize kòman Bondye, Li menm ki renmen nou san limit, gen pasyans avèk nou jiskaske nou rive kòrèk nèt. E nou konnen « moun kòrèk la gen pou l pouse tankou yon pye palmis, lap grandi menm jan ak pye sèd nan peyi Liban. Lap tankou pyebwa ki plante anndan kay Granmèt la, lap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an. Li te mèt granmoun, lap toujou donnen, lap toujou vèt, lap toujou gen fòs (Sòm 92).

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Papa nou pasyan avèk nou. Rele Li ap rele nou jodi a, se pou Li envite nou gen pasyans pou lòt yo ak pou pwòp tèt pa nou. Ou menm, si w tande vwa Li, pa fèmen kè w.

Se pou lagras Li pèmèt nou tout ak nou chak donnen anpil fwi !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 060
Publicité