Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
19 juin 2021

Meditasyon pou 12yèm Dimanch Tan Òdinè B

Granmèt, nap peri, reveye w! Sove nou!  – Mak 4,35-41

 

La Barque-croix de l'Eglise - Copy (7) - Copy

Frèm ak sèm yo, eksperyans Disip yo fè avèk Jezi, nan okazyon douzyèm Dimanch tan Òdinè (B) a, parèt yon ti jan iwonik; Jezi bay nou yon sipriz nan pran Li pran yon atitid dwòl alòske Disip yo an danje, yo panike, gwo van ap souflè, lanmè a ap ajite, kannòt la menm kòmanse pran dlo ; kifè, yo pa wè okenn siy lavi pou yo ankò. Nan mitan tout panik sa a, yo te vin pèdi moral yo ; e sa te pouse yo poze Jezi yon kesyon dwòl: « Granmèt, nap peri wi ! Sa pa di w anyen? »

Nan kilti Bib la, lanmè a reprezante fòs fè mal yo, vyolans ak lanmò. Kifè, menm kote nap reyalize kòman disip yo, antanke moun, te gen rezon, men epizòd sa vle atire atansyon nou sou anpil bagay. Wi, nou chak : keseswa antanke kretyen, keseswa antanke sitwayen, keseswa tout senpleman antanke moun, epizòd sa gen kichòy li vle di nou.

Antanke kretyen, epizòd sa montre nou Legliz nou an, Kannòt Sen Pyè a, ki pa sispann atake: atak ki soti bò kote lénmi deyò tankou lénmi anndan. Malgre tout sa yo fè pou yo diskredite Legliz la, Legliz la kenbe djanm paske Jezi kontinye kenbe pwomès Li: «Simon, ou se yon Wòch – Pyè – se sou Wòch sa Map bati Legliz mwen an, menm pòt lanfè a paka fè l anyen…» (Mt 16,18) Wi, kannòt sa nan Levanjil la, « se ‘Legliz nou an kap kontinye misyon li sou tè a pandan lap mache nan mitan pèsekisyon yo ak konsolasyon Bondye,’ lap anonse lakwa Granmèt la jiskaske Li retounen » (LG 8).

Antanke sitwayen, epizòd sa gen kichòy li vle di nou paske se nou chak ki pa sispann fè fas ak move van ki vle koule batiman peyi nou an. Lè nou tande sa kap pase nan kapital la, mizè ki tounen yon bagay nòmal, jèn yo kap livre nan kalite reyalite ki pa sanble yo, reklam pou imoralite, enjistis, enpinite, koripsyon, fanmiy yo kap divize ak tout lòt bagay nap konnen yo : kesyon bandi yo, kidnapin, asasina, abi, timoun kap pran move trètman kay madanm, vyolans, ensekirite, pandemi kap fè raj mechanste tout kote…, nou wè pa gen diferans ak disip yo ki tap peri sou lanmè a.

Antanke moun tou senpleman, epizòd sa ap di nou kichòy. Kilès ki ka gen kouraj di li pap fè fas a move van nan lavi pèsonèl li ? Kilès ki ka di li pa grangou, li pa razè, li jwenn travay, li pa anvi kite peyi l? Kilès ki ka di batiman lavi l pa souke lè yon bon zanmi trayi l ? Lè yo akize l san rezon ? Lè yon pwòch li ou jèn moun, ou nenpòt ki moun pran nan yon mò sibit ? Kilès ki pa anvi di : « Granmèt, reveye w ! Nap peri, vin sove nou ! » ?

Frèm ak sè m yo, lavi nou se yon vwayaj sou lanmè tan an. Pèsonn pap rive lòt bò rivaj lavi tout tan an san li pa rankontre move van. Se pa ke Bondye pa wè yo, men Li pèmèt yo paske Li vle nou itilize yo kòm mwayen pou nou bay prèv lafwa nou (Jak 2,3 ; Sirasid 2,1-5). Toutfwa, nou pa inyore sa : gen tanpèt ki vini tou natirèlman ; men gen tanpèt se moun ki pwovoke yo. Men kèlkeswa sous tanpèt yo, nou kapab itilize yo pou nou aprann fè konfyans a mizerikòd Granmèt la. Se pa okazyon pou nou doute de bonte Bondye oubyen de egzistans li.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, kannòt lavi ajite, e li gen poul toujou ajite. Men levanjil la vin raple nou kòman « Nan Okès mizik lavi a, Jezi se gran Mayèstwo a » (Sen Auguistin). Li gen kontwòl tout bagay. Li byen prezan, sèl sa nou bezwen se envite Li anbake avèk nou paske depi Li la, pa gen okenn chans pou kannòt lavi nou koule. An nou mande l ogmante lafwa nou, aprann nou mize lavi nou nan Pwovidans li, e konsa, malgre tout ajitasyon, kè nou va rete nan lapè jiskaske nou rive sou rivaj Li envite nou an.

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 751
Publicité