Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
21 avril 2021

Meditayon pou Jedi twazyèm semèn Pak

Tout moun ki koute Papa a…Jan 6,44-51

Unite

Frè m ak sè m yo, nan mitan tout paj tris n ap li nan liv lavi nou kòm pèp, kòm moun e moun ki mèt konfyans nan Bondye, genyen de (2) lide ki fasil monte nan tèt nou: « Kisa nou fè n ap peye? » « Kote Bondye nan tout bagay sa yo, e poukisa Li kite sèvitè l ap pran imilyasyon konsa? » Si nou te Bondye nou wè kisa n ta fè. Tankou Jak ak Jan, nou ta swete Jezi bay nou pouvwa pou fè dife nan syèl la desann pou fini ak yo. (Lik 9,54). Anpil moun ki desu, ki menm deside kite Legliz, se paske yo wè Bondye pa aji selon lide yo ; yo menm gen enpresyon Bondye pa konsidere yo kòm pitit Li.

Si nou gade byen levanjil jodi a an patikilye, e tout levanjil sen Jan an an jeneral, n ap wè Jezi te toujou ap fè fas ak anpil pèsekisyon : yo derèspekte L, yo di L se mantè, yo kidnape L nan jaden Jetsemani, yo imilye L, yo pase L nan rizib, yo ba L vinèg pou dlo, yo krache sou Li, yo menm touye L ; men Li pa janm bliye Li se Pitit Bondye ; Li pa janm panse Papa a te abandone l pou otan. Li pat janm doute de Bonye.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, pèsekisyon sou tout fòm n ap rankontre tan sa yo vrèman epwouve lafwa nou. Epoutan, Jezi ap envite nou gade sou Li pou nou chèche konnen plis Papa sa ki pa janm lage nou, pandan n ap pran konsyans nou se pitit Li Li renmen anpil. E sa Papa sa a vle pou nou, se fè yonn avèk Li nan lafwa ak nan renmen, paske se pou Li nou ye. Pi plis toujou, Li vle raple nou peyi nou, vil nou, katye nou, mond la ka bèl, paske Li kontinye renmen l, men Li pap ka sove mond sa, peyi nou, fanmiy yo, san patisipasyon nou. E rapèl sa a, se plis pou nou menm k ap manje Kò Pitit Li a nan Lamès. Manje sa a rele Kominyon. Anyen pap posib si nou pa viv nan lakominyon, si nou pa tounen sa nap manje a.

Bò kote nou tout ak bò kote nou chak, Bondye ap tann yon reponn kounye a menm, yon repons ki soti nan libète nou, yon repons ki sensè, yon repons ki angaje kap ede nan chamjman sitiyasyon malouk sa a ki paka pi mal ke jan l ye la a. Ou menm, si w tande vwa Granmèt la, pa fèmen kè w !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 807
Publicité