Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
24 avril 2021

Meditasyon pou katryèm Dimanch Pak-B

« Se Mwen menm ki Bon Gadyen an…» (Jan 10,11-18)

 

Le Bon Gardien

Nan pami sèt (7) pawòl Jezi te di (nan Levanjil sen Jan) pou montre kijan Li se Sajès Bondye a, deklarasyon sa se yonn nan yo. E si Li di : « Se Mwen ki Bon Gadyen an », nou gentan konprann te gen lòt gadyen nan tan ak nan peyi Jezi ; e sa ki klè, sekè gadyen sa yo pat diy de non yo te pote a. Men gadyen sila yo, kilès yo te ye ? Gadyen sa yo, se te chèf Prèt yo, Farizyen yo ak Pwofesè Lalwa yo ki te gen misyon pou gide pèp la, men ki te fè fayit a misyon yo.

Pawòl sa jwenn tout akonplisman l nan Jezi ; epoutan se pa Jezi ki premye repete l. Pwofèt Ezekyèl (34,15) li menm te deja repete menm pawòl sa yo nan yon epòk kote Israyèl te devaste, wa yo pat fè travay yo, chèf yo pat pran swen pèp la ; se sèl pwòp tèt pa yo ki te enterese yo. Poutèt sa, Bondye prete bouch pwofèt la pou l repwoche yo :

« Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen. Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo. Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n kraze yo, pou n maltrete yo. Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo. » (Ez 34, 2-5)

E se sa menm ki fè Jezi se Bon Gadyen an. Papa a voye L pou L pran swen mouton yo, ni sila yo ki nan pak la, ni sila yo ki pèdi dèyo a. E jouk jounen jodi a, Jezi se Sila kap pran swen chak moun ; Li se Sila ki nouri nanm nou an ; Li se Sila ki ban nou aksè al jwi piyay lavi tout tan an.

Antanke Bon Gadyen, Jezi konnen tout mouton L yo, e mouton L yo konnen L tou. Li se Sila kap pwoteje twoupo a pou l pa ale nan move patiraj. Li se Sila kap veye sou bann mouton an lajounen tankou lannuit pou bèt mechan pa vin fè dapiyanp sou yo. Bon Gadyen an konnen mouton yo bezwen renmen. Se pousa Li renmen yo ak yon lanmou ki pa gen mezi. E renmen sa garanti, si byen Li bay lavi L pou mouton yo. Bon Gadyen an pa janm panse montre otorite. Otorite Li se renmen.

Men rèskonsabilite sa a, Bon Gadyen an pataje l ak nou menm moun. Premye gwoup moun li pataje misyon sa avèk li, se Apot yo, ki yo menm pase pouvwa a bay lòt moun. Jounen jodi a, lòt moun sa yo se klèje Legliz. E chak pè reponn ak rèskonsabilite sa a èspesyalman nan sakreman Lakonfesyon, kote yo pase anpil tan ap ede moun benefisye konpasyon Bondye a. yo pa bliye yo se enstriman ; se Kris la, Pè an chèf la, sèl grenn Bon Gadyen an kap aji pa lantremiz yo, kap pote sipò lè mouton an fatige, konsèy lè l dekouraje, lagras lè li peche. Katechis Legliz Katolik la eksplike sa byen :

« Pandan l ap selebre Sakreman Penitans la, Pè a fè travay Bon Gadyen an ki se chèche mouton ki pèdi a, travay Samariten an ki panse blese yo, Papa a kap tann ti banbochè a retounen pou L resevwa l ; Jij kòrèk la ki pa gade sou figi pou l fè jistis e ki montre konpasyon pandan L ap jije kòrèk an menm tan. An gwo, Pè a se siy ak enstriman renmen kè sansib Granmèt la pou pèchè a» (1465).

Yon lòt kote, se nou tout ak nou chak Jezi rele pou n pataje rèskonsabilite sa a avèk Li. Nou chak dwe sonje nou se yon gadyen pou lòt la. Nou len gen misyon pou n voye je sou lòt pandan nap pataje sousi yo ak kè kontan yo ; e nou dwe fè sa ak tout kè nou. E pa bliye, nou chak nou gen pou n reponn kesyon. Kèlke swa fonksyon nou te okipe, swa nan Legliz la oubyen nan sosyete a, Jezi gen pou l poze nou menm kesyon Papa a te poze Kayen : « Kot frè w la ; kisa w fè avèl ?

Lè nou voye je gade sosyete a, malerezman nou wè anpil moun demisyone. Sosyete jounen jodi a pa deside koute Bon Gadyen an, e anpil nan yo, se pa fot yo, men se paske manke temwanyaj. Kanta chèf yo, yo pa imite Bon Gadyen an ki te vini, non pa pou moun sèvi L, men pou L sèvi moun. Kifè, sa pwofèt Ezekyèl te di a kontinye jwenn plas li pou pastè tan jounen jodi a. Yon kote, gadyen yo pa gen tan pou mouton yo ; yap devore yo ; yap malmennen yo ; yon lòt kote, yap mennen yo manje nan move jaden, lè olye yo bay yo edikasyon ak yon avni, yo prefere mete zàm nan men pou met tout yon peyi ajenou.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, nan mitan tout move moman nap konnen yo, tout difikilte yo, tout dekourajman nou yo, Bon Gadyen an vle delivre nou. Se vre, tantasyon yo fò, lou ak lòt bèt mechan anviwonnen nou, yo menm pafwa oze foure men yo nan pak la pou poze lapat sou ti mouton yo, men Bon gadyen an la. Li te bay lavi L pou nou deja. Li pap pèmèt yon pye cheve rache nan tèt nou, e menm si yon pye cheve ta rache, Li pap pèmèt li rive atè.

Jodi a, Bon Pastè a vle pou nou suiv Li tout kote e a chak okazyon nan lavi nou. Li vle nou reprann misyon nou pou n al rankontre tout lòt mouton ki pa nan pak Li a, pak renmen, pak solidarite nan sa ki kòrèk, pak pwogrè, pak fratènite, pak moun kap simen kè poze… Se nan chemen sa Li vle mennen tout mouton yo jis nan kè kontan syèl la, malgre feblès yo, kote Li menm Li menm te antre apre l te fin ranpòte lavikwa sou fòs fè mal la ak sou lanmò a menm.

Mouton yo konnen vwa Bon Gadyen an. L ap rele nou, ou tande vwa L ? Si wi, pa fèmen kè ou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 481
Publicité