Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
11 novembre 2023

32e Dimanch TOA - Parabòl 10 jenn fanm vyèj yo

Chak Chwa Nou Fè Gen Konsekans Li

Prensipal

Frèm ak sèm yo,

Gen anpil moun ki panse, zafè lafwa a, oubyen moun ki al Legliz, kap chèche viv yon bon jan relasyon ak Jezi, se zafè moun fou. Pou kèk lòt moun ankò, se sèlman lè yo toupre mouri yo panse a Jezi, yo vin bay li ti rès la. Kifè, lè yon jenn, lè yo an sante, yo pa sousye yo de lavi èspirityèl yo. Yap pwofite jènes yo, yap jwi lavi yo, yap keyi lavi chak jou yo ; se yon kesyon de « Carpe Diem », tankou Horace te ekri.

Sa yo inyore, sèke chwa sa yo fè a gen konsekans li. Chak chwa nou fè, dayè, gen konsekans li ; yon konsekans yo dwe asime. Wi, lavi a oblije nou chwazi chak moman, menm lè nou ta panse pa gen. Dayè, menm lè nou pa chwazi, se yon chwa nou fè pou nou pa chwazi ; se konsekans chwa a kap detèmine si se te yon bon ou yon move chwa.

An gwo, se sa Pawòl Bondye pou 32e Dimanch la ap fè nou sonje. An menm tan tou, lap envite nou aprann jere tan Papa Bondye fè nou kado, paske se nan tan sa a lavi tout tan an kòmanse. Kifè, Pawòl la envite nou louvri je nou ak lespri nou, fè tout sa n konnen pou nou sispann jwe ak lavi nou, e kòmanse reflechi sou finisman lavi nou sou tè a, ki depann de chwa nou. Wi, nou tout gen yon finisman sou tè a. Nou pa sèten sou ni ki jou, ni ki lè, men nou sèten nap mouri kanmenm.

Tout bagay sa yo, Jezi eksplike yo pa lantremiz parabòl 10 jenn fanm vyèj yo. Nan langaj jodi a, nou ta di 10 anonsez yo, ki te al rankontre mesye marye a (jan nou sot tande nan Levanjil la). Pou nou pi byen konprann, li enpòtan pou nou gade pi pre chak mo Jezi itilize nan bèl parabòl sa.

Jezi pale dabò de yon mesye marye. Mesye marye sa a, se li menm. E menm si Levanjil la pa pale de madanm Marye a, men sen Pòl di nou klèman kòman Madanm marye sa a, se Legliz la (Ef 5 :25-27). 10 vyèj yo menm, anonsez yo, se nanm tout kwayan, tout kretyen alawonnbadè. Jezi di yo te 10, yon fason pou l fè alizyon ak 10 Kòmandman Bondye yo ki se veritab baz tout lavi kretyèn nan. Men nan 10 nan demwazèl, 5 te saj, 5 te fou. Jezi divize yo pa 5 paske moun gen 5 sans, ki karakterize lavi fizik li.

10 medam yo te gen, yo chak, yon lanp nan men yo. Daprè Sen Augustin, lanp sa yo, se bon aksyon nou yo, se jefò nou fè pou nou pratike Levanjil la byen. Medam yo soti al rankontre mesye marye a. Soti sa a senbolize lafwa ak lesperans ; paske, okenn moun pap soti al chèche yon bagay, si li pa kwè lap jwenn li (lafwa); epitou li pap kontinye tann li, si li pa gen lespwa lap fini pa jwenn li (lesperans). Kidonk, lè nou gade medam sa yo, nou wè yo te gen 2 nan sa nou rele « vertus théologales » yo, sen Pòl pale de yo nan 1 Korentyen 13,13. An reyalite, nou bezwen lafwa a ak lesperans la. San yo, nap pèdi nan mitan mond sa ki fin kowonpi, pèvèti ak fènwa peche a, kote jèm mechanste ak lanmò pa bouke simen – e malerezman nou pa toujou gen repons. Kifè san lafwa ak lesperans la, ki se lanp nou, nap pèdi, nou pap wè kote pou nou mete pye nou.

Jezi di toujou : « demwazyèl sa yo te vyèj », paske yo te refize pran plezi fè yo pat dwe fè. Yo te fè jefò pou yo akòde lavi yo al sa lafwa kretyèn nan mande yo, yo te obsève Kòmandman Bondye yo. kidonk, se pat vijinite fizik, men vijinite èspirityèl la, Wi, yo te gen lafwa ak lesperans. Jiskaprezan, 10 demwazèl sa yo te sanble nan tout bagay.

Jezi di : 5 ki te gen bon konprann yo, sa vle di 5 saj yo, te pote lwil an rezèv ; e 5 lòt ki te tèt chaje yo, 5 fou yo, pat pote lwil an rezèv. Kifè, sa ki fè diferans antre yo, se pwovizyon lwil la. 5 saj yo te gen pwovizyon sa a, 5 fou yo pat genyen. Sa pouse nou mande : kisa lwil sa senbolize ?

Lwil, (jodi a anpil moun itilize gaz), se sa ki pèmèt lanp limen. Moun kap viv nan peyi tankou lakay, kote kouran elektrik rete yon liks, konnen sa map di a. Men nan Labib la, lwil la vle di sa kap boule nan nou pou Bondye a ak pou lòt yo a ; sa vle di renmen an ; tankou sen Augustin te ekri : « Lwil sa a se yon bagay ki gran anpil, se renmen an, se charite a ki fè nou aji sèlman pou Bondye, e san li, pa gen anyen nou ka fè ki kapab sove nou, pa menm lafwa, pa menm lesperans » ; paske, tankou sen Pòl di : « Gen twa (3) bagay ki toujou la : lafwa, lesperans ak renmen ; men nan yo twa a, se charite a ki pi gran. »

Jezi kontinye pou l di, 10 medam yo te al rankontre mesye a pandan lanuit. Lannuit sa a vle lavi kounye a, kote flanbo lafwa a ak klere nou, pandan nap espere gran jou ki pa gen finisman an, letènite a. Men tou, li fè nou panse a pwòp inyorans nou osijè jou jijman an : pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè. Wi, sou kesyon retounen Jezi a, pèsonn pa konnen ; nou tout inyore sa (Mt 24 :36 ; 25,13 ; Travay 1,7, etc.).

Sa ki bèl la, sèke tout vyèj yo – ni sa ki te saj, ni sa ki te fou – tout te kagou, e dòmi pran yo. Somèy sa a pa gen anyen pou wè ak somèy fizik la ; sa vle di lè nou dòmi lannuit pou nou reveye nan maten ; se pito somèy èspirityèl la ; sa vle di se tout bagay ki soti pou tenyen charite ki nan nou an ; tout sa ki soti pou fè nou sispann pèsevere. Men Sen Augustin ale pi lwen pou li di « somèy sa a, se bagay okenn moun paka chape anba l la ; sa vle di somèy lanmò a. »

Se la parabòl la kòmanse bèl, se sa ki fè bote Levanjil la : nou menm kretyen, nou pa mouri, nou jis ap dòmi nan lanmò paske, lè Mesye marye a, ki se Kris la, retounen, nou tout ap reveye lè twonpèt la va sonnen, menm jan gwo bri a te reveye medam yo. Sent Terèz te di sa ak pi bèl mo toujou nan finisman lavi li sou tè a : « Mwen pa mouri, mwen antre nan lavi. ». Wi, nou gen pou nou reveye, nou tout dayè ; men pou nou antre nan kè kontan Nòs ki pap janm fini yo, nou toujou bezwen renouvle repons lafwa ak renmen nou nan Granmèt la, kèlkeswa pozisyon nou nan lavi sa a, kèlkeswa sa nap fè sou tè a.

Gen yon lòt bagay ankò ki enpòtan, e nou pa vle pase sou li : se lè tout medam yo te reveye yo, 5 fou yo remake yo pa gen lwil, yo al mande 5 saj yo, e yo menm yo refize. 5 saj yo te refize, se pa paske yo te egoyis, oubyen yo pat bon zanmi ; men se paske, nan sak pou wè ak lavi èspirityèl nou, repons nou pèsonèl, e li pa transferab. Okenn moun paka reponn nan plas nou. Se pou sa 5 saj yo te di : « al achte nan men machann yo », ki vle di : « al pratike lacharite a. »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo,

Se a nou tout e a nou chak Jezi ap rakonte parabòl sa a ; paske, an reyalite, nou tankou 10 jenn fiy sa yo. dèfwa, nou se 5 saj anonsez sa yo ki te konnen fòk yo te fè rezèv ; men pafwa, nou tankou 5 fou yo ki te panse sèlman a moman yo tap viv la ; se sak fè dèfwa nou gen atitid pwofitè. Men jodi a, sèl konpòtman Jezi mande, se konpòtman foumi an, nan Fab La Fontaine nan. Jezi mande nou pou nou panse a demen nou, pou nou aprann fè pwovizyon paske livè lavi a gen pou rive.

Wi, li lè pou nou reveye nou, soti nan tout kabicha èspirityèl nou yo, endiferans nou yo pa rapò a levanjil la, e mete lòd nan lavi nou. Pawòl Bondye a envite nou relativize travay ak lajan nan lavi nou. Moun pa viv ak pen sèlman; tan an se pa sèlman lajan. Nou dwe chèche pase grangou èspirityèl nou yo, kreye tan pou lapriyè, sinon nan finisman tan yo, nap tankou 5 fou yo.

Men fè atansyon, Jezi pa kalifye 5 demwazèl yo moun fou paske yo tap mache voye wòch, oubyen mache monte desann nan lari a, nan mòd moun fou nou konnen yo. Mo Jezi itilize a, se «môrai», ki vle di moun ki kanpe kare Bondye, moun ki nye egzistans li, moun ki refize kwè nan li. Gen o mwen 2 lòt kote nan Bib la nou jwenn mo sa a : sa Sòm 114,1 an ki di : « Moun ki fou di a di nan kè l, pa gen Bondye ! » ; epi nan Levanjil Matye a (7,24), kote Jezi kalifye de fou tout moun ki koute pawòl la e ki pa mete l an pratik.

 Kanta 5 sila li di ki saj yo, se pa paske yo te pwofèt ki te konnen davans kilè li tap retounen. Okontrè, se paske yo te pèsevere nan renmen ; yo te rete fidèl nan lapriyè ak nan pratike lacharite a pou Bondye ak pou pwochen yo. Yo te konprann sa byen ; e Granmèt Jezi vle nou konprann sa tou. Se pou sa lap rele nou ; ou menm, si w tande vwa li, pa fèmen kè w !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 251
Publicité