Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
30 septembre 2023

26e Dimanch TOA - Rebèl e obeyisan alafwa…

Matye 21,28-32 | Al travay nan jaden rezen m nan…

 

L'homme et ses deux fils

Yonn nan erè klasik majorite kretyen renmen fè, se panse yo deja sove depi lè yo fin akeyi lafwa, e yo pa bezwen fè okenn efò ankò. E manke konprann sa a, ilizyon sa a, fè yo panse yo pi bon pase lòt yo, ata menm frè ak sè kretyen parèy yo. Malerezman ! Se yon larivyè ilizyon konsa Jwif yo tap benyen ladan l. Jezi, ki konstate sa, ba yo yon parabòl nan lide pou klere lantèn yo, men sitou envite nou soti nan rivyè enkoyerans ak ipokrizi nap benyen ladan l, konsyamman ou enkonsyamman.

(Nou sot tande parabòl sa a li te rakonte bay otorite yo). Yon nonm te gen 2 pitit gason. Li di premye a : al travay nan jaden rezen m nan. E tigason an reponn : ‘m pa anvi.’ Men touswit, li chanje lide li, li ale. Papa a mande pi piti pitit gason an menm bagay la ; li reponn : ‘wi ! wi, senyè !’ Men li pa ale. Kilès nan yo de a ki fè volonte papa a ?

Yon kesyon byen senp, pa vre ? Kesyon an tèlman senp, menm si nou ta pran yon timoun ki apèn gen konprann epi nou poze l li, li tap twouve repons la. E se sak fè menm otorite yo pat pran tan pou yo reponn : « premye tigason an » ; e yo te gen rezon. E se egzakteman sa k fè pè a. Konesan Jezi ; repons kesyon l pa janm fasil konsa vre. E jeneralman, menm si kesyon l yo parèt senp, repons yo pa janm gen misyon pou fè plezi a moun ki jwenn yo a ; men pito pou louvri je yo, pou louvri je nou, e envite nou pran konsyans de atitid nou devan Bondye. Kifè, li enpòtan pou n regade ankò, men sètfwasi ak plis atansyon, atitid de ti gason yo.

Premye tigason an di non. Nan mantalite moun Palèstin/Israyèl nan tan Jezi, timoun pat konn di granmoun non. Kifè, se te yon èskandal poutèt tigason an ki te di papa l non an. E se pat fasil pou yon paran nan epòk la te padone yon derèspèktan parèy. Sa te tèlman grav, li te ka menm pwovoke yon pwosè piblik. Se poutèt sa, ti gason an, ki rekonèt erè grav sa li te komèt la, regrete ; e rapidman, li chanje lide. Mo grèk sen Matye itilize a se « metanoia, » ki vle di konvèsyon. Wi, li konvèti, epi li kouri al travay. Epoutan, dezyèm tigason, li reponn touswit « wi ! » E pou montre jan li obeyisan, li pa menm rele papa l papa. Li bay papa l tit « senyè ! », yon mo ki montre respè li gen pou papa a. Se menm mo sa nou itilize sitou nan kòmansman Lamès la : Kyrios = Senyè ! Matye mete mo sa nan bouch Jezi paske Jezi tap pale ak otorite nan Tanp la. Kidonk, tigason an te montre anpil respè pou papa l, epoutan li pat ale nan jaden rezen an…

Nan parabòl sa a, Jezi bay yon leson moral ki pat manke fè otorite yo sezi. Li te menm ale pi lwen pou l pwovoke yo pastoralman nan deklarasyon l de fè sou pibliken yo ak fi ki tap mennen move vi yo, sa vle di pwostitiye yo. Li di yo : moun sa yo nap meprize yo akoz mòd lavi yo tap mennen yo, moun sa yo nou di pa pwòp yo, moun sa yo nou kalifye de pechè piblik yo, pou mwen, se moun ki korèk paske yo te koute mesaj Janbatis la e pwòp pawòl mwen yo, e yo te konvèti ; yo vin tounen disip mwen, e yap mennen yon lavi tounèf. Dayè, Sen Matye ki ekri pòsyon Levanjil la se te yonn nan yo ; e konnya, lap travay nan jaden rezen an ki se Wayòm nan antanke Apot ak Evanjelis. Nou ka imajine ak ki kalite souri sou vizaj li li tap tande pawòl sa yo, e ak ki kalite fyète lap transmèt nou yo.

Kanta dezyèm tigason an, nou wè byen vit se otorite yo nan Tanp la ; yo menm Jezi abitye kalifye de tonbo blanchi. Yo bèl pa deyò, men anndan yo plen vye zo mò ak vè. Wi, pa deyò, yo montre yo respèkte Bondye ak Lalwa a, men kè yo kòwonpi, kè yo sal konsa ak tout kalite peche. Tankou Sòm 35 : 2 a di : « Ils se voient d’un œil trop flatteur pour trouver et haïr leur péché | Yo te kwè yo pi bon pase sa yo ye a: konsa, yo pa vle rekonèt peche yo. » Yo te konsidere yo kòm tèt pèp la. Yo te rèspèkte Lalwa a nan tout ti detay, men se te sèlman pa deyò ; yo pat fè sa Lalwa mande yo fè yo. Je nanm yo te tèlman bouche ak peche, kifè yo te avèg, yo pat ka wè chimen konvèsyon an.

Jodi a, se pa ak mesye yo nan Tanp la Jezi ap pale, men ak nou chak. Se nou jodi a lap poze menm kesyon an : kilès nan yo de a ki fè volonte papa a ? Nou chak nou lib pou nou bay repons nou vle, men pa bliye kadre lavi nou, atitid nou ak repons nap bay la. Nou pa ka kontante nou sèlman de bon lide yo, bèl desizyon yo, lapriyè anpil nap fè ak bouch nou yo… Nou ka anndan legliz 24/24, nou ka nan tout jèn, nan tout Jeriko, tout woule wòch, men si nou pa ji, nou poko janm konvèti.

« Kisa nou panse de sa : yon nonm gen 2 pitit gason… kilès nan yo de a ki fè volonte papa a ? » M parye avèk nou, si Jezi ta vini nan moman sa a la e Li ta mande nou, patikilyèman sila yo ki panse yo se pwofesyonèl nan zafè legliz ak Labib yo, sila yo ki panse se yo k konnen Bondye, yo gen Bondye nan pòch yo a, kilès nan 2 pitit gason sa yo nou ye ? Anpil nan nou, pou m pa di nou tout, tap kouri reponn : premye tigason an. Men an verite, nou pa yonn nan yo menm. Nou se toulede alafwa. 2 ti gason sa yo, se kè nou. Se kè nou ki obeyisan dèfwa, e ki rebèl kèk lòt fwa. Se kè nou ki pafwa di wi, e ki pafwa di non. Se kè nou ki di wi an pawòl, e ki di non an aksyon. Se menm kè sa a nou di nan Lamès : « yo deja devan Granmèt, epoutan ki gen mechanste pase kè anpil malfektè. Wi, se kè nou ki pataje, tankou sen Pòl di : « Menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li. Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. Epi, si m fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l, men se peche ki nan mwen an ki fè li » (Wom 7, 18-20). Se tankou Sen Franswa de Sal te di : « Le chemin du bien et du mal passe par mon cœur | Chemen byen ak mal la pase nan kè mwen. »

Kifè jodi a, Granmèt Jezi mande nou pou nou sispann de grands parleurs, petits faiseurs | moun kap pale fò epi kap aji tou chich. Lap envite sispann aji tankou Farizyen yo ak moun ki toujou tankou dezyèm tigason an : moun ki pa janm pap fè pwomès elektoral an mòd politisyen Asyisyen yo ; paske « se pa moun kap di Mèt, Mèt kap antre nan Wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte Papa Bondye » (Mt 7, 21). E li ajoute : «Tout moun ki sèlman koute Pawòl la e ki pa mete l an pratik, li sanble ak moun ki bati kay li sou sab…» (Mt 7, 26). Se vre Jezi ranpòte laviktwa pou nou, men, tankou chante a di : syèl la pa piyay, nanpwen vòlè, nanpwen achte, se redi nan travay ak fè sa Bondye di !

Lòt verite Granmèt Jezi ap atire atansyon nou sou li sèke pou li, pou Papa li, nou pa janm pèdi nèt ; li pa janm twò ta. Li toujou posib pou n chanje fizi nou zepòl. Li toujou posib pou nou tounen sa nou te dwe ye a. Kelkeswa istwa nou, kelkeswa kantite fwa n te di Bondye non, li toujou posib pou nou chanje lide. Jezi pa janm fèmen nou nan pase nou. Sonje Matye. Li toujou pare pou l ban nou yon dezyèm chans. Jezi pa janm redui nou a sa n te fè avan yo. Avèk li, avni nou toujou louvri devan nou. Pou Bondye, fatalite a se jis yon konsèp moun. Kèlkeswa jan pase nou ta blese nou, kèlkeswa jan sa n fè ki mal yo ta lou, tout bagay posib. Anyen pa pèdi davans : nou toujou nan enstan prezan Bondye.

Se nan lide pou ba nou yon ènyèm chans Bondye ap rele nou kounye a menm : Debou ! Abandone rebelyon nou yo ; al travay nan jaden rezen l nan. Travay nan jaden rezen l nan, se travay pou mond la, peyi nou, kominote kote nap viv la, fanmiy nou vin pi bon pa lantremiz, pa sitèlman pawòl nap pale, men sitou aksyon nap poze. Nou pa bezwen fè gwo bagay, tankou Mè Tereza te di : chaje moun ki pou fè gwo bagay yo, men manke moun anpil nan sak pou wè a fè bagay senp yo.

Si se moso tandrès ou ka bay yon pwochen, ba li l. Si se souri w ou ka ofri, ofri l, paske, tankou AB Pyè te di : « yon souri pa koute anyen, men li voye enèji plis pase elektrisite. » Si se yon jès solidarite w ka montre, montre l. Si se yon malad, yon moun ki nan pwoblèm, yon moun ki pou kont li, yon moun ki nan prizon w ka vizite, vizite l. Si se yon èd kèlkonk ou ka bay, pa ezite. Se vre w pa gen tan, tan w presye anpil, men si se yon moso w ka bay yon moun, ba li l. Si se yon moso konsèy ou ka bay patikilyèman yon jèn kap dezoryante, kap pran move chimen, ba li l. Si se lajan w ka bay tou, sa tap byen bon.

Antouka, lap rele nou al travay nan jaden rezen li a ki se mond la. Al temwanye. Al temwanye lesperans ki nan nou an. Se vre, sa ka rive pandan anpil fwa ou te di Granmèt la non, tankou premye tigason an; men jodi a, ou gen yon chans pou w regrèt, chanje lide, konvèti, konsefe, e ale nan jaden rezen an. E si w te di wi, se pou w kenbe pawòl ou ; tankou Sen Jak te ekri : Que ton oui soit oui !

E si w tande vwa Granmèt la, pa fèmen kè ou !

 

**************

Granmèt Jezi, kontrèman a ou menm, patikilyèman nan Jaden Jètsemani an, nou konnen kijan li difisil pou nou toujou soumèt a volonte Papa a. E chak fwa nou dezobeyi li, chak fwa nou fè rebelyon parapò sa li mande nou, se inyore nou li inyore li, se deyò nou mete li nan lavi nou antanke Senyè nou.

Men jodi a, nou regrèt ; e nou deside bay li lavi nou. Nou pran desizyon pou nou fè de li Senyè nou. Montre nou kijan pou nou kite, non pa volonte nou, men volonte li fèt nan lavi nou.

Nou regrèt anpil pou chak fwa nou di non, e nou kenbe non an, men tou pou chak fwa nou di wi, epi nou fèl tounen 8.

Nou koube devan Li, ak kè nou byen sensè. Tanpri ban nou lagras pou nou toujou obeyi Kòmandman li yo. Ede nou mache dapre prensip li yo. Nou pran desizyon pou nou swiv lòd li yo ; tanpri, ede nou fè tou sa li vle n fè. Prensip li yo se byen nou pou tout tan, se yo ki fè kè nou kontan.

Nou pran desizyon pou nou fè tou sa Papa Bondye vle nou fè, tout tan jouk nou mouri. (Ps 119).

Gran Frè nou Jezi, ban nou lapè nan Kè nou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 251
Publicité