Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
17 août 2023

20è Dimanch TOA – Lafwa Fanm Peyi Kanaran An

20è Dimanch TOA – Lafwa Fanm Peyi Kanaran An | Matye 15,21-28

Gade sa Imilite ak Pèseverans ka Fè !

 

La Cananeene

Nan aktivite lapriyè nan pyete ayisyèn nan, gen yon bèl chante, e nou tout konnen l, ki di konsa, «Lapriyè se kle ki louvri tout pòt, nenpòt kijan l fèmen, lap louvri kanmenm !» Men lè nou gade Levanjil 20e Dimanch Tan Òdinè Ane Litijik A a, nou wè Jezi mete yon presizyon, li mete yon B mòl, jan nou renmen di l la : se pa tout lapriyè ki louvri tout pòt. Pi plis toujou, li reponn ak tout moun ki ta panse Bondye pa tande lapriyè yo, Bondye pa tande demand yo. Laverite sèke Bondye pa soud ; li tande tout priyè nou yo ; men pafwa, repons li se ‘non.’ Men anpil fwa tou, se pa paske l pa vle ban nou sa nou mande a, se pa paske l pa vle louvri pòt la pou nou, se pito pasyans nou ki twò kout ; anpil fwa, se nou menm ki manke imilite e ki manke pèsevere nan lafwa. Kidonk, lafwa nou konn manke tenas dèfwa; sa fè, nou manke gen lodas ak kouraj pou nou ale jouk nan bout lè nap espere kichòy bò kote Bondye.

Tout karakteristik sa yo, lodas, imilite, pèseverans, ki fè de yon lapriyè « kle ki louvri tout pòt la, » nou jwenn yo tout lakay madanm sa a, ki pat yon Jwif, men pito yon Kananeyèn, yon payèn, men avan tou yon manman. Nan chèche delivrans pou pitit fiy li ki malad, li rive ansenye nou yon bèl leson. An palan de madanm sa a, Levanjil la montre nou nan tout moun kap mande, kap diskite, kap agimante ak Jezi, li se inik moun ki rive konvenk Jezi. Li fè sa tèlman byen, Jezi fè konpliman pou li, akoz grandè lafwa li.

An reyalite, madanm sa a aprann nou kòman lapriyè se pa yon aktivite ki rezève pou moun ki konn li nan gwo liv. Se pa paske nou konnen gwo mo, se pa paske nou abil nan twouve mo nou konnen moun ap tann nan men nou ki fè nou ka di nou konn lapriyè. Lapriyè, se louvri kè nou bay Granmèt la; tankou Àn, manman pwofèt Samyèl, te di pwofèt Eli nan Tanp la (1Sam 1,15). Lapriyè tout bon an, se lè nou kite kè nou pale sibitman, san kalkil, men an tout senserite. Lapriyè, se, tankou Sen Terèz de Jezi di, « yon elan kè nou pran, yon kout je tou senp nan direksyon syèl la, yon pawòl ki manifeste rekonesans ak renmen lè kè nou kontan, tankou lè nou nan lapenn ; lapriyè se yon bagay ki gran, ki depase bagay tè a, ki dilate nanm nou, e ki fè nou fè yonn ak Jezi. »

Pi plis toujou, madanm nan levanjil la aprann nou kijan nou pa dwe janm chèche gen rezon lè nap prezante nou devan Granmèt la. Nou dwe toujou bay Granmèt la rezon, Li menm ki, an reyalite, toujou gen rezon. Epoutan, iwonikman, se pa yon rezon pou nou sispann plenyen nan kò li, menm si li fè sanblan li pa tande nou ; e si nou dwe plenyen, nou dwe toujou fè sa an rapò ak twazyèm atik lapriyè Papa nou ki Syèl la, ki di : « Se pou volonte ou fèt sou tè a, tankou nan syèl la. »

Wi, menm jan Jezi te aji fas a madanm sa a, Levanjil la pa site non l nan, se konsa Bondye aji avèk nou dèfwa : li fè tankou l pa tande ; e anpil fwa, silans sa toumante nou. Epoutan, nou dwe aji tankou bon debouya, men ak anpil imilite ; nou dwe ensiste san rete, menm jan ak Àn, pwofèt Eli te pran pou yon moun ki sou a, menm jan ak Kananeyèn nan Levanjil disip yo te mande sekou pou li a « paske li tap plede rele nan tèt yo. » Nan kad atitid sa a, Sent Jàn de Chantal ban nou yon bon konsèy, li di :

« Nou dwe toujou rete fèm e pa janm bouke lapriyè ; paske, nan jwèt sa a, depi w kite l, ou pèdi. Si yo fè sanblan yo pa koute nou, kriye pi fò toujou. Si yo chase nou nan yon pòt, antre nan yon lòt. Si yo di nou, tankou Kananeyèn nan, ou pa merite favè wap mande a, di nou pap chèche favè òdinè, men se sèlman ti moso manje ki sot sou tab Granmèt la e ki tonbe atè nap chèche. » 

Nan imaj madanm sa a tou, Sen Matye envite nou wè Legliz la ki pa sispann mande favè pou pitit li yo ak pou tout limanite tout kalite demon fin anvayi. Se wòl li ; se yon gwo moso nan misyon li. Wi, demon an fin anchene limanite. Lemond malad grav, li non sèlman paka fè sa ki byen, men li pèdi sans byen an. Kifè, se sèlman yon entèvansyon dirèk Kris la ki ka mete l kanpe ankò. Epoutan, menm limanite sa a dwe wè tèt li nan madanm sa a ki tap kriye nan pye Granmèt la, ki tap sipliye l ak menm pawòl sa yo Apot yo kite pou nou, e nou jwenn nan kòmansman Lamès la : « Kyrie Eleison ! Granmèt pitye !»

Yon lòt aspè ki enpòtan nan pòsyon Levanjil sa ankò e nou pa dwe bliye, sèke Sen Matye te ekri dabò pou yon kominote kretyèn kote prèske tout manm yo se te ansyen Jwif. Anpil nan yo te fèmen sou yo, anpil nan yo pat renmen etranje, sa yo te rele payen yo. Malgre yo te konvèti, anpil nan yo pat dakò moun lòt nasyon vin fè pati gwoup yo a. Kidonk, Matye te ekri yo pou fè yo konprann kòman sa ki enpòtan pou Bondye, se pa kote yon moun soti, ni nan ki ras, ni nan ki peyi, ni ki kalite po w gen, ni nan ki klas fanmi, ki ki etid ou fè, ni ki travay wap fè, men se ki kalite lafwa ou gen nan Jezikri.

Konsa, pòsyon Levanjil sa rejwenn nou tout, antan lap envite nou evite yon pyèj premye gwoup kretyen sa yo te tonbe ladan l : se pyèj ki fè nou panse Bondye privilejye nou pase depi se moun, panse ki pouse nou mete lòt yo akote, sitou si pa gen menm kwayans avèk nou, si yo pa mache nan menm legliz avèk nou. Si nou li pòsyon Levanji sa ak anpil atansyon, nap wè Jezi pa favorize yon ti gwoup, men li la pou tout moun ; menm jan Legliz li a katolik, sa vle di li la pou tout moun. Pap Franswa pa sispann fè nou sonje sa ; pa egzanp, li kòmante pòsyon Levanjil sa a konsa :

« Nan anpil okazyon nan lavi kretyèn nou, nap gen pou nou tante, menm jan ak disip yo, pou nou repouse etranje a, moun ki nan bezwen an, pòv la, moun ki nan detrès la. Epoutan moun sa yo, se moun kap repete demand madanm nan nan Levanjil la kap plede di : « Granmèt, ede m ! » Rèl sa a, se rèl chak moun kap chèche moso lanmou, chak moun ki bezwen yon moun akeyi yo, chak moun kap chèche yon zanmitay ak Kris la ; se rèl anpil moun nou pa remake, epoutan ki la nan lavil nou yo, nan vwazinaj nou ; se rèl anpil jèn… Se rèl tout moun kap pase mati jouk jounen jodi a, kap soufri, kap sibi pèsekisyon, yap touye akoz Non Jezikri… Se souvan rèl ki soti nan pwòp kè nou… Sa fè nou bezwen reponn, pa tankou sila yo kap repouse moun ki solisite èd nou yo, konmsi sèvis nou rann yo ta antrave relasyon pwòch nou gen ak Granmèt la. Non ! Nou dwe tankou Kris la ki reponn chak demand yon moun fè l pou l ede l ak anpil renmen , ak anpil mizerikòd, ak anpil konpasyon. »

Yon gran prezidan Etazini, Abraham Lincoln, te di : « Pa janm di Bondye bò kote nou, Lapriyè pito pou se nou menm ki akote Bondye, » paske se sèl mwayen nap ka gade ak je li, e konsidere lòt yo tankou frè ak sè nou. Kifè, jodi a, Pawòl Bondye a envite nou gade kalite admirasyon Jezi te gen pou madanm nan, e reflechi sou pwòp diskriminasyon nou yo– nou tout gen ; chèche yo, e mande Bondye chanje kè nou. Pawòl la envite nou adòpte atitid renmen, konpasyon ak akèy èspesyalman anfas tout sila yo ki diferan de nou, nan kèlkeswa apsè a. Pa konsekan, se yon bèl okazyon pou n kesyone tèt nou sou kòman nou lapriyè.

Padan nap pale de lapriyè a : poze tèt nou kesyon sa yo : lè nap lapriyè, kisa nap chèche ? kisa nou mande : delivrans oubyen soulajman pou yon ti tan ? Favè spirityèl, oubyen bagay kap pase ? Yon kè ki sansib devan pwoblèm pwochen nou yo tou oubyen sèlman konfò pèsonèl egoyis ?

Pou kilès nou lapriyè : pou tout moun ki nan bezwen oubyen pou tèt nou sèlman ak moun ki nan sèk zanmi nou, ou fanmi nou?

E lè Bondye pa reponn nan moman nou espere a, nou pèsevere oubyen nou kite gran larivyè dekourajman an pote nou ale ? Lè se pa nou menm, yon manm fanmi nou ou zanmi nou nou renmen kap debouye l pou demele tèt li, ki atitid nou gen antan ke kretyen : nou chèche mete baryè oubyen nou ba l yon kout men ?

Pitit Gason ak Pitit Bondye yo, Papa nou pran nòt de tout bezwen nou yo. Li vle fè pou nou sa nou bezwen an, egzakteman jan nou vle l la. Men gen yon kondisyon : fòk sa nap mande a bon pou nou. Tout sa lap tann nan men nou, se imilite, pèseverans, yon lafwa ki gran ; yon lafwa ki pa konnen dekourajman… Yon lafwa, lè nou kite l aji nan lapriyè nou yo, li fè lapriyè nou yo tounen kle ki louvri tout pòt.

--------------------------------

Gran frè nou Jezi, pou sila yo ki renmen ou, ki met konfyans nan ou, ki kriye bò kote ou, reklame èd ou, ou prepare favè je moun pa ka wè.

Dayè, lè yon moun mande yon favè lachè, ou ban nou favè èspirityèl, sa vle di bagay nou pat janm espere.

Tanpri, ede nou pèsevere ; ede nou konprann kòman lè nou lapriyè, se nanm nou nap fè respire.

Se vre, ou pa vle nou bavade lè nap adrese nou a ou, men an menm tan ou vle pou lapriyè nou yo pa sispann e pèseveran. Sa ede n konprann kòman pale anpil, se trete yon bagay ki enpòtan pa lantremiz pawòl ki pa vo anyen ; men lapriyè anpil, se ensiste bò kote w ; louvri kè nou ba ou ak konfyans. Tanpri, ede nou fè diferans sa a.

Ou mande nou toujou ensiste, pèsevere paske se lapriyè ki fè lavi nou tounen yon reyalizasyon. Se poutèt sa ou mande nou toujou priye.

Tanpri, pa kite n dekouraje, sitou lè w fè tankou w pa tande. An reyalite, rete avèk ou pi bon pase sa w ban nou. Fè nou grandi ak konviksyon sa.

Men tou, lè nou kite favè ou fè n yo travay, sa pèmèt yon relasyon konstwi ant ou menm ak nou, pa kite n tounen baryè ki anpeche lòt yo rankontre w, men pito pon ki kondi yo nan direksyon ou.

Gran Frè nou Jezi, ban nou lapè nan kè nou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 372
Publicité