Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
29 juillet 2023

17e Dimanch TOA - Parabol Ja Lajan an ak Bel Grenn Pel la

Kite Tout Bagay Pou N Benefisye TOUT BAGAY

Image

Matye 13.44–52

 

Frèm ak sèm yo, tankou sa toujou fèt chak fwa nou li e medite li, Pawòl Bondye pou 17e Dimanch Tan Senp A a ap envite nou louvri je nou sou sa ki vrèman lesansyèl nan lavi sa a. Kontrèman a jou pase yo, Pawòl la pa envite nou tounen bon tè, kote bon semans pouse, men pito dekouvri Jezikri yon lòt fwa ankò ; Li menm ki prezante tèt li gratis e sibitman sou fòm yon trezò ki pa gen pri ak yon bèl grenn pèl ki vo plis pase denyè kalite bagay. Konsa, Pawòl la envite nou fè yon demach ki nesesè : depi je nou tonbe sou Trezò oubyen grenn Pèl sa a, pa ezite vann tout sa nou genyen pou nou achte yo; paske an reyalite, se inik Trezò, se sèl grenn Pèl ki ka chanje lavi nou tout bon vre, e lap chanje l nan yon nivo nou pat menm espere.

Wi, pa lantremiz kèk parabòl ki parèt senp, tankou sila yo nou sot tande a, Jezi di nou kisa nap jwenn lè nou deside swiv li. Li di nou klèman sa kap tann nou. Menm si sa li mande nou pran se kwa nou, men, o final, sa nap jwenn se kè kontan tout bon an, se bon jan satisfaksyon, swaf nou pase tout bon vre. Men, pou nou jwenn satisfaksyon sa a, nou dwe fè yon bagay. Nou dwe chanje lavi nou radikalman ; nou dwe adòpte yon konpòtman ki sanble kontrè ak sa nou vle a : nou dwe vann tout sa nou genyen. Sèlman nan Levanjil jodi a, li envite nou, pandan 2 fwa, pou nou vide nou totalman, sinon pap gen plas nan nou pou Li, Li menm ki, Sèl, ka ranpli nou tout bon vre, Li menm ki Granmèt tout tè a.

Tankou Sòm 139,17 la di, « sa ki nan tèt Bondye nou an twò difisil pou konprann, lèfini yo anpil. » Nan Sajès li, Li pèmèt chak moun dekouvri Wayòm nan yon fason diferan. Nou chak fè eksperyans avèk li yon fason diferan, men ki ka rezime an 2 fason. Gen anpil moun ki rankontre Bondye san lide yo pat sou sa, yon jan souden ; konsa tou, gen moun, se aprè yo fin mache chèche l toupatou kote li pa ye, yo fini pa rakontre li. Se egzakteman sa ki rive pou travayè a ak komèsan an. Travayè a pat konnen si trezò a te egziste ; li pat janm imajine sa. Kanta kòmansan an, li te konnen trè byen bèl grenn pèl ki vo pase dènye byen an egziste ; kidonk, li pase anpil tan ap chèche l. Epoutan, lè yo jwenn trezò a ak bèl grenn pèl la, yo ekperimante menm kalite sipriz ; kè yo kontan menm jan ; yo santi yo konble. E alafen, yo poze yon menm aksyon : yo vann tout sa yo te genyen pou yo achte sa yo twouve a.

Li difisil pou nou chak kap koute pataj sa a pa gen yon spòtif, ou yon star mizik, ou yon aktè sinema nou pa renmen ; e menm si nou pata gen yonn, o mwen nou konnen yonn ki bon, e menm ekselan, nan sa lap fè a. Men, èske nou pran tan pou nou panse ak ki kalite sakrifis yo fè, konbyen antrènman e kantite bagay yo rale kò yo sou yo dekwa pou yo bay yon bon pèfòmans ? E poutan, se egakteman menm atitid sa a Pawòl Bondye a pou 17e Dimanch la envite gen, antanke disip Kris la. Lap fè nou sonje kòman lavi nou kòm kretyen, se yon lavi sakrifis, yon lavi renonsman ; men sakrifis ak resonsman ki pi bon pou nou, paske yap mennen nou nan gwo kontan ki soti nan Bondye li menm ; tankou lè yon fiy ap akouche : sa toujou pote doulè, men lè bebe a fin fèt, li pote kè kontan pou tout moun, e manman an li menm tout bliye soufrans li tap andire yo, paske bebe a kòm eklipse, efase doulè yo.

Sen Hilaire de Poitiers kòmante premye parabòl la, li di : « gade byen sa ki rive a : trezò a te kache, men yon moun jwenn li ; moun ki jwenn li a pat bezwen kache l. Li te ka ale avèk li an sekrè, san okenn moun pa konnen, nan menm moman li al chèche lajan pou l retounen vin achte jaden an, konsa, li pata oblije depanse lajan. Epoutan, li pa fè sa. Li twouve li enpòtan pou l achte, non sèlman trezò a, men tou, tout chan an. Trezò nan chan sa a, se Jezi ki vini nan lachè a, Li menm nou jwenn gratis, pou anyen an. Sa Levanjil la vle montre nou an klè, sekè pa gen mwayen pou nou genyen e itilize trezò sa san peye, paske se sèlman lè nou sakrifye mond la, lè nou deposede nou ak tout sa ki monden, nap rive posede tout bon vre Trèzo-Kris la. »

Men sèl grenn atitid kap pèmèt nou posede Wayòm nan : se lè nou tankou peyizan sa a ak komèsan sa a ki vann tout sa yo genyen pou yo achte chan ki gen trezò a ak bèl grenn pèl la. Wi, Wayòm Bondye a pa gen pri. Dayè, lakontantman, lajwa sakrifis sa pote depase lwen lwen tout sa n ta ka espere sou latè beni.

Kifè, nou pa bezwen pè kouri al likide tout sa n genyen dekwa pou n ka gen plis ; e sa nap gen paka konpare ak sa nou likide a. Nou pa dwe pè renonse ak sa nou genyen, sa ki fè rann nou èsklav, sa ki preyokipe nou dekwa pou nou gen sa ki pi bon ; pa pè lache bagay ki pa gen valè, pou nou chwazi bagay ki pap peri ; pa pè libere nou de sa kap pase, dekwa pou nou jwenn sa ki esansyèl ; pa pè debarase nou de sa kap ban nou fo kè kontan, kè kontan pou yon ti tan, pou nou kole kò nou sou kap dire pou tout tan, sa ki Absolu.

Kounye a, poze tèt nou kesyon sa yo, e reponn tèt nou : kisa ki gen valè pou ou sou tè sa ? Ki kote trezò w ye ? Kisa ki priyorite w ? Kisa ki pi enpòtan pou ou nan lavi sa a ? Kilès Jezi ye pou ou ? Eske l se Trezò ou ? Eske se bèl grenn Pèl ou a ? Bon, lè w tonbe sou trezò sa sanzatann, alòske lide w pat menm sou sa ; oubyen lè finalman ou jwenn bèl grenn Pèl sa a apre w fin pase tout tan w ap chèche l kote l pa ye, kòman w santi w ? Eske sa baw sipriz ?

Lè wap lapriyè, kisa w mande Bondye ? Eske w mande L entelijans, sajès, lespri disèneman pou w konnen sa w dwe kenbe ak sa w dwe lache ? Tankou travayè sa ak komèsan sa, èske w pran konsyans de kalite Kado sa Papa Bondye fè nou ? Eske w deside pèdi, pou w gen Trezò sa, oubyen bèl grenn Pèl sa ?

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Wayòm nan ofri a nou. Pou kèk nan nou, li parèt sanzatann. Men pou kèk nan nou, nou dwe chèche l ; e nap twouve l. Sa ki pi enpòtan, sèke nenpòt fason nou rive jwenn li, keseswa toudenkou oubyen apre anpil tan rechèch, gen yon sakrifis nou dwe fè. Fòk nou kite tout bagay, paske si nou pa kite tout bagay, nou pap ka jwenn Tout Bagay.

E konnya : kisa w gen pou w abandone ? Kisa w vle abandone? Kisa w deside vann, e menm likide: lògèy? Ipokrizi? Rankin? Rayisman ? Kè di ? Jalouzi ? Lide vanjans ? Lide fè moun mal ? Mechanste ? Lide fè konplo ? Espri klanik ? Pale moun mal ? Vann nan fo mamit ? Enfidelite ? eksplwatè ? Manje kouraj moun ? Pwofitè ? Parese ? Twonpri ? Koripsyon ? Peche w yo ? Eske w gen dout ?

Menm si w doute, Bondye lavi a ap envite w pran risk la kanmenm. Kifè, an nou pran o serye envitasyon Sen Pòl fè nou nan Filipyen 3,8, ki di : « Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m ka gen Kris la. » Li menm kap rele nou kounye a menm pou nou prefere l, renmen l, chwazi l pase tout bagay.

Senyè Jezi, ede nou louvri kè nou dekwa pou nou kapab dekouvri ou ak dekouvri travay ou nan lavi nou. Ban nou yon kè ki saj, yon kè ki entèlijan, yon kè ki ka disène sa ki gen valè tout bon pou lavi nou, yon kè ki ka konprann vrè trezò ki ka bay sans a lavi nou, a fanmiy nou, a travay nou, a mond la, a egzistans nou ; konsa, na savoure kè kontan tout bon an.

Senyè Jezi, ban nou lapè nan kè nou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 372
Publicité