Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
17 juin 2023

11e Dimanch TOA – Konpasyon Jezi Pou Foul La

Matye 9,36-10,8

 

La moisson est abondante

Pawòl Bondye pou 11e Dimanch Tan Senp sa a envite nou dekouvri 2 aspè nan Bondye nou an. Premye a, se ekspresyon non Gabriel te bay Mari a : Emanyèl, sa vle di yon Bondye ki avèk nou. E dezyèm aspè a, sekè se yon Bondye ki wè, ki tande, ki konprann, e ki aji. Jodi a, Sen Matye rapòte pou nou kòman Jezi wè foul la nan vrè bezwen li. Jezi pa wè yon foul ki kontan koute l, kap tann mirak ; men yon foul ki fatige, ki kraze, ki oprime, ki tris, ki bouke tande bèl pawòl, men kap tann yon aksyon konkrè.

Sen Matye di : lè Jezi wè foul la, kè l fè l mal pou yo paske yo te sanble bann mouton ki pa gen gadyen. Li gen konpasyon pou yo ; sa vle di, mizè pèp la jwenn eko li nan kè Jezi. Sa fè nou sonje atitid Papa a nan Ansyen Kontra a ki te di Moyiz : « Mwen wè mizè pèp mwen ap pase ! » Wi, Bondye nou an pa avèg, li pa soud : li wè, li tande, li konprann, e li aji.

F/S, si jodi a, Jezi ta vini an pèsòn nan mond la, èspesyalman nan peyi nou, m kwè se menm pawòl la kap soti nan bouch li, paske mond nou an sanble yon mond dezoryante, chaje moun ki pa gen repè, kipa konn kote yo prale, ki pèdi lespwa, ki pèdi gou lavi a. E nou pa menm bezwen fè gwo kalkil ; jis gade peyi nou an : nou pa sèlman sanble, men nou se yon bann mouton ki lage pou kont li, ki pa gen gadyen. 

Tounen nan Levanjil la, nou wè fas a pèp la, Jezi pat rete endiferan. Kisa li te fè ? Li deklare yon lagè, epi li dezinye kèk sòlda pou voye yo toupatou al mennen batay yo! Men se ki batay sa a ? Ki sòlda? E se ki zàm li mande yo pran ?

Lagè sa a, se pa kont moun Jezi lanse l, men se kont lènmi moun, ki se demon, maladi e, patikilyèman, lanmò a menm. Premye zàm li mande pran, se zàm lapriyè a. Li di : « Travay la anpil, men manke travayè, lapriyè Mèt rekòt la pou voye travayè ! » E touswit, li chwazi 12 sòlda, ki se Apot yo – Levanjil la bay non yo - e li voye yo toupatou, kote li menm li te gen pou ale. Wi, Bondye enplike moun nan travay delivrans moun paske, tankou Sen Augustin te di, « Bondye ki te kreye nou san nou an pap sove nou san nou. » E kisa l mande yo fè ?

Geri malad yo ! resisite mò yo ! pirifye lepre yo ! chase demon yo ! E li presize : nou te resevwa gratis, nou dwe bay gratis !

F/S yo, sa Apot yo te fè a, se egzakteman sa Jezi mande nou fè jounen jodi a : preche Bòn Nouvèl la, temwaye li, fè konnen mesaj lapè ak renmen li a, san nou pap tann anyen an retou, san nou pap tann rekonpans.

Wi, se nou tout ki gen misyon pou fè sa Apot yo te fè : geri limanite ki pa sispann blese, rekonfòte granmoun yo, akonpanye jèn yo, oryante timoun yo. Remete lavi, fè jèm lespwa reboujonnen nan kominote yo. E se pa sèlman Evek yo, pè yo, mè yo, direktè katechis yo, se nou tout ansanm ki gen misyon sa : fanmiy yo, lekòl yo jiska inivèsite, medya yo, gwoup zanmi yo, chak kretyen, kote lap viv, kote lap travay, ou kèlkeswa kote l ta va twouve l la.

Pwojè Bondye, se wè yon mond kote tout moun ap viv tankou frè ak sè, nan renmen, solidarite, konpasyon, respè yonn pou lòt ; yon mond kote chak moun pa vle lòt bagay pou lòt la, sinon byen li. Men li pap ka reyalize gwo pwojè sa a nan kontribisyon nou. Se pou sa nan tout listwa delivrans la, li chwazi pou moun kòm enstriman li, paske, ankò, li te kreye nou san nou, men li pap sove nou san nou.

Men blokaj la sèke anpil fwa, nou panse nou pa ase diy, nou pa kòrèk ase pou nou akonpli misyon Granmèt la. Men nou fè erè paske Bondye rele nou jan nou ye a. Sonje Matye. Sonje Mari-Madlèn. Sonje Pòl. Sonje Pyè. Sonje tout apot yo nan levanjil jodi a, elatriye. Bondye pa rele nou pou sa nou ye a, men pou sa li vle fè avèk nou, pou sa li kapab fè nou tounen. Bondye kapab ekri dwàt sou yon liy brize. Pa bliye, li se yon bòs chapant. Menm si nou sanble yon vye moso bwa ki pa gen valè, li kapab transfòme nou an yon mayifik mèb ki sisite admirasyon tout moun.

F/S, jodi a, Jezi rele nou e envite nou louvri je nou sou mond la, kòmanse akote nou, kote gen anpil moun, twòp moun menm, kap soufri paske yo pa gen pèsonn, paske yo rejte yo, paske yo pa konprann yo. Gen moun se depresyon kap fini avèk yo. Gen moun ki nan chèche rekou nan alkòl, nan dwòg ou lòt bagay, epi sa w tande a adiksyon ap fini avèk yo. Gen moun ki panse pa gen mo avni nan vokabilè yo, ki pa wè okenn espwa pou yo ak pou pitit yo, sitou lakay an Ayiti. Gen moun se vyolans ki fè yo paka wè kote pou yo ta met tèt yo. Gen moun se grangou kap fini avèk yo, chomaj, maladi, elatriye.

Se bò kote moun sa yo, ak tout lòt kap soufri yon akoz yon pwoblèm kèlkonk, Granmèt la voye nou pou n ede yo. Jodi a, yap pale de vilaj global, gen anpil gwo mwayen kominikasyon, men limanite pat janm konnen yon moman konsa, kote moun te osi lwen yonn lòt. Nou gen gwo mwayen kominikasyon, men nou pa kominike. Nou endiferan. Nou pa imite Jezi, nan sans ke nou pa louvri je n sou bezwen lòt la, ki poutan, toupre n. Nou aji menm jan ak nonm rich la ki pat menm wè gen yon Laza nan papòt lakay li ki te bezwen lasistans.

Jezi pa rele pou nou nal rezoud tout pwoblèm nan mond la. Men, tankou Mè Tereza te di : « Sa w paka fè pout tout limanite a, fè l pou yon moun. Konsa, pèsonn paka di w te pase tan w sou tè a san w pa regle anyen. » Kifè, jodi a, an nou pran o serye misyon nou. Avèk lagras Bondye, ann al jwenn mò yo pou nou resisite yo. Sa vle di : ede moun ki tris yo rejwenn sans lavi yo, ede yo rejwenn kè kontan lavi a, ede yo repran gou lavi a.

Ann al pirifye lepre yo : sa vle di ede moun yo mete akote yo paske yo malad, yo pa gen tit oubyen richès, rejwenn diyite yo, pèmèt yo rejwenn plas yo nan kominote a. Sila yo yo mete akote akoz kote yo soti, akoz relijyon yo, akoz pati politik yo ou ideyoloji yo, akoz metye yo, akoz istwa yo, pou yo rejwenn plas yo nan sosyete a.

Ann al chase demon yo : sa vle di ede moun soti nan tout kalite esklavaj, espesyalman renmen lajan twòp, move mès ki vle pran pye nan kominote nou yo, dwòg, vyolans, mòd lavi kontre-nati, e ki pa reflete diyite moun. Tout demon ki anpeche nou viv tout bon e konsidere lòt la tankou moun. Ann al jwenn yo pou ede yo soti. An reyalite, chak lè nou reyini nan Lamès, se sa Granmèt Jezi voye nou fè lè l di nou, nan bouch Pè a, ou dyak la « Ale ak kè kontan ! »

F/S, jodi a, Granmèt Jezi envite nou chanje fason nou tap gade mond la, ak pwochen nou. Sa fè, li bon pou nou mande tèt nou, pèsonèlman : se ki kalite rega mwen gen sou mond la ? E kounye a, kòman Jezi envite m gade l ? Ki mòd reyaksyon m genyen anfas pwochen mwen ki nan nesesite, e kap tann mwen aji ? Ki efè aksyon Jezi a, e sa li di yo, fè sou mwen ? Ki kalite kè mwen genyen : yon kè wòch oubyen yon kè moun ? Bref, kòman mwen deside viv Batèm mwen ? Kòman m pral tounen yon lòt Jezi pou pwochen mwen ?

Nou te resevwa gratis, se pou nou bay gratis !

Se pou Bondye Granmèt la louvri je nou, pou nou aprann gade tankou li !

Se pou l louvri kè nou, pou nou aprann gen konpasyon tankou li, pou nou aprann renmen tankou Pitit li a.

Se pou l louvri lentèlijans nou e devlope bòn volonte nou pou aprann konnen kòman nou ka tounen yon bon travayè nan jaden mond li a.

Se pou dayè lap rele nou. E ou menm, si w tande vwa l, pa fèmen kè w !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 021
Publicité