Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
20 mai 2023

7e Dimanch Pak A - Jezi leve je li anlè nan syèl la

Leve Tèt Nou Gade Jezi, e Na Konnen Kòman Pou Nou Lapriyè

 

Jesus praying

Jan 17, 1b-11a

Pòsyon Levanjil Litiji 7e Dimanch Pak Ane A a envite nou medite sou li a, se yon sekans nan epizòd lannuit Jezi te pral trayi a. Sa vle di, se te nan moman Dènye Soupe Jezi ak patizan l yo. Nuit sa a, kote li te pral peye pou lave peche n yo, e fè nou tounen yon pèp Pè, yon pèp ki wa nan sèvis li, yon asanble sen. Jezi, Sila nou lapriyè antanke Bondye n nan, ki lapriyè avèk nou antanke Tèt Kò nou fòme a, Legliz la, anben, lannuit sa a, Li te lapriyè pou nou antanke Pè-an-Chèf nou, pou n repete Sen Ogisten. Wi, nan nwit sa a, Jezi pran wòl Pè-an-Chèf li, e li lapriyè pou li, pou Apot yo, epi pou tout moun ki pote non l yo, tout kretyen yo.

Pandan l ap rapòte pou nou lapriyè sa a Jezi, Pè-an-Chèf la, te fè a (an pasan, se pou sa lapriyè Jezi sa nou jwen nan Jan chapit 17 la, rele lapriyè sasèdotal), sen Jan pat bliye yon jès Jezi te fè, ki sanble yon detay, men ki chaje sans. Sen di di : « Jezi leve je li nan direksyon syèl la. »

Wi, jès sa a senp, men li gen anpil sans. Li tèlman gen sans, Labib la ak Litiji a envite nou fè jès sa a toutan ; se menm poutèt sans li Litiji a mete l nan Kanon Women an, sa vle di Lapriyè Ekaristik 1 an. Nan Lapriyè sa, Legliz la renmen itilize sitou nan Lamès Jedi Sen, gen yon kote Pè a di : « Lavèy jou li tapral mouri, Li pran Pen an ak men li ki sen anpil la, e Li leve je L nan syèl la, bò kote ou, Bondye Papa Li ki gen tout pouvwa, Li di w mèsi, Li beni li, Li kase li, e Li bay patizan l yo, Li di yo… » (Nou konn rès la).

Nan pati sa a, Pè a pa sèlman di lapriyè a, men li dwe fè jès sa tou, ki fè nou sonje kòman Lamès la fè nou favè patisipe nan gran lapriyè sa Jezi te fè a Papa li, nan Lesprisen an. E si nou louvri Bib nou, pa egzanp nan Matye 14 :19 (mirak 5 pen 2 pwason an) ; Mak 7 :35 (lè li tap geri moun ki te soud epi bèbè a) ; Jan 11 :41 (avan l te re-anime Laza), pou n site sa yo sèlman, nap rive konprann e sezi wè kòman se pa premye fwa Jezi poze aksyon sa. Sa vle di, si Jezi fè menm jès sa plizyè fwa, se pa yon aza, se pa san rezon. Nan prèch li te fè pou Jedi Sen, nan ane 2009 la, Pap Benwa 16 te di :

« Granmèt la aprann nou leve je nou, men sitou kè nou (tankou jan nou reprann nan Lamès, lè Pè a di : an nou leve kè nou byen wo !). Li aprann nou detache ak bagay mond la, pou nou fikse je nou sou Bondye nan lapriyè, epi releve. Nou lapriyè pandan nou leve je nou pou mal la pa antre nan nou pa lantremiz je nou, pou li pa fè nou pèdi sa nou ye a, pou li pa sal nou. Men sitou, nou vle lapriyè pou je nou aprann wè tout sa ki byen, sa ki bon, sa ki vrè, sa ki limyè ; konsa, nap vin ka wè prezans Bondye nan mond la. Nou lapriyè konsa pou nou aprann gade mond la ak je renmen Bondye a li menm, ak je Jezi, pou n aprann wè nan lòt la yon frè, yon sè, ki bezwen nou, kap tann yon pawòl nan bouch nou, kap tann nou poze yon aksyon pou yo ki nan bezwen. »

Wi, Jezi poze aksyon sa pou l montre nou kòman konpòtman fondamantal yon kretyen, se toujou rete nan yon atitid lapriyè, kote nou toujou ap chèche genyen menm santiman avèk li, li menm nou dwe toujou leve je gade a. Se poutèt sa, Pawòl Bondye pou 7e Dimanch sa se yon envitasyon ; yon envitasyon pou nou tout e nou chak ki patisipe nan sasèdòs Kris la, sa vle di ki Pè nan Kris la, gras a Beny Batèm nan, pou nou verifye kote nou ye. Wi, ke nou dote de sasèdòs batismal la, ke nou dote de sasèdòs ministeryèl la, jès sa Jezi poze a dwe di nou kichòy.

Kòm Pè ki òdone, kap prezide Lamès, eske nou pran tan pou n byen viv Litiji a nap ofri (ak rès Pèp Bondye a) nan Non Kris la, ki se Tèt la ak sèl grenn Pè-an-Chèf la? « Nap fè tout moun lapriyè, » èske nou menm nou lapriyè ? Eske nou kite lapriyè nou ofri bay Bondye a transfòme nou ? Èske aksyon nou se ekspresyon lapriyè nou ? Eske aksyon nou sòti nan renmen nou gen pou Bondye ak pou pwochen nou ? Eske, menm jan ak sèl grenn Pè-an-Chèf nou pè nan li a, nou gen menm santiman ak li : èske nou gen mizerikòd pou frè ak sè nou ? Èske nou bon avèk yo ? Eske nou dou, nou gen pasyans avèk yo ? Eske se imilite a kap gide aksyon nou yo ? Eske nou sipòte yonn lòt ? Eske nou padone yonn lòt ? Eske nou kite se renmen an, se lacharite a, byen pou lòt la, ki alabaz tout demach nou yo?

Nou menm tou, fidèl yo, men ki pè tou gras a Beny Batèm nou : èske nou pran konsyans, sou Lòtèl la, se nan Pèsòn Kris la Pè a ap aji, e nou ba li respè ni li, ni sa lap fè a mande ? Eske nou viv Lamès la, èspesyalman pawòl konsekrasyon ak Lapriyè Ekaristik la ? Nan Lamès la, èske se patisipe nou vin patisipe, oubyen se sèlman asiste nap asiste ? Eske nou ofri lavi nou avèk lavi Kris la kap ofri nan losti a ? Lè nou pote ofrann nou depoze nan patèn nan ak nan kalis la, ki pral tounen Kò ak San Jezikri, eske an menm tan, nou depoze lavi nou nan men Bondye, tankou yon losti vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi ? Kisa nal fè menm lè nou al Lamès ? Poukisa menm nal Lamès ?

Men nou tout ansanm, ki fòme pèp sasèdotal Kris la, lè nou gade devan, dèyè, akote ; lè nou twouve nou anfas yon sitiyasyon ki depase nou, tankou lè moun pwòch nou malad grav pandan lontan, ou li mouri ; lè nap sibi pèsekisyon ; lè nou pèdi travay nou oubyen yon anpèchman majè fè nou oblije kite l ; lè delè a rive men nou poko ka peye ; lè yon bon zanmi trayi nou ; lè nou paka jwenn travay ; lè kay la pa gen anyen, elatriye, ki atitid nou pran ?

Lè peche a monte katye jeneral li nan lavi nou, e manifèste l sou fòm renmen lajan twòp, jalouzi, vyolans, rankin, rayisman, ògèy, enjistis, mete divizyon, diskriminasyon, bay manti, ipokrizi, paka viv ak pwochen, elatriye ; lè nou santi nou san sekou, nan ki direksyon nou gade ?

Anfas sitiyasyon sa yo, Salmis la envite nou imite Pè-an-Chèf la. Li di nou, nan sòm 122 a : « Menm jan domèstik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa nap gade sou Granmèt la, Bondye nou an, jouk la gen pitye pou nou. » Menm jan an tou, li envite nou fè sa nan Sòm 120 an, lè l di : « Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: Ki bò ma jwenn sekou? Sekou mwen soti nan men Granmèt la. Se li menm ki fè syèl la ak latè a. »

Salmis la gen rezon paske Granmèt la pap janm kite moun kap sèvi l, ki met espwa nan li, pran wont. « Li pap kite pye moun ki konte sou li chape. Li menm kap veye sou nou a pap janm dòmi, li pap kabicha. Li kanpe bò dwat nou tankou lonbraj nou. Se li ki tout pwoteksyon nou. Lajounen, solèy la pap fè nou anyen, lannwit, lalin lan pap fè nou anyen. Lap pwoteje nou pou anyen pa rive nou… Lap pwoteje nou kit nap antre, kit nap soti, depi koulye a ak pou tout tan» (Sòm 120).

Kidonk, si Granmèt la fè jès sa a, li gade nan syèl la, nan direksyon Papa a, se yon fason pou li aprann nou pran konfyans e pran kouraj gade Sila ki, li menm sèl, ka sove nou de tout sa k soti pou antrave nou. Kifè ou menm, si w tande vwa l, pa fèmen kè w (Ebre 3,7-8).

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 021
Publicité