Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
13 mai 2023

6è Dimanch Pak A - Mwen prale men mwen pap kite nou ofelen

Jan 14,15-21

 

Je vous l'enverrai

Kijan w santi w lè moman an rive pou w separe ak yon moun ou te abitye ? Yon moun ou te fè tan avèk li, epi moun sa a mouri oubyen moun sa a al viv nan yon lòt peyi, oubyen nan yon lòt vil ; brèf, lè moun sa a ki te vo anpil pou ou, ki te sèl espwa ou la, pa la ankò ? Ou pa konn resanti chagren ? Sitou nan ka yon moun ki deplase : ou pa konn ap panse si, wi ou non, moun sa a pa pral bliye ou ? Men, èske w toujou pran konsyans si moun sa ale, se pou defann yon koz ki pi gran pase entère pèsonèl ou tap benefisye nan men li ?

Antouka, se yon reyalite konsa Apot yo tap viv. Jezi anonse retounen li bò kote Papa a; sa vle di, moman an te rive pou l te rantre nan bèlte li, men Apot yo, bò kote pa yo, te tris anpil. Yo te panse lè Jezi fin ale, li tap tou bliye ni yo, ni mond la. Yo te panse anyen kap pase sou tè a patap enterese l ankò. Yo te koute pawòl Jezi yo sèlman avèk je lachè a ; sa fè yo pat fin konprann. Wi, lè nou pa gade ak je lafwa ak lesperans, nou sèlman kwè, aksèpte, kole kò nou e rete bloke sèlman nan sa je nou pèmèt nou wè a. Se poutèt sa Apot yo te santi yo brize lè yo te tande Jezi di li prale.

Men Jezi pat kite chagren fini ak yo. Li rasire yo. Li di yo : « Mwen pap kite nou òfelen. » Men an plis de pwomès sa, Jezi ba yo yon misyon : Gaye Bòn Nouvèl la. E pou misyon sa a, li pwomèt yo yon Ed : Lesprisen an. Li di yo : « Mwen pral lapriyè Papa a, e li menm, li va voye yon lòt Defansè / Avoka / entèsesè kap toujou avèk nou. » Wi, Defansè sa, se Lesprisen an, Lespri laverite yo te pral resevwa jou Lapannkót la. Men, li bon pou n ta poze kesyon sa a : « devan ki moun, ou devan kisa, Defansè a te pral defann ni Apot yo, ni nou ki vini aprè yo ? »

Li fasil pou nou vit panse se devan Papa a Lesprisen an gen pou l defann nou ; paske anpil fwa, nou panse nou se gwo pechè ki pa merite parèt devan Bondye. Se konmsi pi gwo plezi Papa a se ta kondane nou ; tankou lè nou te piti yo te vle fè nou kwè Bondye gen yon gwo kaye kote lap note tout mal nou fè, e ke kreyon li pa gen efas. Non. Sa se pa Bondye nou an. Bondye nou an pa la pou kondane nou ; epi, se pa kreyon l ki pa gen gonm. Okontrè, se gonm li ki pa gen pwent. Kifè, se yon erè si nou ta panse se devan Bondye Papa a Lesprisen an gen pou l defann nou. Alò, kesyon an retounen : « devan ki moun, ou devan kisa, Defansè a te pral defann ni Apot yo ? Devan ki moun, ou devan kisa, Defansè a defann nou ki se nouvèl jenerasyon kretyen yo? »

Sou kesyon sa a, André Chouraqui (premye Jwif ki te tradwi Nouvo Testaman an) ede nou reponn. E pou li fè sa, li envite nou ale nan rasin Grèk mo « defansè a » kap pèmèt nou konprann byen sa li vle di. Li eksplike : Lè yo akize yon moun de yon bagay, yo rele yon lòt moun pou pran defans li e konseye l. Yo rele lòt moun sa a avoka oubyen defansè. Men se pa sèlman sa. Pi plis toujou, moun sa a la pou konsole akize a, pou li rekonfòte li. E se premye wòl Lesprisen an sa bò kote nou. Li la pou l konsole nou. Nou chante sa nan bèl chan kreyòl la : « Klere nou ak klète ou ! Fè nou fò avèk fòs ou ! Soutni nou nan dwa chemen, konsole nou ! Ede nou ! » Sa fè yon lòt kesyon vin nan tèt nou : si se pa pwosè devan Bondye, de ki pwosè Jezi tap pale, jis pou l ta rive di nap bezwen yon avoka ki pou konsole nou?

F/S yo, pwosè Jezi tap pale de li a, se pwosè lemonn fè disip li yo. E pa lantremiz yo, se Jezi li menm lemonn ap jije ; e pa lantremiz Jezi, se Papa Bondye menm lemonn mete anba jijman. Sa vle di, se Laverite a menm lemonn ap jije, paske li pa dakò li. Se poutèt sa menm Jezi ensiste anpil sou mo verite a chak fwa lap anonse Disip yo kalite soufrans ak pèsekisyon yo te pral gen pou yo andire akoz Non li. Pa egzanp, nan vèsè 16 chapit 14 la li di nou : « Map mande Papa a pou l ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri kap moutre nou verite a. » Pi lwen, nan chapit 15 :26-27 la li di nou : « Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri kap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l pou m voye ban nou, la pale nou sou mwen. Nou menm tou, na pale sou mwen, paske nou te la avè m depi nan konmansman. » E an reyalite, touswit apre jou Lapannkot la, pawòl sa yo te gentan kòmanse reyalize. Nan 1 Ko 4 :12-13, Sen Pòl pale de sa : « Nap fatige kò nou travay pou n ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun kap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, yap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè. » E nan lèt anonim ki rele « Kretyen yo nan mond la », ki te ekri pou Dyonyèt, ki date nan finisman dezyèm syèk la, nou jwenn reyalizasyon pawòl sa yo ak plis detay :

« Yo meprize Kretyen yo nan mond la ; men nan mepriz sa yo, yo jwenn lagwa. Yo fè manti sou yo, men nan fo akizasyon sa yo, yo jwenn jistifikasyon yo. Yo joure yo, yo menm yap beni moun. Yo ofanse yo, men yo menm, yap onore moun. Yo fè sa ki kòrèk, epoutan yo pini yo tankou malfektè. Yo bat yo, men yo menm se lakontantman pou yo, se konmsi yo tap antre nan yon lavi tounèf. Jwif yo fè lagè avèk yo, tankou etranje, Grèk yo pèsekite yo ; sila ki rayi yo paka di poukisa ojis yo rayi yo. Ou ta di, sa nanm nan ye pou kò a, se sa Kretyen yo ye pou mond la. Nanm nan rete nan kò a, men li pa pou kò a ; menm jan ak Kretyen yo : yo rete nan mond la, men yo pa pou mond la. Kò a rayi nanm nan, lap fè lagè avèk li, alòske nanm nan pa fè kò a anyen, sof ke li anpeche l pran move plezi. Se menm jan an : lemond deteste kretyen yo ki pa menm fè yo anyen, sof ke yo opoze ak plezi mond la ap ofri yo. Nanm nan renmen kò sa ki pa vle wè l la, menm jan ak kretyen yo ki renmen moun kap pèsekite yo. »

Lè nap gade monn jounen jodi a, nou wè gen yon ijans pou misyon sa a kontinye fè chimen li. Wi, nap viv nan yon epòk kote moun pa vle fè laverite, yo pa vle tande laverite, yo pa vle pale laverite, yo menm pa vle prezante yo jan yo ye a. Moun jounen jodi a pa konpran se sèlman Sila ki se Laverite a, sa vle di Jezi, ki kapab libere yo sot nan chenn erè, refi, trayizon, desepyon, bagay ki fè yo pè, pou yo ka rive konstwi, reyalize tèt yo, nan mitan aprèv kap ale kap vini, nan chèche konn tèt yo pi byen, nan chèche sa ki fè yo kontan tout bon vre.

Pou nou menm, nan mitan tout bagay nap eksperimante epoutan nou pa fin konprann, nou gen chans koute pawòl Jezi sa yo ki ban nou kouraj, konfyans ak lespwa. Wi, pandan nap fè misyon nou, nan mitan tout sa nap andire nan lavi chak jou nou, bagay ki fè dèfwa nou doute, dekouraje, fatige, Jezi envite nou kole kò nou sou li ak sou espwa li fè nou, paske prezans li pa janm fè defo. Tankou nou chante l : « Tu es là, au cœur de nos vies, et c’est toi qui nous fais vivre. Tu es là, au cœur de nos vies, bien vivant, ô Jésus-Christ»

Se menm jan lè w renmen yon moun : toudenkou, ou reyalize li prezan nan ou. Ou panse ak moun sa san rete. Li la nan sa w vle, li la nan sa w deside. Avek Granmèt la, se pi fò toujou, se plis reyèl toujou, nan sans ke li pa sèlman nan panse nou ak nan entasyon nou, men li la èspirityèlman ; sa vle di, lap viv tout bon nan nou, lap aji tout bon nan nou. Lè nou rive konprann sa, nou rann nou kont kòman pi bon reyaskyon, pi bon atitid nou kapab pran, se louvri kè nou pou nou koute l, resevwa l ak konfyans e reponn li, abandone nou a li, li menm ki deja abandone l a nou. Men kisa sa vle di obeyi Kòmandman Jezi yo ; kòmandman sa yo ki se chimen lavi, chemen liberasyon.

Kanta ou menm, se pou Granmèt la pwopoze w chimen sa a kifè l ap adrese l a ou : pou l libere w. Tout sa lap tann nan men w, se ironikman yon repons lib, ki soti nan renmen w pou li. Kifè, si w tande vwa l, pa fèmen kè w.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 922
Publicité