Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
5 mai 2023

5e Dimanch Pak A - Se Mwen ki Chemen an ak Laverite a ak Lavi a

Pa kite bagay sa yo boulvèse nou

 

All

Jan 14,1-12

 

Kilès ki deja eksperimante yon sitiyasyon ki angwasan anpil ? Kilès ki deja fè eksperyans separasyon ak yon moun ki te tout pou ou ? Imajine yon tan pat gen telefòn, pat gen apèl video, epi moun sa ki te tout pou ou a, ki te tout espwa w la, ou tande li pral separe avèk ou, swa paske l pral vwayaje. Bon, imajine moun sa malad grav, li pral mouri, oubyen ou konnen yon konplo mare sou li, e pa gen mwayen pou l chape. Kòman w tap santi w ?

Se yon reyalite angwas konsa disip yo tap eksperimante. Sila ki te tout pou yo a, Sila ki te tout espwa yo (tankou vwayajè Emayis yo te di a), vwala li anonse li pral kite li yo. Sak pi mal la, yo pa menm konnen kote l prale. Yo twouble, yo boulvèse. Yo santi tout bagay fini pou yo. Sen Jan, ki te yonn nan disip yo e ki ekri Levanjil la, pran tan l pou di pòsyon Levanjil sa (Jan 14 :1-12) te pase nan aswè ; kidonk li te fè nwa. Pa sèlman aswè paske jounen an te fini, men aswè paske disip yo te debousole akoz sa yo te wè k tap pase ; menm jan sa pa parèt pou nou : nou gen enpresyon Bondye retire kò l nan mond sa kote mechanste ap taye banda. Nou sanble pèdi, nou dezoryante : twòp tanpèt, twòp nyaj gri nan syèl lavi nou. Epoutan, se nan mitan nyaj sa yo, menm jan l te fè pou Apot yo, Jezi rasire nou, li vin pote pou nou pawòl ki bay lavi tout tan an, li vin ofri nou pwoteksyon ak direksyon, li vin di nou, « Pa kite bagay sa yo toumante nou : mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Mwen se Chemen an, Mwen se Laverite a, Mwen se Lavi a. »

 Pa bliye, lè Jezi te lanse envitasyon sa bay patizan l yo, se te nan moman li tap prepare l pou retounen kay Papa a. Se te Kè kontan pou li, menm si an reyalite, li pat janm kite Papa a. Se tankou Sòm 121 an di : « Se pa ti kontan mwen kontan lè m tande nou prale Lakay Granmèt la. » Epoutan, si nan Kè Jezi se te lakontantman, nan kè patizan l yo, se te tristès ak chagren (ou ta di se pèp Ayisyen an). Pètèt yo te panse Mèt la te pral bliye yo, tankou nou menm anpil fwa pa rapò a pwòch ak zanmi nou. Laverite, sèke si Jezi ale, se te pou l al prepare pou yo, e pou nou menm tou, yon plas. Kifè, li pa bliye nou ; paske kote li ye a, li vle se la pou nou ye tou, pou nou pataje kè kontan nèt ale li a ; tankou Sen Ogisten di : « Kote tèt la ye a, se la kò a dwe ye. » Men, pa ki wout nou dwe pase ?

 Se kesyon sa Toma te poze. Toma ( ki diferan de sen Toma D-Aken) se yon disip ki byen enteresan, brav, sensè e fidèl, epoutan nou souvan wè kòm yon tèt rèd, yon enkredil, e nou souvan mal entèprete. Toma, se premye disip ki te prè pou ba y lavi l pou Jezi. Nou sonje lè Jezi te deside ale Betani nan okazyon lanmò Laza. Se Toma sèlman ki te di : « Ann ale ak Mèt la, menm si nou dwe mouri avèk li » (Jn 11,16). Toma di Jezi : « Nou pa menm konnen kote w prale, kijan n fè konnen wout ki mennen kote w prale a ? »

 Kesyon Toma a, se kesyon nou chak. Anpil fwa, nou pa janm chèche Bondye kote li ye a, men sèlman kote li pa ye vrèman : lajan ki pa pwòp, pouvwa ki la pou fè abi, lagwa kap pase. Men yon lòt kote, kesyon sa a itil nou anpil paske li bay Granmèt la okazyon devwale pou nou yo gwo verite osijè li. A Toma ki mande pou wout la, Jezi reponn : « Se Mwen ki Chemen an, Laverite a ak Lavi a. »

 Frèm ak sèm yo, sa rive nan lavi nou, nou gen anpil difikilte, oubyen nou pa deside kite bagay kap koze malè nou, ata peche a. Poukisa ? Paske yo prezante sou fòm reyalite ki dous. Nou pa toujou pare pou nou divòse avèk yo. Yon fason pou m di, nou pa toujou gen entèlijans kole kò nou sou sa ki esansyèl tout bon, men sou sa ki parèt pi fasil. Men Filip envite nou pa janm pran rakousi, pa janm pran wout dekoupe. Okenn rakousi pa pote kè kontan. Filip envite nou ale pi lwen. Li envite nou ale nan direksyon Sila kap dire tout tan an : « Montre nou Papa a, e sa ase pou nou. »

 An reyalite, se yon demand korèk e ki fondamantal Filip fè. Se swaf sa nou tout nou gen nan kè nou. Se pou sa menm nou te kreye : pou nou viv nan kominyon ak Bondye. Menm Moyiz te gen swaf sa, se pou sa l te di Bondye : « Fè m favè wè bèlte ou » (Egz 33 :18). Men Granmèt la te klè avèk li : wap wè  do m, men fas mwen, ou paka wè l (V 23). Men, gras a mistè Enkanasyon an, nou kapab pwoche bò kote Limyè a, ki pat janm ban nou aksè avan, epoutan li pap fè nou avèg.

 Wi, depi lè Bondye te vin tounen Moun nan vant Lavyèj Mari a, li te vin posib po nou kontanple vizaj Bondye (Jan 1 :18). Jezi konfime sa nan repons li bay Filip, « Dat mwen avèk nou, Filip, epi ou pa konnen m, wap di montre w Papa a ? Ou pa konnen Papa a nan mwen, e mwen nan Papa a ? »

 Pap Benwa 16 raple nou : « lavi nou pa dwe gen lòt objèktif, sinon rankontre Jezi, tankou Filip, pandan nap wè nan li Bondye li menm, Papa nou ki nan syèl la. Si nou manke angaje nou nan demach sa, nou toujou retounen sou nou menm, tankou moun kap gade tèt li nan yon glas, e nap santi nou pi mal toujou. Kanta Filip, li montre nou kòman nou dwe kite Jezi twouve nou, pou nou rete avèk li, e al envite lòt yo vin pataje akonpayman sa ki nesesè pou tout moun. E lè nou wè Bondye, lè nou twouve Bondye, nou twouve lavi tout bon an » Odyans jeneral, 6 septanm 2006).

 Frèm ak sèm yo, nou tout, nap chèche lavi tout bon an. Jodi a, Jezi di nou li enposib pou nou jwenn lavi sa a, si nou pa pase pa li. Sa fè nou panse ak yon reyalite : « E moun ki pa janm tande pale de Jezi yo, san se pa yo menm ki gen tò ? » Pè yo nan konsil Vatikan 2 a reponn : « Tout moun ki pa rèsponsab inyore yo inyore Levanjil Kris la ak Legliz li a, epoutan kap chèche Bondye ak yon kè ki sensè, ki kite lagras Granmèt la aji nan yo, epi ap chèche fè volonte Bondye, jan konsyans yo montre yo e konseye yo, yo menm tou, yap jwenn lavi Granmèt la pwomèt la » (LG 16).

 Frèm ak sèm yo, lè Jezi deklare li se Chemen an oubyen Pòt la, tankou nou te tande sa nan pòsyon Levanjil Dimanch dènye a, se yon fason pou l envite nou solidè ak li, li menm ki deja ofri nou solidarite san limit li a. Se pou sa li di nou : « Okenn moun paka jwenn Papa a san li pa pase pa mwen », men li pap rete Kay Papa a pou kont li, san nou menm. Se pou sa li ajoute, « Mwen pral pare yon plas pou nou, e map tounen vin chèche nou ; konsa, kote map ye a, se la nou va ye tou » paske « anyen paka separe ak ak renmen Bondye a, » ki se Jezi li menm (wè Women 8 :39). Se sa Sen Ogisten te pral di kèk ane apre : « Tout Kris la : se Jezikri ak Kretyen yo. »

 Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Pawòl Bondye pou senkyèm Dimanch A a envite nou resezi nou e poze tèt nou kesyon : Kisa ki konte vrèman pou nou nan lavi sa ? Nan ki direksyon nap gade ? Sou ki wout nap mache nan chemen lavi a ? Eske nou vrèman pran konsyans kalite reyalite Granmèt la envite nou patisipe ladan l nan ? Nan mitan tout fristrasyon nou yo, tout dout nou yo, tout sa ki fè pè yo, sa ki fè nou krent, tout dezespwa nou yo, sa ki fè nou kriye yo, Granmèt la ap poze nou yon kesyon : « Eskè nou kwè ? Eske nou kwè, li menm ki te kraze lanmò a ak tout soufras, tout rayi, tout angwas, tout prizon, tout trayizon… li ka louvri yon wout tounèf pou ou?

 Se vre, li pa toujou fasil pou nou konprann, paske nou kontinye ap fè anpil eksperyans nou pat swete e ki difisil anpil, nap soufri, men tankou Simon-Pyè, nou kapab kontinye wout la ak Sila ki, li menm sèl, gen pawòl lavi tout tan an. Tout lòt mwayen lòt moun ap prezante, se enpas : koridò ki fèmen pi devan. Se Li, Granmèt Jezi, la menm e kounye a menm, ki envite nou antre nan plan delivrans total li a, e mache nan chemen ki mennen nan lavi tout bon an. Kifè, ou menm, si w tande vwa l, pa fèmen Kè w (Ebre 3,7-8).

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 922
Publicité