Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
29 avril 2023

4e Dimanch Pak A - Dimanch Bon Gadyen An

Jounen mondyal lapriyè pou vokasyon

Le B Berger

Frèm ak sèm yo, pandan twa (3) Dimanch ki sot pase yo, Pawòl Bondye a te envite nou medite sou anpil aparisyon Jezi devan Apot yo ak medam yo. Jodi a, nan okazyon katryèm Dimanch la, kote nap lapriyè – pa sèlman pou moun ki pè, mè, ou moun ki vle fè pè ak mè - men pou tout kalite vokasyon, litiji a rezime pou nou yonn nan aspè misyon Kris la, e li prezante nou li sou fòm imaj. Nou twouve li nan levanjil selon sen Jan. Jezi di : «Sa map di nou la a, se vre wi: Mwen se Pòt pak mouton yo.»

Lè Jezi di li se Pòt pak mouton yo, li vle di anba anba kòman se li ki bon Gadyen an. Dayè, li pral di sa yon ti kras pi lwen, nan menm chapit 10 levanjil selon Sen Jan an. Men kijan, frèm ak sè m yo, Jezi envite nou wè li, nan okazyon katryèm Dimanch la : li se sèl grenn Gadyen mouton yo, tout lòt yo se bandi, se mèsenè. Pou nou konprann sa pi byen, nou bezwen regade ki misyon yon pòt.

Premye misyon yon pòt, se bay yon espas done sekirite. Se pèmèt kote sa a kontwole ; se pèmèt gadyen an verifye kilès kap antre oubyen soti ; se bay moun aksè antre oubyen soti. Konsa, lè Jezi di li se Pòt la, li raple kòman se li kap kontwole e demakse tout abolotcho, tout fo pastè, kap tante antre nan pak mouton yo. Se li kap kontwole mouton yo ; e nan pwoteje mouton yo, li prè pou l bay lavi l. An reyalite, li te pral bay lavi l pou yo sou kwa a. Wi, lè lou lanmò a te rive, li pat kouri. Li te defann nou. Li bay lavi l, pou sove lavi pa nou. E menm lè li pa la ak tout kò li, fizikman, li kontinye ban nou sekirite, mete fòs li nan feblès nou pa lantremiz sakreman yo kote li prezan.

Men Jezi pa yon senp gadyen. Li envite nou wè li tou kòm sèl grenn pasaj ki bay aksè a kote ki gen bon jan sekirite a, lè deyò a montre kòman li pa bon tout bon vre. Lè gen dout, lè gen dezespwa, lè tout bagay sanble fini, li se sila kap pèmèt nou pase e al jwi bon jan reyalite yo. Li tou se Gadyen ki byen konnen mouton yo, paske, antan nap pase nan pòt la, li vin abitye avèk nou, Li vin rive konnen non chak pèsonèlman, li vin fini pa pran sant mouton yo (nou di sa nan yon langaj moun paske nou konnen kòm Bondye, li konnen nou avan menm nou te nan vant manman nou, tankou pwofèt Jeremi ak Sòm 139 la di sa). E mouton yo tou, paske yo pran abitid travèse pòt la, yo vin rive konnen vwa li, e yo rive fè l konfyans tou.

Kifè, sa Jezi vle fè nou wè menm menm, se kòman gen yon kontak, yon relasyon pèsonèl ant li menm ak nou chak. Yon lòt jan nou kapab di : Jezi pa sèlman konnen nou pèsonèlman, men li renmen nou pèsonèlman. Li chwazi nou pèsonèlman. Pou li, pèsonn pa yon senp nimewo. E se sa k lafwa kretyèn nan, se sa ki lafwa nou : kretyen yo pa sèlman moun ki dakò swiv yon relijyon, yo pa moun kap chèche aplike yon doktrin. Lafwa nou, se yon rankont, se dakò fè yonn ak yon moun : Jezikri, Pawòl Bondye ki tounen yon Moun vivan.

Se renmen ki peye renmen, se sa yo di. Sa vle di, si Jezi renmen nou konsa, si li konnen nou konsa, nou menm tou, nou fèt pou nou konnen l, nou dwe chèche fè yonn avèk li. Dayè se sa mo konnen an vle di : fèt avèk. Kifè, yon moun ki konnen Jezi tout bon vre paka pa renmen l. E yon moun ki renmen Jezi paka pa kwè nan li, tankou sen Pòl di sa nan 1 Kor 13 :7 « renmen kwè tout bagay. »

Se nan lide sa Sen Gregwa le Gran envite nou fè yon tchèk, li di : « Gade byen pou w wè si w se yon mouton. Gade pou w wè si w konnen Gadyen w, gade pou w wè si w wè ata yon ti limyè laverite ; se pa nan lafwa, men nan renmen. » E pap Benwa 16 ajoute : « Jezikri te pwomèt lap mennen mouton yo nan sous lavi a. Men ki manje ki gen nan sous sa ? Se laverite ki fè moun viv, se nan laverite lap wè koman yo renmen l. Moun bezwen Bondye, yon Bondye kap vanse toupre moun e kap montre moun chemen laverite a. »

Sa gen lontan yap prezante nou anpil sistèm panse ak anpil moun :gen ki te viv tout bon, gen ki pa te janm egziste, tankou sa ki ka bay nou repo. Yo menm oze konpare nan yo ak Jezi ; men yo twonpe yo. Jodi a, Jezi raple kòman se li menm ki sèl grenn Pòt pou nenpòt moun kap chèche bon jan delivrans la, bon jan kè poze a. Men, e sila yo ki pa janm tande pale de Jezi yo :

Pè yo nan Konsil Vatikan 2 a, sa vle Evèk ki te patisipe yo, nan yon nan dokiman yo sou Legliz la, Lumen Gentium, nan nimewo 16 la, di nou : « tout moun ki inyore Levanjil la, san se pa fot yo, depi yap chèche Bondye nan yon kè ki kòrèk, ki sensè, e ki kite lagras aji nan yo, yo poze bon jan aksyon ki montre yo fè volonte Bondye, jan konsyans yo di yo fè l la, yo menm tou, yap benefisye delivrans Jezi pote a. Bondye, nan pwovidans li, pap janm sispann pote yo sekou yo bezwen pou delivrans yo, menm si yo poko byen konnen li, depi yap mennen yon lavi korèk. »

Frèm ak sèm yo, Bondye pa janm abandone pèp li, ni okenn nan pitit li yo. Jodi a, li redi nou kòman li sousye de nou. Men, tankou Sent Terèz d-Avila, te chante l : « Jezi pa gen lòt kò sou tè a, sinon kò pa w, ni lòt men sinon men pa w, ni lòt pye sinon pye pa w. Se ak je ou lap montre kòman li gen konpasyon pou mond la ; ak pye ou lap machè fè byen ; ak men ou lap mache beni tout moun. » Se poutèt sa, lap rele nou e kesyone nou sou kòman nou pran responsabilite nou antanke pastè nan fanmiy yo, nan fratènite a, nan Legliz la, nan sosyete a.

Lap fè nou sonje kòman bon gadyen jodi a se paran yo, mesye ak madanm marye yo, pè yo, relijye yo, mè yo, moun ka gouvènen yo, travayè yo, moun ki gen moun kap koute yo, chak moun ki gen yon rèsponsabilite sou yon lòt ; e nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou byen pran rèsponsabilite sa a. Lap mande nou pou nou pran wòl gadyen nou pa rapò lòt la. Nou tout, Jezi envite nou imite li nan kalite misyon sa a. Se menm misyon sa a Bondye te bay Adan ak pitit li yo ; men, kisa yo te fè avèk li ? Kisa Kayen, an patikilye, te fè ? Se sa k fè, menm kesyon Bondye te poze Kayen an, se kesyon sa Jezi gen pou l poze nou : Kisa w te fè ak frè w la ? Kisa w te fè ak sè w la ?

Jodi a, pandan nap lapriyè pou vokasyon, kèlkeswa : polisye, doktè, pè, enfimyè, enjenyè, mè, madan sara, kèlkeswa sa nap fè a, bòs ebenis, pwofesè, jounalis, an nou remèt nou nan men Bon Gadyen an ak anpil konfyans, li menm ki pa janm lage bann mouton an. An nou lapriyè l tou pou pastè pawas nou yo, ak pastè dyosèz nou yo, pou yo tounen, chak jou pi plis, moun ki plis devwa nan sèvis pòsyon pèp ki sou rèsponsabilite yo a.

 

An nou fè ansanm lapriyè sa a :

 Jezi Granmèt, apre ou fin leve byen vivan, ou pa kouri tounen al jwenn Papa a, men ou rejwenn disip yo, san yo pat atann, espesyalman disip Emayis yo. Tanpri, vin rejwenn nou tou, nan kèlkeswa sa nap fè a :rejwenn Pap la, rejwenn evèk nou yo, rejwenn pè nou yo, rejwenn mè nou yo, rejwenn katechèt nou yo, rejwenn chak manm mouvman, gwoup ak koral, rejwenn pwofesyonèl nou yo, ak tout moun kap travay pou avansman sosyete a.

Montre nou tou kòman pou nal rejwenn chak moun sou wout Emayis pa yo: espesyalman malad yo, ti granmoun yo, jèn yo ki manke referans.

Fè nou gen plis konfyans nan ou. Fè nou gen plis konfyans nan yonn lòt dekwa pou nou pa pè pale yonn ak lòt, sa ki fè nou pè, sa ki fè nou doute, dekwa pou nou reprann konfyans, kwè nan lòt pi plis, e aprann akeyi aspirasyon lòt yo, pataje desepsyon yo ak atant yo. Konsa, na aprann pale de ou, menm si nou pa gen ase mo. Na aprann lapriyè ansanm, na va mache ansanm nan lòt chemen : chemen konfyans ak kè kontan, jiskaske nou rive pase ansanm Pòt la, ki se ou menm, e al jwenn lòt mouton yo nan gran Pak la, kote se ou menm ankò ki sèl Gadyen. Amen!

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 922
Publicité