Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
4 mars 2023

Dezyèm Dimach Karèm A - Transfigirasyon

Nap chanje lide nou: Matye 17,1-9

Transfiguration (2)



Nan yon moman kote te gen anpil tapaj politik ak sosyal, disip Jezi yo te kòmanse plonje nan gwo dekourajman. Apot yo, bò kote pa yo, te menm kòmanse ap doute. E lè Jezi anonse lanmò li, Apot yo vin plonje nan plis konfizyon toujou paske se pat sa yo te panse de Sovè k te gen pou vini an. Se pou sa pòsyon Levanjil la kòmanse konsa: « sis (6) jou apre sa» : 6 jou apre Simon-Pyè te fin fè bèl deklarasyon sou vrè idantite Jezi : Pitit Bondye vivan an (Mt 16 :13ss). Men tou, 6 jou apre Jezi te fin anonse lanmò l, Pyè ak tout lòt disip yo refize aksèpte sa. Koz se pat yon Sovè konsa yo tap tann.

Tèt yo te prèt pou eklate, malgre sa se te tòkèt la. Jezi te konnen yo te ka pèdi lafwa nèt lè chaj la, ki se èskandal lakwa a, rive. Kifè, se te enpòtan pou l te òganize yon retrèt pou yo. Konsa, li pran Pyè, Jak ak Jan, twa (3) pilye Legliz la (Gal 2 :9), li monte avèk yo sou Mòn Tabò a. Pandan yo te la, Moyiz ak Eli, reprezantan Ansyen Kontra a (Moyiz = Lalwa ; Eli = Pwofèt yo), vin rankontre Jezi, e devan yo tout, rad Jezi ak figi l chanje : Li transfigire. Transfigirasyon an, se pat yon senp evénman. Se te yon rankont kote tout Trinite a te prezan : Papa a pale, Pitit la parèt nan tout bèlte li, Lesprisen an manifèste l sou fòm yon nyaj.

Se Pak la ki pi gwo evénman nan tout mèvèy Bondye montre nou ; epoutan Transfigirasyon an, se rezime tout Revelasyon an ; li se avalwa fèt Pak la. Pyè wè bagay sa, li kontan ; yon sèl kou, li bliye tout traka lavi a. Li pa mande retounen nan lavi chak jou li. Li di Jezi : « Mèt, li tap bon nèt si nou rèt la ; m tap fè twa ti kay… » Evénman sa te tèlman bèl, Pyè pa vle bliye l ; se tèlman vre, li pale de sa nan dezyèm lèt li te ekri a : « Nou te sou Mòn avèk Li lè Li te resevwa tout bèlte li ; te gen anpil bèl pawòl ki te pale… » (2 Pyè 1,16-18).

Frè m ak sè m yo, sa k te rive Pyè sou tèt Mòn nan ; se eksperyans nou tout ak nou chak. Anpil fwa, lavi a tèlman konn pa jantiy avèk nou, nou pa wè sa pou nou fè. Lavi a konn tèlman soti pou lage nou plat atè, se sou yon tèt mòn : lakay yon zanmi, nan yon baz, nou konn al rale souf ; dèfwa se Legliz la nou ale epi nou santi se la n ta rete… Anpil moun ki kouri kite peyi yo, se mizè k twòp pou yo ; anpil moun ki kite lakay yo, fanmi yo, lavil kote yo te fèt, se akoz difikilte oubyen menas yo jwenn, swa nan vwaziyaj, swa nan travay, swa nan pwòp fanmi yo, e anpil fwa, nan pwòp gwoup ak koral yo ; e lè nou jwenn refij yon kote, nou pa vle retounen, tankou sen Pyè. Men Jezi transfigire pou montre nou kòman se pa konsa bagay yo ap rete. Kouri pou yon pwoblèm pap pote yon solisyon. Menm jan Pyè te oblije redesann mòn nan pou l pran kwa l dèyè Jezi, se konsa nou dwe batay jiskaske bagay yo chanje nan fanmi nan, nan vwazinaj la, nan travay la, nan peyi a, non mond la, nan Legliz la…

Se sa menm tan Karèm nan ap fè nou sonje. An menm tan, ak je nou fiske sou Jezikri, l ap envite nou antre nan batay kont fòs fènwa yo. Jodi a, Jezi raple nou lavi a gen pikan, gen pwoblèm, gen difikilte, gen traka, e se chak jou n ap rankontre yo ; men dèyè mòn pwoblèm yo, gen mòn Jezi a ki se mòn kè kontan an, mòn kè poze a, mòn bèlte a.

Jezi desann mòn nan ak mesye yo pou ede yo chase lide ki pat kòrèk yo te gen de Bondye. Jis jounen jodi a toujou, gen moun ki teonpe yo de Bondye. Yo deside mache dèyè Jezi paske yo gen nan tèt yo, si yo chwazi vin kretyen, yo pap rankontre difikilte nan lavi a. Tout bagay ap woz pou yo. Pap gen pèsekisyon, pap gen difikilte, yo pap rayi yo, yo pap konnen soufrans, yo pap gen lite pou pou edike e pran swen fanmiy yo. Nan kòmansman, Pyè te panse se yon Jezi konsa l tap swiv. Kifè, li te revòlte lè li wè tout sa Jezi sa a te ofri l e ap ofri nou, se yon kwa : « si yon moun deside mache dèyè m, se pou l pran kwa l chak jou, e swiv mwen. »

Nan mitan tout sousi lavi a, Jezi envite nou voye je nou gade pi wo ; pa kite pwoblèm fè nou pèdi espwa. Men nou pap gen kouraj pou nou ranpòte laviktwa sou yo si nou pa louvri zòrèy nou pou n tande Papa a k ap prezante nou Pitit li, sila nou dwe koute a, paske se sèlman Li menm ki gen Pawòl ki bay lavi ki pap janm fini an ; se Li menm sèl k ap transmèt nou volonte Papa a. Se li ki sèl ki ka fè kwa vandredi sen nou yo transfòme an kè kontan Dimanch Pak.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, si nou gade lavi nou byen, n ap reyalize kòman li defigire ; si se pa akoz lamizè ak dezespwa, se akòz peche, dwòg, move pratik, kòripsyon, lògèy, egoyis ak tout sa ki nan nou men ki pa pou Bondye. Volonte Bondye, se fè nou pase de yon lavi defigire a yon lavi transfigire ak libète, kè poze, kè kontan. Men, sonje sa, Bondye pa fòse nou nan anyen, l ap tann yon reponn ki soti nan libète nou. Pou nou jwenn favè nan men li, nou bezwen tande vwa Li e reponn a apèl li fè nou. An reyalite, gen anpil vwa ka sonnen nan zorèy nou. Men ou menm, si w tande vwa Granmèt la, pa fèmen kè ou.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 251
Publicité