Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
9 octobre 2021

Meditasyon pou 28e Dimanch B

Jezi gade l, epi Li renmen l

Mak 10:17-30

Le jeune homme riche

 Frèm ak sèm yo, nap viv nan yon sosyete kote pousantaj moun ki dakò renonse a byen materyèl pa reprezante anyen parapò a moun kap fè tout sa ki posib – dèfwa sa moun pata panse – jis pou yo gen lajan, byen materyèl ak pouvwa. Se vre, li klè nou bezwen sitou lajan. Nou pa bezwen fè yon gran diskou sou sa. Men nan okazyon 28e Dimanch la, yon moun, pa nenpòt kimoun, yon moun rich ap fè nou sonje richès pa pi enpòtan pase sa paske li paka pase vrè swaf nou. Wi, gen yon bagay ki vo plis pase richès : lavi tout tan an. Malgre tout richès li yo, sa pat anpeche l kouri vin kot Jezi, paske li sèten Jezi tap bal repons kòrèk la, e mande l: « Bon Mèt, kisa pou m fè pou m benefisye lavi ki pap janm fini an? »

Frèm ak sèm yo, si sa pa deja rive nou, lap vini kanmenm paske jan de kesyon sa yo fè pati de reyalite nou kòm moun. Yon jou ou yon lòt, nou chak gen pou n mande tèt nou: poukisa m te fèt? Poukisa map viv? Ki sans lavi sa ? Kòman lavi m ap fini? E kisa kap gen apre? Si gen yon lòt vi aprè lanmò, èske map benefisye l? Antouka, moun rich sa te sèten gen lavi aprè lanmò. E li te sèten lavi sa pi bon pase lavi sou tè a. Se pou sa li te vle konnen kisa pou l fè pou l benefisye l. Filozofi ak okenn lòt konesans pa ka bay repons la. Men lafwa, Jezi, wi. Non sèlman Li konfime pou moun sa li pa nan erè, paske l kwè nan lavi ki pap janm fini an, men tou, Li di l kòman l ka benefisye l. E kisa Jezi di l?

An fèt, Jezi pa di nèg rich la anyen ki nouvo. Dabò Li efase tèt Li ; Li kenbe sekrè li se Mesi a, epi l voye moun nan nan premye Tab Lalwa a, 4 premye kòmandman yo ki pale de relasyon nou ak Bondye (Egzòd 20:1-11), ki se dimansyon vètikal kwa a: “Poukisa w rele M ‘bon?’ Se Bondye sèl ki bon.” Tousuit, Li raple l dezyèm Tab Lalwa a, 6 dènye kòmandman yo ki pale de relasyon antre nou menm moun e ki envite nou viv nan entegrite epi nan rèspèkte diyite moun (Egzòd 20:12-17), ki se dimansyon orizontal kwa a.

Repons nèg rich la enteresan. Li di Jezi: « Mèt, mwen kòmanse obsève bagay sa yo depi m jenn ! » Sen Mak di : « Jezi gade l, epi Li renmen l ! » Tousuit, Jezi mande l fè yon depasman, yon pasasyon de Lalwa (fòmalism) a Kòmandman renmen an (pratik): « Manke w yon bagay. Ale, vann tout sa w gen, separe lajan an bay pòv, epi retounen vin jwenn Mwen. » Nan langaj fransè, moun kap fè chèlbè yo pale « des trois V : va-vends-viens ». Aprè envitasyon sa, bagay la chanje. Sen Mak di « nèg rich la ale tou tris. »

Frèm ak sèm yo, Mè Teresa Calcuta di : « Bondye paka ranpli yon kote ki deja ranpli ak lòt bagay. » Pou Bondye rénye nan kè nou, fòk nou renmen L, fè lwanj pou Li, e Li menm sèl ; fòk nou fè kè nou senp (Mt 5 :3). Men, paske « okenn moun paka di li renmen Bondye li pa janm wè san li pa renmen pwochen li » (1 Jan 4 : 20), nou dwe chase nan lavi nou tout sa ki gen rapò ak rayi, touye moun, adiltè, vòlè, mansonj, detwi byen ki la pou tout moun, ak tout bagay ki sanble ak yo ; fòk nou renmen paran nou. Richès bon, men fòk nou pa kite l fè nou fè sa ki pa kòrèk nan je Bondye.

Frèm ak sèm yo, rankont Jezi ak moun rich sa (Sen Mak pa site non l nan) sipoze di nou kichòy ; èspesyalman nou menm ki pa janm rate Lamès ou sèvis legliz nou, ki konn gwo fòmil pou lapriyè, ki konnen Bib la pakè, ki nan 7 gwoup oubyen selil lapriyè : nou ka legliz epi nou mouri chwal… Moun sa te konnen e obsève Lalwa Moyiz la trè byen ; epoutan kè li pa te janm pou Bondye. Nou menm tou, nou ka panse nou deja ap banbile nan syèl la, nap byen pase, epoutan kawo renmen nou deploge. Fè atansyon !!!

Peyi Wa ki nan syèl la pou tout moun, men pòt la tou piti. Se poutèt sa, « depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, li anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen kap antre ladan l » (Matye 11:12). Si nou kite peche ak richès peze nou, nap twò lou pou nou batay ; « lap pi fasil pou yon chamo pase nan yon je egiy, olye pou n ta antre ladan l. » Nèg rich la te kontan poze Jezi kesyon, li te kontan fè konnen kòman li obsève Lalwa, men akòz richès li yo, li pati tout tris. Wi, « syèl la pa piyay ; nenpwen vòlè, nanpwen achte. Se redi nan travay ap fè sa Bondye di. » Apòt yo te konsyan, se sak fè yo tap mande yonn lòt : « Nan sans sa, kilès kap sove ? » E Jezi reponn yo : « Pou moun, sa pa posib, men pa pou Bondye. Anyen pa enposib pou Bondye. »

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, Papa nou vle sove nou tout ; men Li pap sove nou san nou. Se pou sa Li voye sèl grenn Pitit Li a vin montre nou wout la. Jodi a, Jezi envite nou pran chemen depasman an. Pou moun nan Levanjil la, sa ki te sèvi kòm blokaj se pil richès li yo. Pou anpil moun jounen jodi a, se tit ak privilèj yo yo pa vle pèdi. Gen lòt, se reyisit nan biznis, nan politik ki anpeche yo. Gen moun, se fason yap konpòte yo ak pwochen yo. Gen lòt se egoyis yo ; gen ankò se koripsyon, mechanste, parès, elatriye. Epoutan, pèsonn paka swiv Jezi si li pa libere tèt li dabò de tout sa ki rann li lou.

Kifè, tankou moun rich sa a, Jezi ap envite nou aprann fè volonte L nan lavi nou, regle lavi nou sou kòmandman li a. Rele Lap rele nou, se pou Li envite nou mache nan chemen renmen tout bon an Li trase pou nou an paske se sèlman wout sa kap bay lavi nou yon sans, e kap ede nou mache nan wout ki kondi nan lavi ki pap janm fini an. Ou menm, si w tande vwa Li, pa fèmen kè ou.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 503
Publicité