Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
26 mai 2021

Gen pitye pou mwen !

Meditasyon pou Jedi 8yèm semèn Òdinè

Mak 10, 46-52

 

Bartimee

Frèm ak Sè m yo, kisa Levanjil la di nou jodi a ?

Levanjil la di nou Jezi ap kite Jeriko. Menm moman sa, yon avèg, Batime, ki te chita nan pòt lavil la pran lapriyè l byen fò : « Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen ! » Anpil moun ap bal presyon pou l fèmen bouch li ; men Jezi fè menm moun sa yo mennen avèg la ba Li. Se konsa, aprè demand avèg la ki te chita sou lafwa ak imilite, Jezi geri li. Zanmi m yo, Sen Mak (ki ekri levanjil jodi a) pa kite okenn detay. Se pa san rezon li mete aksan sou kèk bagay. Men nan pami yo, ann pran Jeriko, Batime ak moun yo.

Jeriko : se te yon kote moun yo pat gen tan pou Bondye. Non Jeriko a vle di : Vil plezi. Epoutan Mizerikòd Bondye a al vizite lavil sa a. Batime : Matye ak Lik rapòte epizòd sa tou, men yo pa site okenn non. Matye menm ale pi lwen, li di se te 2 avèg. Nan tan sa, yo te konn plis site non yon moun lè li enpòtan nan kominote a. Mak site non papa Batime (Batime, pitit Time), li vle montre nou, kontrèman a anpil moun, li posib pou Batime pat fèt nan mande, nan mizè. Te gen foul la tou ki te vle sèvi baryè ; men yo pat ka bare detèminasyon Batime. Li pran kriye jiskaske Jezi tande l.

Jeriko se senbòl mond jounen jodi a kap ofri lajan, pouvwa ak tout kalite plezi, nan move kondisyon. Mond sa ap ofri tout bagay, sof Bondye. Nan kòmansman, nou panse nou byen, paske byen materyèl fè yo rele nou mesye entèl, madan entèl (Batime, pitit Time). Anpil vye pratik fè nou panse nou alamòd ; epoutan menm bagay sa yo koz nou avèg, sitou si nou ba yo enpòtans pase lavi moun. Yo pouse nou fè tout kalite krim. Yo pouse nou vin egoyis epi endiferan. Yo pouse nou vann diyite nou, konviksyon nou, elatriye.

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, nou tout nou se Batime ki chita sou wout lavi a, kote nou chak nou gen yon bagay ki rann nou avèg. Dèfwa, nou pa menm gen klèvwayans pou wè kisa li ye. Anpil fwa tou, nou se Batime paske nou gen yon moun, yon pwòch, yon « zanmi », yon Leta ki bay tèt li misyon pou bare nou nan reyisit nou. Dèfwa, se lavi a li menm menm ki vle lage nou plat atè, ki vle montre nou li gen revè. Men, èske nap ret atè a. Non ! Nou fèt pou nou leve kanpe. Nou pa dwe abandone.

Tankou Batime, nou bezwen tounen moun ki detèmine, moun ki brave tout anpechèchman ki soti pou fè nou pa reyalize rèv pozitif nou. Men pou sa, nou bezwen gen lafwa nan Bondye, paske san Li nou paka fè anyen (Jan 15,5). Se sa k fè, sa nou plis bezwen, se favè mizerikòd Li a. E nan demach sa a, Jezi vle ede nou. Tankou L te fè pou Batime, L ap pase toupre lavi lavi nou. Lap tann sèlman nou envite L fè entèvansyon. E menm moun ki vle w rete nan sitiyasyon w ye a, dèfwa se yo menm menm Li itilize pou fè sèvi nan delivrans ou. Ak anpil imilite, pa ezite rele bò kotè Li : Jezi, Pitit David la, gen pitye pou mwen !

 

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 251
Publicité