Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
20 février 2021

Chanje kè nou, kwè nan Bòn Nouvèl la – Mak 1,12-15

Meditasyon pou premye Dimanch Karèm – B

 

 

Careme (4)

Frè m ak sè m yo, n ap viv nan yon tan kote, pitit piti, moun ap pèdi sans Bondye. Pou anpil moun, Bondye pa egziste. Mantalite sa k ap grandi a kòmanse gen yon gwo konsekans ; sèke, l ap mennen nou nan yon inyorans ki se inyorans egzistans satan. Pou anpil moun, ni Bondye, ni satan, se fwi panse nou. Epoutan, se pwojè satan sa menm : fè nou kwè li pa egziste. Pawòl Bondye pou premye Dimanch la vin raple nou, wi, satan egziste. Li reyèl. E sitou, li se premye e pi gwo lénmi nou, l ap entrene nou nan manti yon fason pou l genyen nanm nou. Li p ap dòmi, « l ap veye nou tankou yon lyon ki move, k ap chache moun pou l devore. » (1 Pyè 5,8). Se sa l te fè premye paran nou yo, se sa l t ap eseye fè Jezi, apre batèm Li nan larivyè Jouden an.

Legliz la, ki pa vle nou pran ou kontinye pran nan pyèj li yo, ofri nou tan Karèm nan pou nou kenbe tèt nou anplas, nan rete sou gad nou paske satan kontinye ap aji ; tantasyon yo toujou la. Paske li se kreyati ki kòwonpi, l ap chèche kòwonpi nou, nan chèche fè nou fè tout sa Bondye pa vle, nan chèche fè nou mete Bondye deyò nan lavi nou pou nou ranplase l ak lajan, pouvwa, plezi ; nan pa mete pye nou Legliz ; nan fè nou aji ak kò nou nenpòt kòman ; nan chèche vote lwa k ap sal diyite nou kòm moun e kòm pitit Bondye ; tankou lwa ki pèmèt gason panse e di se fiy yo ye (vice versa), lwa ki pèmèt nou fè lagè, lwa ki pèmèt nou detwi lavi ti granmoun yo ak moun ki malad grav yo (etanazi), lwa ki dakò entegre move bagay nan pwogram lekòl, ak anpil lòt ankò. Sak pi mal la, satan enspire nou lide ki nou fè konprann se pou byen nou ; e anpil fwa, nou dakò avèk yo. Se senpleman lè je nou louvri, nou kòmanse wont, nou avili, nou rann nou kont se nan yon antenwa satan t ap foure nou, li t ap lolo nou pou l lala nou.

Granmèt Jezi te fè fas ak tout lwa sa yo ki te parèt sou lòt fòm, e li te rapòte laviktwa. Se sa ki fè se sèl Li menm ki ka ede nou chape kò nou anba yo ; se pousa Legliz la envite nou gade Jezi, chwazi kan L nan, pou nou antre nan batay Bondye a. Se egzakteman sa Bondye vle pou nou. Li pa yon Bondye ki gen pwojè detwi sa L fin kreye. Sa k te rive sou tan Noye a, se te pou yon sèl fwa (Jen 9,15). E menm jan l te fè pou Noye ak fanmi li, li bay nou tout e nou chak yon ènyèm chans paske Li pa vle wè nou peri. Li vle nou sove. Men Li p ap fòse nou. Li sèlman envite nou « chanjè kè nou epi kwè nan Bòn Nouvèl la », nan lapriyè pi plis, nan montre plis renmen pou pwochen nou, nan fè penitans, nan resevwa sakeman yo.

Zanmi m yo, se chak jou, chak moman nou bezwen konvèti. Okenn moun pa ka di li konvèti, epi l ap tann Jezi retounen. Kovèsyon, se yon batay pou chak moman, paske, n ap redi l, satan p ap dòmi ! Se a chak segond l ap veye fèblès nou pou l jete nou plat atè ou fè nou bite. Men, nou pa bezwen pè, nou bezwen sèlman leve tèt nou gade Syèl la kote sekou nou ap soti (Sòm 121,2). Nan demanch sa, Pap Benwa 16 ban nou yon bon sekrè ; li di :

 « Lè lavi a vle lage nou plat atè, lè tantasyon yo vle kraze nou, se Pawòl Bondye a k ap pèmèt nou ranpòte laviktwa ak lè nou refize pwogrese nan manti. Se menm vrè pwojè tan Karèm nan : Koute Bòn Nouvèl verite a, pale laverite e fè laverite sou tout bagay ; pa ankouraje manti ki se yon pwazon k ap detwi limanite e ki louvri pòt pou tout lòt mal yo. Li nesesè, pandan 40 jou sa yo, pou nou rekoute Levanjil la, Pawòl Bondye a, Pawòl verite a, konsa, nan konsyans chak kretyen, nan konsyans nou chak, laverite a va pran plis jarèt e nou va viv nan li, nou va tounen moun k ap temwaye l (Odyans jeneral, 1 mas 2006).

Pitit gason ak pitit fi Bondye yo, nan kòmansman tan Karèm nan, li enpòtan pou nou gade byen si, wi ou non, nou vle konvèti tout bon vre. E si nou konvèti, pou konbyen tan ? Nan parabòl moun ki soti pou simen an (Mt 13,3-8), kilès nan grenn yo nou ye ? Ki move abitid nou deside divòse avèk li ? Kisa nou bay plis valè pase Bondye ki bay nou valè pase tout bagay la (Sòm 8) ? Men…, nou konnen byen li pa janm twò ta pou Bondye ; okenn moun pa janm twò lwen pou Li. Se pou sa Kris li a ap redi nou jodi a : « Chanje kè nou ; kwè nan Bòn Nouvèl la ». Ou menm, èske w tande vwa Li ? Si w tande L, pa fèmen kè ou !

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 807
Publicité