Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
20 juin 2018

Rekonesans.

Mesi Bondye, mèsi Papa o, ou fè nou kontan.

images

1.- Nou pat ankò la, ou tap sonje nou. Ou tap pasyone pou nou. Ou prepare plas pou n al viv ladan : ou te bzwen wè nou gen lavi.


2.- Ou chwazi yon dat pou nou chak te fèt, pou nou kontinye ap viv. Ou beni dat sa, ou mete l apa : se dat pou nou vin di ou mèsi.


3.- Ou triye nou chak pou nou batize, pou nou vin pitit kè ou. Jou batèm nou sa, se te fèt nan syèl : tout pèp la te wè jan ou kontan.


4.- ou rele nou chak, ou « pitit mwen, mwen vle pou w sanble ak mwen. Gade jan mwen bon, jan kè mwen devwe : konsa, ou menm tou, se pou w debyen »


5.- Lè n ape soufri, ou di : « Pitit mwen, Jezi te soufri deja. Met ansanm ak li, pran kouraj ak li » lè soufrans pase, se va gran fèt »


6.- Ou te fè tè a pou nou viv ladan, ak syèl la pou n al fete. Se nan fon kè ou devouman soti : fè kè nou devwe nan travay ou.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 549 443
Publicité