Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
23 juin 2017

Jan Batis, Sa nou t al gade nan savann nan

Jan Batis

saint Jean baptisant

 

O sijè Matye 3 ak 11,7…

 

Sa nou t al gade nan savann nan ?

Yon wozo van souke ?

Se pa yon moun avèk bèl rad swa ;

Se Jan Batis, mesaje Granmèt la.

Nanpwen pi gran pase l, li vi n anonse Jezikri.

 

1.- Se nan savann dezole Jan Batis viv pou kont li.

Rad li se yon po bèt ; manje l se ti bèt sovaj.

 

2.- Li batize moun nan dlo lè yo kite peche yo.

Li di : « Pare wout la, Sovè n prèt pou vizite n ».

 

3.- Li pale fò ak moun yo : « Chanje fason n ape viv.

Bondye prèt pou frape n ; li lè pou nou chanje kè n ».

 

4.- Nan anonse Bòn Nouvèl la, li mete sou Wa Ewòd.

Li di l : « Ou nan peche avèk madanm frè ou la ».

 

5.- Ewodyad pa bliye repwòch Jan Batis te fè l ;

li tann yon okazyon pou l fè Ewòd touye li.

 

6.- Yo touye Kò Jan Batis, y opa touye lespri li.

Tout sa li te konn di ap dire tout tan gen tan.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 807
Publicité