Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
23 juin 2017

Jan Batis, Ou ki tou piti…

Ou ki tou piti…

 

saint Jean

Ou ki tou piti, y ap rele w pwofèt Granmèt la

Wap mache devan l pou w pare chemen pou li.

 

1.- Gen yon moun Bondye te voye

Se te Jan yo te rele non l

Li rive pou l sèvi temwen

Pou l fè tout moun kapab gen lafwa (Jan 1,7)

 

2.- Jan Batis deklare byen fò :

“ Mwen pa Kris la, mwen pa Eli,

Menm pwofèt la nou t ap tann nan,

Se pa nan mwen pou nou vi n chèche l (Jan 1,19-21)

 

3.- Mwen se Pawòl Granmèt la (Jan 1,23)

Se zanmi Marye a mwen ye (Jan 3,29-30)

Mwen se lanp k ap klere chemen l (Jan 5,36)

Fò m disparèt pou l kapab parèt (Jan 3,30)

 

4.- Se Mouton Bondye a li ye

Li wete peche sou tè a (Jan 1,29)

Lesprisen an desann sou li (Jan 1,32)

Se li menm menm ki Pitit Bondye (Jan 1,34)

 

5.- Se nan dlo Jan te batize (Jan 1,26)

Pou l pare wout Lespri Jezi

Konpliman pou Bondye Granmèt

Li retire nou sot nan peche (Lik 1,68s).

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 547 209
Publicité