Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
22 mars 2017

Poukisa nou limen bouji nan Legliz la?

Bougies-icones

Cierge pascal 2017

Poukisa nou limen bouji nan Legliz la?

 

« Bondye ki te di ‘’ Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a’’ se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la ». (2Kor 4,6).

 

Lè nou limen yon lanpyon, oubyen yon balèn, oubyen yon chandelye nan Legliz la, se yon bagay ki gen anpil sans pou nou. Se poutèt sa, li difisil pou nou wè yon Seremoni (Lamès, fineray, batèm, maryaj, elatriye) ap fèt nan Legliz la san yo pa limen  limyè (natirèl). Men avan nou ale pi lwen, an nou wè kisa ki esansyèl nan yon bouji ki limen.

Nou pa ka pale de bouji oubyen balèn oubyen lanpyon, san nou pa pale de dife ; paske an reyalite, se pa bouji a ak balèn nan ak lanpyon an ki enpòtan, se dife a ak flàm li bay la….

Dife a, se yonn nan eleman primòdyal, premye lwa fondamantal, yonn nan eleman de baz lavi a. Nou sonje kijan nan refleksyon premye Filozòf peyi Lagrès yo, Milezyèn yo: Talès, Anagzimèn, Eraklit, Feresid de Siròs, tap reflechi, yo tap eseye twouve kisa ki te la avan tout bagay. Kèk ane apre, yonn nan pi gran filozòf tè a, Aristote, pral rezime tout tèz yo epi li pral di : « nou di se dlo, tè, lè ak dife ki te la avan tout bagay ; men pliske yo pa ka sibi okenn chanjman pa pouvwa yo menm, dwe genyen yon Koz premye… » o fon, li pa rejte doktrin 4 eleman yo.

Nan mitan 20yèm syèk la, gen gwo pwotorik gason, yon gran tewolojyen ki te viv antan l ap pratike lasyans, Pè Pierre Teilhard de Chardin, te di : nan kòmansman, se pat fwedi ak fènwa ki te la, se te Dife a, se sa ki verite a… Lespri kap brile a, premye Dife a ki te yon pèson… se Limyè ki te la avan tout tan an, ki pran anpil pasyans pou elimine tout fènwa nou yo.

Sa vle di, dife a, se sa ki kenbe lavi a, ki chofe l. Avan istwa a, sa nou rele pre-istwa a, lè moun yo te dekouvri dife, sa te pèmèt yo proteje tèt yo kont fwedi ak bèt sovaj yo. Se pousa, byen vit, li vin pran yon lòt dimansyon, li vin tounen yon eleman santral nan anpil rityèl.

 

Kounye a, ann wè byen vit kisa mo bouji a vle di.

 Se nan 14èm syèk yo kòmanse pale de bouji. Non bouji a soti nan yon vil nan peyi Aljeri ki te konn bay lasi yo itilize pou fè chandèl yo, menm jan ak mo Bib la (papye yo te konn itilize a, Papiris, soti nan yon vil ki te rele Biblos)… Mo sa a tou soti nan yon mo laten : « cera » ki vle di ‘’lasi’’. Nan epòk sa a, te menm gen konpayi ki fabrike bouji ki te egziste.  Misyon konpayi sa a, se te plonje mèch nan lasi a, lè yo fin fonn li. Mèch yo te toujou fèt an koton ak yon fil chanv.

Se Nòb yo ak Pè yo ki te konn itilize bouji sèlman ; paske yo te koute chè anpil. Yo te konn itilize bouji a pou kontwole tan (pat ankò gen mont). Yo te konn itilize l kòm senbòl yon ane fi fini (bouji sou gato anivèsè), kòm senbòl yon entimite (lè de moun ki renmen ap manje) ; li senbolize fèt (Nwèl). Jounen jodi a, mond lan evolye, konsa modèl bouji yo evolye tou ; se pousa nou wè yo fè yo koulè diferan ak fòm diferan ; gen nan yo ki pafume, epi tout moun gen aksè itilize yo.

 

Reyalite bouji nan Labib la

An reyalite, se depi avan 14èm syèk, avan menm envansyon bouji nou konnen jounen jodi a yo, yo te konn itilize fòm limyè sa yo. Ann wè sa pi byen.

Depi nan premye Tèstaman an, lè yo tap bati premye Tanp la, tout lapriyè te konn fèt ak lanp limen, tankou Granmèt la te kòmande sa (Exòd 25,37 ; 27,21 ; 40,5; 40,25 ; cf. 1S 3,3). Se poutèt sa, menm jan sa te konn fèt nan tan lontan, te toujou gen lanp ki limen nan tout seremoni nan Nouvo Kontra a.

Nan liv Travay Apot yo, yo rakonte kijan yon aswè, nan Lavil Troas, disip yo te sanble nan yon pyès anwo nan yon kay pou yo te kase Pen an (Sa vle di selebre Lamès). Te gen anpil lanp limen ladan l (Tra 20,7-8). Lè sen Lik, ki ekri liv Travay Apot yo, mete « Te gen anpil lanp limen », se pa paske lanp yo te sèvi pou klere chanm nan (li te deja di se te aswè, fòk te gen limyè… se tap yon pleyonas ; men pito pou sa yo vle di, pou sa yo siyifi.

Premye defansè lafwa yo, sa nou rele Pè Legliz yo « les Pères de l’Eglise », yo menm tou yo temwaye, yo bay sans limyè lanp ki limen nan Seremoni yo. Depi nan 2ème syèk, Tertulien te ekri : « Nou pa janm fè yon sèvis san nou pa limen lanp. Epoutan, nou pa itilize yo sèlman pou kouri dèyè fènwa lannuit yo – nou konn fè Sèvis tou lajounen – men nou limen yo pou nou fè sonje Granmèt nou Jezikri : Limyè ki sot nan Limyè. San li menm, nap mache san nou pa wè ki kote nap pran, menm si li lajounen ; se tankou nou te pèdi nan fènwa lannuit yo[1]».

Nan 4ème syèk, sen Jérôme rakonte kijan « Nan tout Legliz ki an Oriyan yo, yo limen bouji menm si li lajounen, lè yo pral li Levanjil yo. An verite, se pa pou yo kouri dèyè fènwa, men tankou yon siy kè kontan… konsa, gras a limyè sa yo, nou gen chans santi gran Limyè a, Sila yo pale nou de li a nan Sòm 119,105 la : Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote map met pye m, se yon limyè kap klere chemen mwen[2]».

Eusèbe, ki te Evèk nan lavil Sezare, rakonte tou kijan « Pandan mès Veye pak la, (Samdi Dlo benit la) kretyen yo te tèlman konn limen anpil anpil chandèl, lannuit la te sanble lajounen tèlman li te klere. Se chandèl ki te fèt ak lasi, tankou gwo balèn nou limen samdi sen yo, syèj paskal yo.

Nan 7ème syèk tou, Sen Sophrone, Patriach Jerizalèm, te ekri : «Gro balèn ki gen chèn yo, sa nou rele lanpadas yo, reprezante Limyè ki la depi tout tan an. Li vle di tou limyè ki klere kretyen yo, sen yo[3]». E, kòm dènye temwanyaj, sen Siméon, Evèk lavil Tesalonik, ekri depi nan 15ème syèk: “nou limen bouji devan ikón (imaj) sen yo, pou respè nou gen pou yo, poutèt bon bagay yo te fè e kap gide nou nan mond sa[4]

Lè fèt Pat, nan moman pwosesyon an, kretyen yo kenbe nan men yo yon balèn ki limen pou fè sonje medam yo ki te vini ak lanp yo limen nan kavo Granmèt la. Yo kite l limen jous nan chan ki anonse fèt Pak yo, sa nou rele Egziltèt la, chan ki gen kòm refren: Viv Jezikri ki leve byen vivan… chan sa ki tradui gran kè kontan ak viktwa nan Lespri a.

Nan Seremoni yo, lamès oubyen lapriyè, nou wè limen bouji sou Lotèl la. Bouji sa yo vle di Limyè ki la depi toutan an, tankou nou deklare l nan kredo, senbòl Nise-Konstantinòp la (Mwen kwè nan Jezikri, sèl grenn Pitit Papa a. li te la avan tout tan. Li se Bondye ki soti nan Bondye, Limyè ki sot nan Limyè…) Bouji sa yo reprezante Granmèt la, li menm ki rete nan yon limyè kote pèsonn pa ka pwoche (1Timote 6,16). Yo reprezante tou dife Bondye a ki detrui dènye malis kache nou yo, dènye peche nou yo.

Lè genyen Batèm, gen yon rit kote yo remèt fanmiy yo limyè a. Se yon siy ki montre kijan manman, papa, parenn ak marenn dwe leve timoun yo daprè lespri Levanjil Jezikri a. Nan transmèt yap transmèt yo limyè sa a, timoun yo va toujou mache nan lavi a, nan limyè Jezikri a e yo va kenbe fèm nan lafwa.

Sou Lotèl la, nou gendwa wè yon sèl bouji limen. Lè konsa yo pale de Monokerit. Yon sèl bouji limen vle di « yon sèl grenn Bondye ki genyen » ; jan nou di nan lang franse a « l’unité et l’unicité de Dieu ».

Nou gendwa wè tou yo mete 2 bouji kap limen. Yon doub bouji. Yo rele l dikeri. Dikeri a reprezante 2 nati Jezikri yo : Jezikri ki Bondye tout bon vre, Jezikri ki moun tout bon vre : vrai Dieu et vrai Homme.

Nou gendwa wè tou yo mete 3 bouji kap limen. Yo trip bouji. Yo rele l trikeri. Trikeri a se senbòl Trinite a: Yon sèl Grenn Bondye an 3 pèsonn: Papa ak Pitit la ak Lesprisen an.

Apre sou Lotèl la, nou konn wè yo limen bouji kèk lòt kote ankò. Konsa :

Bouji ki limen devan ikón Granmèt la ilistre deklarasyon sen Jan te fè nan Levanjill li a (1,9) osijè Jezikri : « Limyè sa a, se li ki Limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi kap klere tout moun ». An menm tan, li se Dife ki anpare nou epi ki mete lavi nan nanm nou ak nan kò nou.

Limyè ki limen devan manman Mari yo se yon senbòl paske li se Manman Jezikri, Limyè nou paka pwoche a. li vle di tou, renmen tout bon, san tach epi san pataj kap brule nan kè l pou Bondye ak pou nou menm ki se pitit gason ak pitit fi li.

Limyè ki limen devan ikón sen yo reflete boukan renmen yo gen pou Bondye, li menm yo te bay tout lavi yo pou li, li menm yo te kite tout bagay pou li yo, ata menm lavi yo, pandan yo tap viv sou tè a, tankou Apot yo, moun ki te pase mati yo, sila yo yo te touye yo, vyèj yo, ak anpil lòt ankò. Bouji sa yo vle di tou moun sa yo, sen sa yo se limyè kap klere pou nou, yo pote pou nou limyè pwòp lavi sentete yo, sa yo fè ki bon, priye yap priye pou nou san rete devan Bondye, lajounen tankou lannuit (Lèt pou Ebre yo di : sen yo se yon kouwòn, yon kantite nyaj temwen ki antoure nou; yap ankouraje nou jiskaske nou mennen batay k ap tann nou an (Ebre 12,1…)

Bouji ki limen yo la pou repranzante kouraj nou ak sakrifis nou fè, poutèt devosyon ak rekonesans nou gen pou yo paske yap lapriyè san rete pou nou devan Bondye. Yo la tou pou di nou kijan nou se limyè, kijan n ap mache tankou pitit limyè (Ef 5,8) ; kijan nou menm, pitit lajounen, nou pa moun k ap viv nan lannuit, nan fènwa (1Tes 5,5) epi, nan mitan fènwa yo, nou se zetwal kap klere nan mond la.

Depi lontan, te toujou gen bouji ki limen nan tout Legliz Òtodòks yo. Kretyen k ap viv selon lafwa Òtodòks yo limen bouji devan ikón yo kòm yon siy ki montre lafwa yo genyen epi espwa yo nan Bondye ki toujou pote yo sekou, chak fwa yo vire lespri yo nan direksyon li ak direksyon sen yo nan lafwa, pa lantremiz lapriyè yo.

Bouji yo, se siy renmen nou ak rekonesans nou anvè Bondye. Kretyen òtodoks tradiksyon Rus (Russe) yo gen yon ansyen abitid: chak vandredi sen, yo limen yon bouji; apre seremoni an, yo ale avèk li lakay yo. Konsa, ak flanm bouji a, yo trase yon siy lakwa anlè fetay pòt yo, yon fason pou yo sonje Soufrans Granmèt la epitou, pou yo, siy sa a se yon pwoteksyon kont fòs fè nwa yo (nou sonje lè Ebre yo t a kite peyi Lejip: Egzòd 12,7.12.13).

 

Kèk lòt temwayaj sou bouji

Nan tan Lavan, nou konn wè yo fè yon kouwòn ki gen 4 bouji, e chak dimanch, yo limen yonn. Kote sa soti ? E kisa sa vle di ?

Daprè kèk sous, kouwòn lavan an pa gen orijin li nan Legliz la ; sa vle di, se pa kretyen yo ki premye fè sa. Daprè sous sa yo, se yon tradisyon ki soti nan peyi Lalmay. Se nan 16èm syèk kretyen yo kòmanse adòpte sa.

Daprè kèk lòt sous tou, se yon pastè Legliz literyèn ki envante kouwòn Lavan an. Pastè sa a te rele Johann Heinrich Wichern. Li te viv ant lane 1808 ak ane 1884. Pastè sa a te konn fè ledikason timoun, paske li te renmen yo anpil. Se konsa li te fonde yon enstitisyon nan Rauhe Haus, toupre lavil Hambourd, nan yon vye jaden. Li te rele enstitisyon sa a « Misyon anndan nan Almay ». Ladan l, li konn akeyi timoun ki pòv anpil ; e li te konn pran swen yo.

Chak tan Lavan, timoun yo toujou ap mande l jis kilè Nowèl ap rive (Paske yap veye kilè tonton Nwèl ap pote kado). Se konsa, nan lane 1839, li fabrike yon kouwòn an bwa. Ladan l, li mete 20 ti bouji wouj epi 4 gran bouji blan. Chak maten, li limen yon ti bouji e chak dimanch pandan tan lavan an, li limen yon gwo. Se konsa li kenbe abitid sa, joustan yo vin rekonèt sa ofisyèlman nan lane 1860.

E se a pati ane sa kouwòn tan Lavan an vin ofisyèl la, ane 1860, yo kòmanse itilize branch sapen.  Kifè, depi nan kòmansman 20èm syèk, li vin tounen yonn nan tradisyon fèt Nwèl yo nan peyi Lalmay jiskaske anpil ak anpil lòt peyi vin antre nan bèl tradisyon sa.

Nan Legliz rit Òtodòks yo, yo te gen abitid mete plizyè kouwòn ki gen ladan yo 6 bouji, paske tan lavan yo a dire pi lontan. Se sa ki fè tou, yo di se nan Legliz Oryan tradisyon kouwòn Lavan an soti. Dayè, se Pap sen Gregwa 1er, ki mouri vè lane 604, ki te soti ak tan Lavan an an Oryan pou pote l an Oksidan. Nan yon desen yo fin fè nan lane 983, epi yo konsève nan bibliotèk Leta nan lavil Trèv, yo montre yon kouwòn Lavan sou tèt Pap Gregwa kap bay rezon teyolojik kouwòn Lavan an.

  

Kouwòn bouji Tan Lavan an

Gen plizyè fason yon eksplike sans kouwòn Lavan an. Gen moun ki di: kouwòn nan senbolize mond la, epi bouji yo reprezante 4 pwen kadinal yo. Gen lòt ki di, fòm touwon kouwòn nan senbolize lavi toutan an epi bouji yo vle di Limyè ki vini epi klere mond la nan lanuit Nwèl la. Eksplikasyon ki pi bèl e pi enteresan, se sila ki di kijan chak bouji yo reprezante, yo chak, yon etap nan delivrans mond la: premye a reprezante padon (adan ak Èv); 2èm nan reprezante lafwa (Abraham); 3è nan reprezante Kè kontan (David), epi 4èm nan reprezante kè poze ak jistis (pwofèt yo).

Yon lòt eksplkasyon ap montre nou kijan 3 premye bouji yo reprezante 3 vertu teyologal yo (la fwa, lesperans ak lacharite) epi 4èm nan reprezante lapè, Jezikri, Prens lapè a, ap pote…

Yon lòt eksplikasyon, explikasyon Legliz la, ap di nou tou kijan kouwòn nan - ki senbolize wayote ak mati - fè sonje Jezi ki se Wa epi ki te pase Mati; e 4 bouji yo menm, yo fè referans a 4 dimanch ki prepare fèt Nwèl la, pandan yo chak ap eseye eksplike lèkti yo fè pandan dimanch yo.

Premye a envite nou veye pandan nap tann Sovè a…

-          Dezyèm nan ap envite nou tande vwa Janbatis kap rele nan dezè a

-          3èm nan envite nou antre nan gwo kè kontan, paske Granmèt la toupre

-          4èm nan ap anonse nou gwo mèvèy Bondye fè pou nou, yon ti tan avan Sovè a fèt. Kanta flanm yo, yo senbolize lesperans, yonn nan 3 vèti teyologal yo.

 

Syèj Paskal la (Gwo bouji yo limen samdi sen, lè batèm ak fineray la)

Depi samdi sen tou, nan veye paskal la, jou nou abitye rele samdi dlo benit la, nou wè yo konn limen yon gwo balèn ki gen non ane nou ladan ak de lèt grèk, Alfa (А) ak Omega (Ω), premye ak dènyè lèt nan alfabèt grèk la. Gwo bouji sa, yo rele l syèj paskal. Li reprezante Jezikri, limyè kap klere mond la e kap kondui tout e chak batize nan Sous delivrans la pou yo ka, yo menm tou, vin tounen limyè nan mond la. Se pousa yo dekore l, yo ansanse l epi yo mete l yon kote ki rezève nan kè Legliz yo.

Limen syèj paskal, se yon pratik ki la lontan. Depi nan premye tan Legliz la, a Wòm, kretyen yo te konn gen abitid limen bouji yo nan syèj paskal la. Depi lontan, an frans, yo vin ajoute yon kwa nan syèj paskal yo ; yo te grave tou, premye ak dènye lèt nan alfabèt grèk la. Yo grave tou ane nou ladan l nan ant 4 branch kwa a. yo mete ladan l tou sen grenn lansan ak yon mòd klou ki fèt ak lasi ki fè sonje 5 kote Jezi te blese yo (2 pye l yo, 2 men l yo ak bò kòt li).

Objèktif tout bagay sa yo, se pou fè sonje kijan se Jezi ki kòmansman ak finisman tout bagay ; yo fè sonje kijan delivrans nou anglobe tout iswa nou ; yo fè sonje kijan se nan lanmò ak leve byen vivan Jezi Jezi ofri nou lavi pou toutan an. Se pousa yo kite l limen pandan tout tan Pak la, yon fason pou yo envite tout kretyen medite, reflechi, selebre kè kontan yo paske yo te plonje ak Jezi nan lanmò l, gras a beny batèm nan, e yo te leve byen vivan avèk li.

Lontan yo te konn etenn syèj paskal la jou Lasansyon an, yon fason pou montre kijan Jezi monte nan syèl. Kounye a, yo etenn li jou Lapennkot la. Poukisa ? Pa bliye Syèj paskal la, se pi gwo siy tan Pak la, epoutan tan pak la pa fini ak lasansyon, men ak Lapennkot. Epitou, litiji a pap jwe teyat, li ap fè sonje… Tan pak la la pou nou viv yon fason ki pi entans leve byen vivan Granmèt la epi, gras a fòs Lesprisen an, pou nou gen fòs al anonse l tout kote.

A pati de fèt Lapennkot la, yo etenn syèl paskal la ; men yo limen l chak lè gen batèm, yo remèt paran ak temwen yo li pou yo menm, yo remèt ti moun ki batize a li. Yo konn limen l tou bò kòt sèkèy, lè gen funeray, yon fason pou montre kijan se leve byen vivan Granmèt la ki bay lavi nou ni lanmò nou sans. Li fè sonjè tou kijan, depi jou dimanch Pak la, Kris la te ranpòte laviktwa sous fènwa lanmò a, epi li pataje ak nou limyè leve byen vivan l nan.

 

E nou menm…

Limen yon bouji pandan yon selebrasyon pa yon senp jès. Li vle di anpil bagay. Pou kretyen yo, li montre kijan nou renmen Bondye, sila nou adore a, sakrifis nou fè pou li ; an menm tan, gwo kè kontan ak viktwa Legliz la. Lè yon syèj, (bouji, chandèl) ap limen, li fè sonje Jezikri, Limyè ki pa janm etenn nan (Ap 22,5), li menm ki fè nanm tout moun ki te fè Bondye plezi kontan, yo menm kap pataje avèk li lavi san limit la.

Pa lantremiz 8 egzanp, sen Nicolas Velimirovic ap montre nou pou ki rezon nou limen lanpyon, bouji, ak balèn lè nap lapriyè…

Nou limen balèn paske lafwa nou se limyè. Jezikri di : « Se mwen menm ki Limyè kap klere tout moun sou latè. Moun ki suiv mwen va gen limyè kap bay lavi a. yo pap janm mache nan fènwa ankò ». (Jan 8,12). Se Limyè sila limyè nou yo fè nou sonje, li menm ki klere nanm nou an.

Nou limen limyè sa yo, se pou fè nou sonje lavi sen nou limen l devan l nan. Lè nou fè sa, se yon fason pou nou ka fè sonje kijan li tap mache sou tè a an pitit limyè. ; reyèlman vre, yo rele sen yo pitit limyè (Jan 12,36; Lik 16,8 ; Efèz 5,8) ;

Nou limen limyè, se yon fason pou yo repwoche nou pou tout aksyon nou fè nan fènwa yo : move dezi nou, move aksyon n yo ; epi, pou yo ka rale n mete n nan bon chemen limyè Levanjil la : yon fason pou nou degaje nou reyalize ak anpil devouman sa Granmèt la mande n fè : « Se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen nap fè yo, ya fè louwanj Papa nou ki  nan syèl la » (Mathieu 5,16) ;

Nou limen bouji, se yon fason pou nou fè yo tounen ti sakrifis nou nou prezante bay Bondye, li menm ki te bay tèt li nèt kòm sakrifis pou nou. Nou fèl tou kòm yon siy ki montre anpil rekonesans nou genyen anvè li, epi tout renmen nou gen pou Sila nou mande, nan lapriyè nou, lasante, delivrans, epi tou sa nou ka jwenn sèlman bò kote yon moun ki renmen san mezi;

Nou limen bouji, nan lide pou fòs fè mal yo kabap tèrifye ; fòs sa yo ki atake nou pafwa menm lè nap lapriyè epi ki fè nou fè lòt lide ki mete nou lwen Sila ki te kreye n nan. Malen an renmen fènwa, konsa li tranble devan tout limyè, yon fason espesyal, limyè ki limen pou Bondye e ki fè Bondye plezi ;

Nou limen bouji, se yon fason pou limyè a ede n pa mete enterè nou kote nou pa dwe mete l. menm jan luil la ak mèch la oubyen lasi a kap boule nan bouji a oubyen nan lanp la koube devan volonte nou ki limen yo a, se konsa tou nanm nou ap boule tou ak flanm renmen nan tout soufrans, nanm nou sa yo ki toujou soumèt devan volonte Bondye;

Nou limen bouji e yo fè nou konprann kijan, menm jan yo pa limen si nou pa deside limen yo a, se konsa tou, kè nou, ki se lanp anndan nou, pap konnen pou l limen san dife lagras Bondye ki sen an, menm si nou ranpli ak bagay kap fè nou aji byen. Paske, tout sa ki fè nou aji byen yo, yo tankou bagay ki kapab boule, men dife ki pèmèt yo boule yo soti nan Bondye ;

Lè nou limen bouji, se yon fason pou nou fè sonje kijan avan Bondye te kreye tout bagay, se limyè a li te kreye avan ; avan menm li te mete tout bagay nan lòd « Bondye di : se pou limyè a fèt, epi limyè a fèt (Jenèz 1,3). Sa dwe sèvi yon kòmansman pou lavi èspirityèl nou ; konsa, avan tout bagay, limyè laverite Jezikri a va klere nan nou. Se nan limyè laverite sa a tout bon bagay soti, bagay ki fèt epi kap grandi nan nou.

 

 Yon ti mo pou fini…

 Sa vle di, mezanmi, kontrèman a sa moun ap panse e di, limen yon bouji pandan nap selebre Lamès, oubyen lè nap lapriyè, sa pa gen anyen ki mal ; paske limyè a, se expresyon Limyè Bondye a, se expresyon Bondye ki se Limyè, Limyè ki klere tout mond la. Limyè a fè nou pran konsyans tou kijan, nan mond la, nou dwe mache an limyè, paske nou se pitit limyè. Limyè a senbolize laverite Bondye fè nou konnen an. Limyè a se siy kè kontan ak fèt. Flàm kap monte a monte ak lapriyè nou yo bò kot Bondye.

Depi nan Ansyen Testaman, premye Kontra a, nou te wè kijan yo te konsidere l nan tanp Jerizalèm nan kòm lye, kòm kote prezans Bondye ye : te gen yon grap limyè ki te gen 7 branch kote lanp ki fonksyone ak luil te toujou ap limen.

Poun fini, nap di ankò limen yon bouji pou nou lapriyè pa gen anyen ki mal. Okontrè, kalite demach lafwa sa a ale pi lwen ke sa nou ta kapab di : pa ezite limen bouji nou lè nap lapriyè, paske se yon jès remèsiman, politès ak imilite ; flàm nan, piti kou l ye, li pote lespwa, li pote mesaj, li pote lapriyè nou yo ale ; se yon gid kap chofe kè nou, lap rekonfòte nanm nou, lap ede nou kenbe lanp lafwa nou limen, dekwa lè Mèt nou tounen pou l pa jwenn nou ap dòmi, men nap veye ; konsa li pap janm ban nou sipriz tankou yon vòlè, okontrè la di nou, antre nan kè kontan Mèt nou.

 

 

Sources :

  1. Missel des Bénédictins de Saint-André, Hautecombe/Clerveaux, Bruxelles, 15 Oct. 1984
  2. http://stmaterne.blogspot.com
  3. http://orthodoxservices.blogspot.com

 



[1] Œuvres, 3ème éd., Kiev, 1915, p.76

[2] Traité contre Vigilantius, Œuvres, 4ème partie, 2ème édition, Kiev, 1900.

[3] Écrits des saints Pères, Saint-Pétersbourg 1855, vol 1.

[4] Œuvres, Moscou, 1916, p. 108.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 807
Publicité