Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
ad Iesum per hominem.-
Pages
Archives
26 août 2017

Estati yo nan Legliz katolik

Katolik yo pa sèvitè Bondye paske yo adore zidòl…

Père Emmanuel Fénélus

vicaire à Notre-Dame de la Délivrance

Fort-Liberté, Haïti

Statues

Chak fwa nou vizite yon Leglik Katolik, Legliz Òtodòks e menm Legliz Anglikàn ak prèske tout Legliz ki an Oryan, lè nou vizite yon lekòl, yon kay, yon espas ki se byen Legliz katolik, nou toujou wè kwa, èstati, imaj ak ikón ki dekore yo. Depi yon bon bout tan, bagay sa yo vin tounen sous yon pakèt diskisyon. Kilès ki pa janm tande kòman anpil moun ap kalifye Kretyen katolik yo, di se Idolat yo ye, paske yo gen èstati, ikón ak imaj anndan Legliz yo osinon lakay yo?

An reyalite, kesyon èstati yo se yon dosye ki fè anpil pale nan mitan kretyen yo. E tout lòt kretyen ki akize katolik yo kòm moun ki adore zidòl yo toujou fè referans sitou a vèsè sa yo nou jwenn nan dezyèm liv Labib la, Egzòd 20,4-5:

«Piga nou janm fè okenn èstati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè a ou ankò bagay ki anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Granmèt la, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki jalou…».

Lè nou li vèsè sa yo nan sans literal, sa vle di mo pou mo, san chèche konprann, li parèt klè, li parèt nòmal pou di Katolik yo se moun k ap adore zidòl. Se pousa tou, li enpòtan pou nou chèche mete vèsè sa yo nan kontèks yo, eseye bay yon eksplikasyon sou yo – ak kèk lòt vèsè ki sanble avèk yo (Sòm 81,10; Levitik 19,4 ; 26,1 ; Detewonòm 4,15 ; 27,15…) -; konsa, nou va gen ti limyè anplis k ap ede n chape anba move entèpretasyon yo.

Si nou ta vle pran vèsè sa yo nan yon sans strik, n ap sezi wè kijan sa ap bwouye nou, nan sans nou ta vle ede n konprann kijan si nou pa dwe fè okenn imaj : lanati a, foto nou fè yo pa egzanp, bèl mèb nou fè mete anndan Legliz yo pata bezwen egziste. E si se ta vre, nenpòt pòtrè, nenpòt èstati nou ta fè ta vle di nou se moun k ap sèvi zidòl, nou ta oze di (padone m Bondye) Bondye sèvi zidòl; paske se menm Bondye ki te di pa fè okenn reprezantasyon, okenn èstati… , se menm Bondye sa a, nan menm Liv la, 5 chapit pi lwen, ki pral kòmande Moyiz pou l fè èstati 2 cheriben an lò (Egzòd 25,18-21); raple nou: cheriben yo se kreyati nan syèl la yo ye.

Bondye di Moyiz fè èstati. E sa k pi bèl la, Bondye di Moyiz : « Se la (kote èstati cheriben yo ye a) ma toujou kontre ak ou. M ap rete anwo kouvèti a, nan mitan 2 zanj cheriben yo, ma ba ou tout lòd mwen gen pou m ba ou yo pou moun Israyèl yo » 

Se pa sèlman la Bondye mande Moyiz fè èstati. Nou sonje nan dezè a, lè pèp la tap pale Bondye ak Moyiz mal, Bondye voye yon bann ti koulèv nan mitan pèp la ; e chak moun koulèv yo mode, yo mouri. Lè pèp la rekonèt peche l, li lapriyè Moyiz e Moyiz mande padon pou pèp la. Kisa Bondye te fè ? Èske se ak yon pawòl li te geri yo ? Non ! Èske se krache l te krache atè epi l fè labou pou l geri yo, menm jan Jezi te pral fè pou nèg ki te fèt tou avèg la ? Non ! Se yon èstati koulèv li te mande Moyiz fè. Li di Moyiz, mete l kanpe byen wo sou yon poto ; chak moun koulèv pike, depi l gade sèpan an bronz la, li pap mouri (Al li bèl istwa sa a nan liv Resansman (Nombres) 21,4-9).

Kounye a atò, mande menm moun ki di Katolik yo adore zidòl yo, paske yo mete èstati nan Legliz la, « èske Bondye tou adore zidòl paske l te fè mete 2 nan tanp la? », y ap reponn, ak anpil kòlè : non, blasfèm, pa ranse avèk Bondye… epi, apre, mande yo : poukisa nou akize Katolik yo kòm moun k ap adore zidòl, y ap oblije fè silans, paske y ap oblije rann yo kont se nan ipokrizi yo ye.

Anplis, lòt bagay nou kapab fasil pou konstate : anpil fwa, gen kèk kretyen ki pran plezi yo nan retire yon vèsè nan kontèks li pou yo sèvi avèl nan enterè pa yo. Gen nan yo ki fè sa san yo pa rann yo kont; men gen anpil nan yo, se nan movèz fwa yo yo fè sa, nan lide pou yo simen latwoublay. Yo renmen site vèsè 4 ak 5 la, men yo toujou bliye vèsè avan yo. Se sa menm ki fè tout pwoblèm yo. Se sa ki fè, li enpòtan pou n pran vèsè yo nan kontèks yo pou n rive konprann kijan Bondye pa dakò nou konsidere estati yo tankou bondye, ni pou nou adore yo, san li pa gen pwoblèm ak reprezantasyon ak sans nou ba yo pou lafwa ak lavi èspirityèl nou….

Se la 3 premye vèsè ki kòmanse chapit 20 an enpòtan. Bondye pran pale li di : « Se mwen menm, Senyè a, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te èsklav la. Piga nou gen okenn lòt bondye pase mwen menm sèlman ». Se apre Bondye fi n di sa li ajoute : « Piga nou janm fè okenn èstati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou late a ou ankò bagay ki anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Granmèt la, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki jalou…».

Sa ki parèt klè, sèke Bondye KONDANE tout èstati, tout reprezantasyon, tout bagay nou pran pou bondye. Monsenyè Frantz Colimon t ap kòmante Sòm 16 la sou fòm chante, li ekri : « Bondye se eritaj mwen ! ». Nan kouplè 2 a, li eksplike nou danje ki gen si nou adore yo ; li di : « Zidòl yo k ap trennen sou tè a, yo pa gen pyès lavi nan yo. Sa k chèche plezi ladan yo, se soufri y ap soufri pi plis[1]». Pwofèt Izayi te gentan di sa : « Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k ap rele èstati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont » (Izayi 42,17). Sòm 115 la kontinye pou l di : « Bondye nou an, se nan syèl la li ye, li fè sa l vle. Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo paka santi… moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo (Sòm 115,3-8). Se menm sa vèsè 5 chapit 20 an te di nou klè : « Nou pa dwe adore bondye sa yo ».

Bagay sa yo, nou konnen yo trè byen. E se la kèk kretyen kapab twonpe yo paske nou pa adore èstati yo. Reprezantasyon nou fè yo, se moun nou konnen ; swa paske Bib la pale de yo, swa paske moun avan nou yo – oubyen nou menm tou -  te konnen yo, nou te viv avèk yo : yo te egziste tout bon vre e yo bay egzanp dapre jan yo te viv lavi yo, dapre jan yo te chèche aplike Levanjil la nan lavi yo.

Moun sa yo nou fè èstati yo pou reprezante yo a, yo reprezante anpil bagay pou nou. Yo ban nou kouraj pou nou kenbe lanp lafwa nou limen. Premye prefas fèt sen yo di : «Ou fe nou jwenn yon egzanp nan jan zanmi w yo te viv sou tès a. ou fè nou jwenn yon fanmiy, paske nou fè yonn ak yo, ou fè nou jwenn sekou, paske y ap lapriyè pou nou». Dezyèm prefas la kontinye pou l di : « Ou fè nou vin pi fò lè n gade jan lafwa fè Sen yo sèvi w temwen, e sa fè n wè jan ou renmen nou… nou di ou mèsi pou egzanp yo k ap chofe n, e pou priyè yo k ap ede n travay pou reny ou… ». Se favè sa yo n ap chèche nan men Bondye, lè nou mande Sen yo lapriyè pou nou. Lè nou reprezante tèl oubyen tèl Sen, se senpleman pou nou toujou genyen l prezan nan lespri nou. Menm jan ak foto nou fè lè n ap viv yon evénman nan lavi nou. Chak fwa nou gade foto yo, se pèmèt evénman an prezan nan lespri nou.

Dapre sa ki di, se sen Lik ki premye fè yon imaj sakre : Fas Granmèt la ki sen anpil la (menm jan l te parèt sou mouchwa Veronik la sou wout kalvè a). Nan premye tan Legliz la, yo te konn taye imaj (ikón), yo te konn fè desen. Desen sa yo te konn sèvi pou fè katechèz pou foul moun yo ki pat konn ni li ni ekri, menm jan yo te kon fè lontan lè n ap prepare n pou n fè premye kominyon ; menm jan jounen jodi a nou gen fim kretyen band-desine yo pou timoun yo.

Se sa Katechis Legliz Katolik la, nan nimewo 1192, anseyese nou : « Imaj sakre yo, ki nan Legliz nou yo ak anndan kay nou yo, yo la pou nou reveye epi nouri lafwa nou nan mistè Kris la. Pa lantremiz ikón Kris la ak zèv li yo ki delivre nou yo, se Kris la menm nou adore. Pa lantremiz imaj Manman Bondye ki sen an, Zanj yo ak Sen yo, nou venere moun yo reprezante yo. » Finalman, kisa nou ka di : lè nou bese tèt nou, lè nou venere yon èstati, se yon jès onè ak respè ; e jès sa a al jwenn, non pa èstati a, men moun li reprezante a.

Nan istwa Legliz, gen yon doktrin ki rele ikonoklasm ki kondane tout fòm venerasyon imaj sakre yo. Selon doktrin sa a, ki devlope pandan plizyè epòk, venerasyon ikòn yo idolatri. Se konsa, depi nan kòmansman Legliz la, kretyen yo t ap poze kesyon : « Èske li nòmal pou nou reprezante Kris la. Se konsa, te gen yon yon Pè Legliz la[i] ki te rele sen Jean Damascène, jodi a li se Savan sakre Legliz la, kanpe li di wi, pa gen pwoblèm ak sa. Li te di yon bèl pawòl ou kore sa li di a. Nan nimewo 1159 Katechis la, Legliz la reprann menm sa li te di a, e nou menm nou site :

« Pawòl Bondye a ki vini nan lachè a pèmèt nou fè tout sa nan Ansyen Kontra a ki te sanble yon mank respè pou Bondye. Lontan nou pat ka pèmèt nou fè Bondye ki pa gen ni kò ni figi. Kounye a li pèmèt nou kontanple l nan yon kò epi li te viv pami moun, mwen ka fè imaj sa m te wè nan Bondye a[2] »

Nan Legliz Katolik, nou pa venere èstati yo tankou yo te Bondye menm menm; sinon, nou ta kapab di kijan bese tèt devan moun, tout bagay, vle di adore yo. Nan Labib la, gen 2 vèsè ki ta fè konprann kijan pwostène rezève sèlman pou Bondye: nou vle fè sonje Lè Pyè te al kay Konèy; Kònèy lage kò l nan pye l, li bese tèt li byen ba devan l. Men, Pyè fè l leve, li di l konsa: Non monchè. Se yon moun mwen ye tou (Travay Apot yo 10,25-26) ; nou vle fè sonje tou nan Liv Apokalips, kote sen Jan te tonbe nan pye zanj la, men zanj la te kenbe l e li di l : se sèvi m ap sèvi menm jan avèk ou… (Revelasyon 22, 8-9). Nou vle nou rann nou kont, ni sen Pyè ni zanj la pat kouri dèyè Kònèy ak sen Jan paske yo te pwostène devan yo, men se paske yo te panse se dye yo te ye, yo te vle adore yo (menm jan, nan vil Lis, yo te pran Banabe pou Zeus epi Pòl pou Èrmès: Travay Apot yo 14,12) ; e sen Jan di sa menm (Apokalips 19,10; 22,8.9). Se poutèt sa, nan menm vèsè 10 la, Zanj la pral di li: Se Bondye sèl pou w adore.

Lòt bagay ankò, pwostène devan yon moun, devan yon èstati pa vle di nou adore l pou sa. Se pa yon krim : Abraram te pwostène devan pitit Èt yo (Jenèz 23,7). Jakòb te pwostène 7 fwa devan frè-jimo li Ezawou (Jenèz 33,3). Lè frè Jozèf yo te rive Lejip, yo tout te pwostène devan l (Jenèz 42,6) ; yo mete a jenou e yo pwostène devan l (Jenèz 43,28). Moyiz te pwostène devan bòpè l (Egzòd 18,7…) Tout moun sa yo, pa bliye, se zanmi Bondye. Anpil nan yo te menm konn pale ak Bondye.

Petèt gen mou ki kapab di : tout bagay sa yo pase avan Bondye te pase kòmandman an, wi, se vre, yo gen rezon… men, poukisa manman Salomon, Bètsabe, te mete ajenou devan David epi li pwostène devan l ? (1Wa 1,16.31) ; Poukisa Pwofèt Natan fe pwostène tou devan David ? (1Wa 1,23) ; anpil frè-pwofèt pwostène devan pwofèt Elize (2Wa 2,15). Poukisa tou Olofèn te pwostène devan Jidit ? (Jidit 14,7) ; Poukisa Nabikodonozò te pwostène devan Danyèl ? (Dn 2,46) ; poukisa David te pwostène devan Sayil ? (1Samyèl 24,9)… pou n site sa yo sèlman. Bagay sa yo rive apre Bondye te fin pase lòd pa fè sa nan Egzòd.

Egzanp sa yo montre nou aklè kijan lè nou pwostène, sa pa vle di nesesèman se pou adore ; li konn mafifèste tou yon jès respè. Sa vle di, nou pa bezwen pè pwostène devan imaj yon sen, MEN SE PA POU NOU ADORE L, ADORASYON SE POU BONDYE SÈLMAN.

Sa k pwoblèm nan, sèke menm si eksplikasyon sa yo bay, gen moun ki pral di : se vre nou wè moun pwostène devan moun, men nou pa wè kote moun pwostène devan lòt bagay, tankou èstati, pou yo onore yo… An nou wè kisa Bib la di.

Gen anpil moun ki pa rive konprann e aksèpte sa, men an reyalite, Katolik yo pa venere, onore, imaj la, men moun imaj la reprezante a.  Se sa k fè, onè a, se nan lespri nou bay li, nan panse nou. Nou te wè kijan Bondye te mande Moyiz pou li fabrike 2 èstati an bwonz, mete yo nan tanp la. Men nou potko wè rès koze a…

Bondye di Moyiz : « Se pou yo fè yon Bwat Kontra pou mwen, ladan l m ap rete nan mitan yo (Egzòd 25,8) ; se la m ap rankontre yo (vèsè 22). Pa bliye, Bwat Kontra a se te yon objè, yon reprezantasyon, e se Bondye ki te mande fè l.

Gade kijan lafwa Katolik yo fè bon menaj ak Bib la : « Jozye te si tèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè DEVAN BWAT KONTRA GRANMET LA. Li rete konsa jouk aswè, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Israyèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo. Yo rete konsa jiskan Granmèt la reponn yo epi mande yo pou yo leve » (Jozye 7,6…11)

Nou sonje tou wa David kijan li tap danse ak tout nanm li devan Bwat Kontra a… nan tout wout la, li menm ak tout rès pèp Israyèl la t ap fè fèt, yo t ap sonnen twonpèt (2Samyèl 6,14-15). Mikal, pitit fi wa Sayil la te kanpe bò yon fenèt t ap gade, te wè bagay sa, li meprize David ; David di li : « Se devan Granmèt la m ap danse pou m fè lwanj li pou sa li fè pou mwen ; e m ap toujou fè sa… (2 Samyèl 6, 21)

Nou wè byen kijan se devan yon objè David t ap danse, Bwat Kontra a, epoutan li di se devan Bondye li t ap danse ; paske li te konnen trè byen se pa pou Bwat la li tap danse, men pou Sila li reprezante a. Se menm bagay pou Katolik yo : nou pa pwostène devan Tabènak yo, Lotèl yo, èstati yo, mèb yo, skilti yo, men sa yo reprezante a ; e sa yo reprezante a, se nan lespri nou li ye. Mikal meprize David poutèt sa li t ap fè a, David modi li, li di l li pa gendwa fè pitit jiskaske li mouri (2Samyèl 6,23) ; paske li panse se David li tap fè rizib li, men, an reyalite, se Sila Bwat la rerezante a li tap pase nan betiz : Granmèt la.

 

ESKE NAN TANP JERIZALÈM NAN TE GEN IMAJ TAYE, IKÓN ?

Dezyèm liv istwa yo chapit 3 a 6; premye liv Wa yo chapit 6 ak 7, èspesyalman chapit 6 vèsè 18,23,29,35 ; chapit 7 vèsè 25,29,36 di nou kijan ni premye Tanp wa Salomon te bati a, ni palè li a te chaje ak desen, èstati zanj cheriben an bwa (skilti), pòtrè zanj cheriben nan tout miray yo, pòtrè towo bèf, pòtrè lyon… e Bondye te konplimante Salomon pou travay sa a. Li pat repwoche l pou imaj yo ak ikón yo. Li pat di Salomon: kraze èstati yo, brile ikón yo, efase imaj yo, apre w a konsakre Tanp la pou mwen. Non! Men li fè Salomon wè l ankò epi li di l: « Mwen tande lapriyè w la. Mwen mete Tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m tout tan. M ap voye je sou li, m ap toujou pwoteje l » (1Wa 9,1-3).

 

SA POU NOU KONNEN…

Rezon ki te fè Bondye defann pèp la fè reprezantasyon an fondamantalman kiltirèl, e li te pral gen konsekans sou lafwa pèp la nan Bondye. Pou nou konprann sa, nou bezwen al gade kontèks pèp Ebre a. Pèp sa pa tap viv lakay li. Lè yo te kite Kanaran, yo te anviron 70 (Jenèz 46,27). Nan peyi Lejip, kote yo t al rete akoz grangou, te genyen sa nou rele politeyis, yo te konn adore anpil fo dye. E chak reyalite te gen dye pa yo[3] :

  • Rê : gran dye sou pati Nò peyi a
  • Amon : gran dye tèb, nan pati Sid peyi a
  • Sèt : dye dezè a, lémi Oziris, frè li.
  • Anibis : dye mò yo, li gen fòm yon chakal
  • Maat : deyès jistis
  • Izis : madanm Oziris, manman Oris
  • Neftis : sè Oziris, madanm Sèt
  • Oziris : dye lavi apre lanmò
  • Sèkmèt : dye (fòm lyon) ki la pou kraze brize
  • Bès : ti dye kap veye anndan kay
  • Pta : dye ki kreye, patwon atizan yo
  • Babwen: dye ki gen fòm senj
  • Knoum: (fòm bouk kabrit) k ap veye sou gran larivyè Nil la, ki fèl pote limon kifè rekòt yo pouse
  • Tòt, ibis: dye moun ki konn ekri yo (Skrib yo)
  • Atò: deyès-manman bèf ki nouri e deyès mizik
  • Bastèt: deyès ki gen bonkè (fòm chat)
  • Sobèk: dye ki gen yon fòm kwokodil.

            Apre dye sa yo, ki se prensipal yo, te gen anpil lòt dye ankò nan peyi Lejip. E chak dye sa yo, yo te reprezante yo sou yon fòm : swa moun, swa bèt. Yo chak te pote yon mòd kouwòn ki distenge yo. Se nan menm peyi sa pèp Israyèl la pase pratikman 43o ane (Egzòd 12,40). Nòmalman, tout premye paran yo ki te fè ezsperyans ak Bondye Granmèt la te fin mouri. Yo pat konn ekri. Sa yo te konnen yo, se de bouch an bouch yo te aprann yo. Men, kilti Lejip la tèlman vin detenn sou yo, yo pratikman bliye sa papa yo te aprann yo, sof kèk grenn. Menm Moyiz, lè Bondye te rele l pou l voye l chèche pèp la, li te oblije fè edikasyon l.

Sa sipoze fasil pou konprann. Pran yon manman ki prèt pou akouche, ale avèl nan yon peyi etranje, kite pitit la grandi la, apre yon tan, tounen avèl, li pap gen menm mantalite avèk nou. Se nan fason moun peyi kote l grandi a ap viv li menm l ap viv. Se nan sans sa Filozòf yo di : « moun nan se fri kote l grandi a ».

Pèp Israyèl fenk kite peyi Lejip kote l pase 430 ane. Li pratikman pa gen idantite kiltirèl. E nou konnen relijyon an se yon eleman anndan kilti a. Bondye te konnen depi pèp la te fè yon èstati, yo te pral adore l, menm jan yo te gen abitid fè l nan Lejip la. Paske se yon pèp ki apèn ap (re) fèt. Se pou sa li te defann yo. Nou sonje sa ki te rive lè Moyiz t al resevwa 10 kòmandman yo. Arawon, prèt Granmèt la, tonbe nan idolatri. Li fè yon ti bèf ak lò, e yo adore l kòm bondye yo. Paske yo potko byen byen konprann zafè monoteyis la (Egzòd 32). Finalman, si se konsa, Katolik yo pa fè erè lè yo adore Kris la an espri e an verite, lè yo venere Sen yo nan panse yo antan y ap bay imaj yo onè ak respè yo merite.

Nou di sa, n ap redi l ankò, idolatri a pa rete nan èstati yo… moun ki di sa yo tèlman atake Katolik yo, pa gen tan pou yo wè si yo kache veritab zidòl yo : Lajan, telefòn, alkòl, dwòg, byen materyèl, move plezi… Sispann divise moun ak moun, sispann fè moun divize akoz kerèl imaj ak èstati ki nan Legliz. Ann chèche pito denonse pi plis toujou vrè zidòl yo, yo pi kòken e y ap pi twonpe nou pase èstati yo, sa yo Pawòl Bondye a denonse tout bon vre a. nou vle pale de :

  • Plezi lachè ki pèvèti nou, plezi egoyis yo, lè nou vin tounen èsklav yo (lè lachè a konvwate nou : 1Jan 2,16)
  • Lajan : lè li tounen mèt nou (Mamon : Matye 6,24, lè richès, byen latè konvwate nou, fè nou fè sa nou pa dwa dwe fè)
  • Pouvwa ak onè k ap pase (lè je nou konvwate nou).

v  San nou pa bliye sèvis n ap fè pou lespri pa wòp yo, lwa yo, eleman lanati yo : lalin, solèy, zetwal, fòs fènwa nou pa wè yo, lè n ap sere pou n al simen manje nan kalfou, devan Legliz, lè nou kwè nan oroskòp, rale boul bòlèt nan zetwal, vye relijyon okilt, sipèstisyon, manje lwa, fè majik… tout bagay yo se idolatri ak abominasyon devan je Granmèt la (Detewonòm 18,10-12).

 

Se sou donn pyebwa a yo rekonèt li (Lik 6,44). Avan nou kouri di Katolik yo se zidòl y ap sèvi, gade pou nou wè si lafwa nan Jezi, charite Kris, inik kòmandman an (Jan 15,12), kè poze a, beyatitid yo (Matye 5)… si bagay sa yo la lakay yo : pa kouri di yo se idolat, tanpri.

Pou nou rive di sa ki kòrèk tout bon, li bon pou nou sonje Bondye te konn manifèste l devan Pwofèt yo sèlman sou fòm imaj: Dife, Nyaj, Pyebwa ki pran dife san li pa brile, Bwat Kontra… Li pa janm montre l jan li ye a paske pèsonn pa ka wè Bondye pou l viv (egzòd 33,20). Lè li bezwen fè moun pa li yo wè li, li parèt devan yo sou yon fò m. Pwofèt Izayi te di: « Je m yo wè Wa a, Granmèt lame yo » (Isaïe 6,5). Pwofèt Ezekyèl te pwostène devan Bondye ; men èske se Bondye l te wè jan l ye a ? Non! Li te wè l nan fòm yon moun ki chita sou yon twón anlè cha yo; li pwostène sèlman devan yon fòm, men fòm sa a sete yon imaj. Bondye te wè sa te nesesè, se pou sa li pran fòm moun (Jan 1,14). Danyèl t ap gade toujou, lè li te wè Bondye ak anpil moun ki te kanpe devan l ki t ap sèvi l. Èske se jan Bondye ye nan tout mistè li li te wè l ? Non ! Men se sou fòm yon granmoun (7,9…14 : premye lèkti pou fèt Transfigirasyon Granmèt la).

Lòt bagay, sèke sa nou fè yo, yo menm jwenn eko yo nan lavi òdinè nou. Lè nou gade pa egzanp nan vil yo, nou wè èstati ; nou plakade pòtrè prezidan (ni sak pase ni sa ki la), foto fanmiy nou (ni sa ki mouri ni sa ki la)… ki fè nou sonje yo. Se menm bagay la nou fè, lè nou mete imaj ki reprezante Kris la, Lavyèj Mari oubyen Sen yo nan Legliz yo osinon lakay nou : yo fè nou sonje lavi yo ki sèvi nou egzanp, yo fè sonje Granmèt la, yo fè nou sonje nou gen yon gran fanmi èspirityèl k ap lapriye pou nou?

 

NOU REKONÈT SE PA TOUT KATOLIK E MENM KÈK LÒT MOUN KI KONPRANN BAGAY YO BYEN
 

Nou rekonèt, sitou nan peyi nou Ayiti, gen moun ki gen tandans konfonn bagay yo. Nou rekonèt gen anpil senkretis, sitou lè fèt patwonal yo. Gen twòp bagay ki pa pwòp ki fèt, anpil moun twò mal itilize èstati yo : yo gen tandans lye chak sen ak yon lwa[4]. Pa egzanp :

  • Jezi = Lenglensou
  • Manman Pèpetyèl = Èzili Dantò : Fanm nwa a ki gen timoun nan men gòch li ak men dwat sou pwatrin li a.
  • Sen Janbatis = Ogou: Timoun nan ak mouton an, li gen yon baton an bwa nan men dwat li.
  • Sen Jozèf = Loko Atissou: Nèg ki pote yon timoun nan men goch li ak yon branch flè nan men dwat li.
  • Sen Jak majè = Ogou : nèg ki sou chwal blan an, li nan lagè.
  • Sen Patrik = Damballah : Tigranmoun ki lonje dwèt li pou pase koulèv yo lòd la.
  • Sen Antwàn de Padou = Legba (rite Pétro): nèg ki gen yon timoun nan men l.
  • Sent Woz de Lima : Èzili freda : Fanm k ap bo pye Jezi a.
  • Sen Jòj = Ogou Fery oubyen Ogou Chango : nèg ki sou cheval k ap tiye dragon an.

Pou n site sa yo sèlman…

Nan sans sa, anpil moun enplike. Se pa sèlman Katolik ; dayè yon bon Katolik pap janm ale pi lwen pase rezon ki fè èstati yo la nan Legliz yo. Anpil moun mal itilize ni èstati yo ni imaj yo ni chaplè a ni meday sakre yo ni bag yo ni dlo beni an ni lansan an ni luil sen yo ni bouji yo. Gen de fason yo itilize yo ki pa gen anyen pou wè ak sèvis Bondye. Se sa ki fè li toujou bon pou toujou gen akonpayman ki fèt pou moun yo pa tonbe nan sipèstisyon. Nan koze sa, anpil fwa, rèskonsab Legliz la konn koupab ; nou rekonèt sa, paske :

  • Yo manke edike lafwa fidèl yo nan sans sa a
  • Anpil fwa yo atache twòp a èstati yo
  • Nou souvan jwenn plis èstati Mari pase Jezi
  • Gen moun k ap depanse milyon pou achte bagay ki gen rapò ak Mari alòske yo pa gen yon Bib.
  • Aprè dimanch (anpil moun vini paske yo abitye, anpil vini tou pou pè a pa pale nan tèt yo), ou pap jwenn fidèl vin Legliz fasil (nou ka verifye sa nan fèt Nesans Granmèt la ak kèk lòt fèt ankò ki tonbe nan jou nan semèn nan), men depi se pèlerinaj a Mari, ou pap gen kote pou met moun.
  • Pawas ki dedye a Mari yo sou gen plis moun pase lòt yo.
  • Nan magazen nou yo, nou jwenn anpil atik relijye ki konsakre a Mari, a Sen yo, men li difisil pou n jwenn yon Bib.
  • Lè n ap bay fòmasyon, nou plis ap defann olye n ap montre moun yo enpòtans bagay yo. Nou plis ensiste sou bagay sa yo olye nou ensiste sou mèvèy Pak la ; e poutan se sa ki ta dwe an premye nan bagay n ap preche.

 

Kifè la, bagay sa yo, ak anpil lòt ankò, tounen yon gran defi sitou pou rèskonsab  Legliz yo. E si nou pa chèche korije yo, pou moun yo pa ale twòp, pou pa gen eksè nan venerasyon èstati yo, ikón yo ak imaj yo, se nou menm k ap pote po kase a; e Bondye gen pou l di nou: Pèp mwen an ap peri paske yo manke fè ledikasyon l.

Kifè la, nou pa gen pou nou kondane èstati yo, ikòn yo, imaj yo, men nou wè nesesite pou nou chèche pirifye tout atachman ki ale twòp a tout bagay ki destine a kenbe lafwa nou, sa nou rele devosyon an. San nou pa rann nou kont, nou ka tonbe nan sa nou rele « fetich », nou ka vin gen yon konsepsyon majik de yo, menm jan anpil moun fèl la ; lè nou fè sa, nou pran èstati yo pou sa ejipsyen yo te konn pran yo a: bondye ; e sa ap tounen pi gwo èskandal pase jan yo tounen l nan.

Nan lèt sen Pòl ekri Tit la, li di : «Pou yon moun k ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou yon moun k ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak ak konnsyans yo fin pran nan sa ki mal la » (Tit 1,15). Kifè la, nou wè kijan nou pa pwostène devan yon skilti, paske jès sa a pa rete nan skilti a, li al jwenn Sa l reprezante a. Ann pran yon egzanp : si yon moun pran yon foto m, li agrandi l, li ankadre l byen bè l, li plakade l… kijan m ap santi m ? (M ap santi li banm valè) e si m rive lakay li, m wè foto nan yon poubèl, oubyen atè nan chanm li… kijan m ap santi m ? (m ap santi m deranje).

Konprann sa byen : mete ajenou devan yon èstati oubyen anbrase yon ikón pa vle di se zidòl n ap adore. Si nou mete ajenou devan yon diyitè, devan yon jèn fiy n ap mande maryaj, devan Bib la lè n ap fè lèkti ladan l, se pa adore n ap adore, men se jis yon siy respè. Menm jan an tou, lè nou anbrase foto madanm nou, mari nou, timoun nou, zanmi nou… nou pa anbrase moun nan lè nou anbrase foto a, men nou montre, nan jès sa a, respè ak renmen nou genyen pou moun sa a.

Kifè la, nou wè jès pwostène a pa rezève sèlman pou Bondye : nou ka pwostène devan sen yo ; nou sot wè sa. E finalman, nou ka fè reprezantasyon, nou ka fè imaj. E si sa pat posib, a kisa aparèy foto nou yo t ap sèvi ? Sa nou bezwen konnen, sèke Bondye se Sila ki premye fè imaj, lè nou konnen li kremye moun pòtre avèk li (Jenèz 1,26-27). Li fè pwòp imaj li nan Jezi, lè li te tounen moun (Jan 1,14) nan vant Mari ki Vyèj (Galat 4,4 ; Lik 1-2). Sen Jan di nou : « Bondye Papa a, pèsonn pa janm wè li » (Jan 6,46). Men Jezi di nou : « Moun ki wè m, li wè Papa a » (Jan 14,9) ; paske li se pòtre Bondye nou paka wè a (Kolòs 1,15) ; li sè limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye (Ebre 1,3).

Sa ki enpòtan, se pa chèche kenbe kèk vèsè pou n kenbe nan tèt nou san konprann; paske chak bagay ki di nan Bib la gen yon sans istorik (sa ki te pase nan yon tan), yon sens egzejetik (sa nou dwe chèche konprann), yon sans literal (sa ki ekri a, mo yo itilize pou ekri yo a), yon sans teyolojik (kisa Bondye mande nan sa k di a), epi parenèz (kijan nou dwe òganize lavi nou parapò a sa Bondye mande a).

 

KIDONK, AVAN NOU FÈ BIB LA DI SA L PA DI, LAPRIYÈ BONDYE, MANDE L LESPRISEN AN POU NOU KONPRANN…

 

 

Liv nou itilize nan kad reyalizasyon travay sa

 

  1. André Le Barzic, Israël au milieu des nations / Cours d’histoire biblique, 2004.
  2. Catéchisme de l’Eglise catholique, Centurion/Cerf, 1998.
  3. Laënnec Hurbon, Dieu dans le vaudou, haitien, Payot, Paris, 1972.
  4. Mgr Frantz Colimon (CENALI), Missel Romin I, Port-au-Prince, 8 décembre 1985.
  5. Mgr Frantz COLIMON, Les Saints et le culte rendu à eux, Revue Alternative, 123ème Parution, Grand Séminaire Notre-Dame, Haïti, Avril-Juin 2014.
  6. Monsenyè Frantz Colimon, N ap regle tout bagay an chantan, kominote Sent Mari, Pòtoprens, 2010.
  7. Roger Désir, Bib la ak Liv Apokrif yo, Societe Biblique Haitienne, 1993
  8. Saint-John Kauss, Le symbolisme des images et couleurs dans le vaudou haitien, in www.potomitan.info.
15 aout 2017, en la Notre-Dame de l'Assomption

[1] Monsenyè Frantz Colimon, N ap regle tout bagay an chantan, P. 18.

[2] S. Jean Damascène, imag. 1, 16 : PG 96, 1245A

[3] André Le Barzic, Israël au milieu des nations, PP 32-35.

[4] Saint-John Kauss, Le symbolisme des images et couleurs dans le vaudou haitien, in www.potomitan.info



[i] Pè Legliz yo se premye moun, apre Apot yo, ki te defann lafwa Legliz la.  Anpil nan yo se te Pap ak Evèk.

Publicité
Commentaires
ad Iesum per hominem.-
Publicité
Derniers commentaires
ad Iesum per hominem.-
Newsletter
Visiteurs
Depuis la création 548 807
Publicité