
MARI NAN ISTWA DELIVRANS LA - 1
(Moun ki te sèvi kòm lonbray Mari nan premye Kontra a)
Lè yon moun konvèti, li deside mache dèyè Jezikri e li antre nan Legliz Katolik, li twouvel anfas yon teyoloji maryal tou fèt, yon bann verite sou Lavyèj Mari ki te deja chita la ap tann li. Anpil fwa, moun sa a kapab dekouraje paske doktrin sa yo prezante l la konn parèt tankou yon bagay konsa konsa, tankou yon doktrin ki pa gen okenn rasin nan Labib la. Gen anpil moun konsa, e yo menm plis pase sa nou ta imajine : yo fè rankont ak...
[Lire la suite]